Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

321 - Koman W' Ta Vle Lyrics 2 years ago
[Intro]
Hummm yan yi yan yi yan yi yeeee
Hummm hum yan yi yan yi yan yi yeee
Yòw haha it’s Shaky Akgenlaaa
han han Yaya yaya yeiii yeiii

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)

[SHAKY]
E pa foli trap pa gen fòse
Fè w’ abandone like Bob-C
M’ap fè femèl la pote bouda ban m’
Because i’m a boss like Rozay
Depi m’ pran lari nigga m’ tou block’on gett
Hater pral sezi lè l’ wè m’ pull up n’on jet
Hou hou ou pa ka pa wè m’ paske m’ pull up an bèt
Real la pa ka gen fake konble n’on ti chanm n’ap fè krèy e n’ pa pou lari
Ban m’ rele Jerrymind Alo tonbe non a 2 3 pounani
N’ap drink e pa ti Some (thing)
Tande m’ ou pa ta ka di ke m’ pa puisan (menm menm)
Depi m’ jwenn 2 3 ti fanm
Ou mèt poze w’ pou w ka gade 2 3 threesome ( gang gang)

[F-Quake]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa fly high mind bout bagay
Kòman w’ ta vle pou m’ pa tchoup tchoup toute la night
Madanm ou dous anpil
Li renmen wè bous anpil
Li di mister lajan sal pou aswè a ke du sal vree
Li gade m’ k’on sous nan vi l’
Hennessy Jack Daniels
Marijuana nigga n’ pap ka nye l’
Lavi m’ te toutouni nigga m’ap abiye l’
Siksè m’ nan boul figi w’ pap ka bliye l’ (hum hum hum)
Di yo an beni ou echwe ti mal an ke kriye viktwa
Souverain suprême lan ki la k’ap gide mwen lè m’ap vire nan vil la

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)

[Rocker Fucker]
Chak jou m’ leve nigga m’ priye bondye
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless (blessing)
Chak jou m’ leve nigga m’ toujou byen fre
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex (flexing)
Jan fanm s’ap gade m’ la l’entèrese
Kòman w’ ta vle pou l’ pa next (sexy)
Depi madanm ou wè m’ bouda l’ tonbe souke
Kòman w’ ta vle pou l’ pa sex
Chak beat chak feat
chak kik s’on hit k’ap kuit
chak lirik chak kritik
chak ti klik chak ti flit
s’on bri k’ap twit (han han)
fan yo nève yo di m’ trè diferan
yo tout ta vle pou m’ ta nan tèt trap la
yo sèmante sou track m’ s’on ti frekan
yo tout ta vle pou m’ ta mèt trap la

[Topson]
Thanks god i’m blessed
Niggaz can’t test
M’ pa pè contest
M’ pa gen tan pou m’ plan chess
Gucci nan pye m’ koute kòb
Boule lè a tankou Job
I’m nice nigga men m’ pa kòkòb
Nan VIP nigga m’ap pran Blow Job
M’ renmen flex m’ renmen sex m’ renmen text bitch
Livrezon a domisil m’ renmen fè shit
Papa krèy papa crowdy chache cosme
I’m on my way y’ap chache text me
M’ pa gen èy ni lorèy lè m’ap fè streets
Tcheke m’ a Italien w’ap jwenn nou nan PV
Koman w’ ta vle pou m’ pa text madanm ou ETA
Pandan l’ text mwen nan IG li di l’ anvi koupe m’
Paparazzi ap veye m’ pou yo pibliye m’
Yo di m’ gen trop Babie Zuzu Dora k’ap supliye m’

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)
320 - Koman W' Ta Vle Lyrics 2 years ago
[Intro]
Hummm yan yi yan yi yan yi yeeee
Hummm hum yan yi yan yi yan yi yeee
Yòw haha it’s Shaky Akgenlaaa
han han Yaya yaya yeiii yeiii

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)

[SHAKY]
E pa foli trap pa gen fòse
Fè w’ abandone like Bob-C
M’ap fè femèl la pote bouda ban m’
Because i’m a boss like Rozay
Depi m’ pran lari nigga m’ tou block’on gett
Hater pral sezi lè l’ wè m’ pull up n’on jet
Hou hou ou pa ka pa wè m’ paske m’ pull up an bèt
Real la pa ka gen fake konble n’on ti chanm n’ap fè krèy e n’ pa pou lari
Ban m’ rele Jerrymind Alo tonbe non a 2 3 pounani
N’ap drink e pa ti Some (thing)
Tande m’ ou pa ta ka di ke m’ pa puisan (menm menm)
Depi m’ jwenn 2 3 ti fanm
Ou mèt poze w’ pou w ka gade 2 3 threesome ( gang gang)

[F-Quake]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa fly high mind bout bagay
Kòman w’ ta vle pou m’ pa tchoup tchoup toute la night
Madanm ou dous anpil
Li renmen wè bous anpil
Li di mister lajan sal pou aswè a ke du sal vree
Li gade m’ k’on sous nan vi l’
Hennessy Jack Daniels
Marijuana nigga n’ pap ka nye l’
Lavi m’ te toutouni nigga m’ap abiye l’
Siksè m’ nan boul figi w’ pap ka bliye l’ (hum hum hum)
Di yo an beni ou echwe ti mal an ke kriye viktwa
Souverain suprême lan ki la k’ap gide mwen lè m’ap vire nan vil la

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)

[Rocker Fucker]
Chak jou m’ leve nigga m’ priye bondye
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless (blessing)
Chak jou m’ leve nigga m’ toujou byen fre
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex (flexing)
Jan fanm s’ap gade m’ la l’entèrese
Kòman w’ ta vle pou l’ pa next (sexy)
Depi madanm ou wè m’ bouda l’ tonbe souke
Kòman w’ ta vle pou l’ pa sex
Chak beat chak feat
chak kik s’on hit k’ap kuit
chak lirik chak kritik
chak ti klik chak ti flit
s’on bri k’ap twit (han han)
fan yo nève yo di m’ trè diferan
yo tout ta vle pou m’ ta nan tèt trap la
yo sèmante sou track m’ s’on ti frekan
yo tout ta vle pou m’ ta mèt trap la

[Topson]
Thanks god i’m blessed
Niggaz can’t test
M’ pa pè contest
M’ pa gen tan pou m’ plan chess
Gucci nan pye m’ koute kòb
Boule lè a tankou Job
I’m nice nigga men m’ pa kòkòb
Nan VIP nigga m’ap pran Blow Job
M’ renmen flex m’ renmen sex m’ renmen text bitch
Livrezon a domisil m’ renmen fè shit
Papa krèy papa crowdy chache cosme
I’m on my way y’ap chache text me
M’ pa gen èy ni lorèy lè m’ap fè streets
Tcheke m’ a Italien w’ap jwenn nou nan PV
Koman w’ ta vle pou m’ pa text madanm ou ETA
Pandan l’ text mwen nan IG li di l’ anvi koupe m’
Paparazzi ap veye m’ pou yo pibliye m’
Yo di m’ gen trop Babie Zuzu Dora k’ap supliye m’

[Hook]
Kòman w’ ta vle pou m’ pa bless
Kòman w’ ta vle pou m’ pa flex
Ti fanm lan nèk wè m’ l’anvi ponpe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou m’ pa sex
Kòman w’ ta vle pou w’ pa just come
Kòman w’ ta vle pou m’ pa welcome
Ti manmi m’ te vle w’ men w’ t’ap pyafe sou mwen
Kòman w’ ta vle pou w’ pa Ex (2 x)
319 - An Kachèt Lyrics 4 years ago
[Intro]
Entre nous
Entre nous
[Verse]
M te panse l selibatè
Li di m li marye m di li m pa care
Li di m l pran feeling, lè m ap text li l febli
Epi li di m l pral bloke m m di l it’s not fair
Baby w te mèt pran m pou plan B
Devan chanm ou yo cheri m tonbe
E nenpòt lè misye ta ba w pwoblèm k ap domine w
Konnen mwen m ap toujou la honey pou m tande w
Pote tristès nan kè w se sa li plis fè w
Mwen m ap toujou la pou m satisfè w
Se mwen k ap anj gadyen w mennaj mistè w
Kite m pwouve w an sekrè cheri kijan m tizè w

[Pre-hook]
Si n ap f on ti soti n ap fè l an kachèt
N ap fon ti pa chat n ap fè l an kachèt
Yo di mari w jalou li fou li ka beng beng e l sansib a la gachèt

[Hook]
Moun pa bezwen konnen
Si g on relasyon k egziste entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou gen pil ti sekrè nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou konn fè ti lòbèy nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
M ap pwoteje w baby m ap pwoteje w

[Verse]
Si n ap fon ti soti fò vit machin nan ta fume
Fò n pa kite tras nou pap fè foto ni nou pap filme
N ap fè l an solo nou pap ekspoze pou n pa pran nan gwo lo
M konnen mari w jalou m pa vle l pouse kòn tankou toro
Menm foto w m pap like sou Instagram
Ni m pap fè comment pou m evite dram
Fò n pran prekosyon fò n evite pale ta nan telefòn menm si anvi tande vwa m
Ou renmen m m renmen w e se verite
Lasyosyete kondane enfidelite
Se desten k fè n kontre se pa yon aza
M panse nou dwe soude, nou dwe lite

[Pre-hook]
Si n ap f on ti soti n ap fè l an kachèt
N ap fon ti pa chat n ap fè l an kachèt
Yo di mari w jalou li fou li ka beng beng e l sansib a la gachèt

[Hook]
Moun pa bezwen konnen
Si g on relasyon k egziste entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou gen pil ti sekrè nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou konn fè ti lòbèy nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
M ap pwoteje w baby m ap pwoteje w

N ap fè ti soti – an kachèt
Pran ti plezi – an kachèt
N ap fè ti dezòd – an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy – an kachèt

[Keyboard]
Cheri jere bèl ou
M pral Mennen w danse afro konpa

Mwen prè pou mwen konble tout vid ki gen nan relasyon
Fè w pase bèl moman pou m ka fè w jwenn satisfaksyon

N ap fè ti soti – an kachèt
Pran ti plezi – an kachèt
N ap fè ti dezòd – an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy – an kachèt
[Keyboard]
293 - Game Over Lyrics 5 years ago
[Hook]
Lè w gade devan djaz la w wè
Tout moun ap vibe
Lè w gade dèyè djaz la w wè
Tout moun ap vibe

[Verse]
Pawòl la pale - hey hey
Nouvèl la pran lari – oh oh
Vayb la pral lage – hey hey
Jwèt la rekòmanse – oh oh
Yon ti moman nou ale fanatik yo panike
Sa k te gentan rete lakay yo di yo pap fè yon pa

Fanatik kap kriye lè yo wè n ale
Kounya tout moun soulaje

[Verse]
Lè yo wè n y ap rejwi
Yo pa konn ki sakrifis nou te fè
Pou nou sa rive – la la la
M tande vwa pèp la k ap kriye k ap mande
Pou vayb la oh pou vayb la

[Hook]
Lè w gade devan djaz la w wè
Tout moun ap vibe
Lè w gade dèyè djaz la w wè
Tout moun ap vibe
[Keyboard]
Tcheke
It’s about that time

Depi m fè sa mwen foure bouch mwen
Jwèt la move, jwèt la mare
Ti gason leve pye w

Wap pale tenten ou pa sou anyen
Aprè pou w plenyen
Game over, game over
Ou vle atakan, ou kanpe devan
Plas ou se sou ban
Game over, game over

Depi m fè sa mwen foure bouch mwen
Jwèt la move, jwèt la mare
Ti gason leve pye w

Wap pale tenten ou pa sou anyen
Aprè pou w plenyen
Game over, game over
Ou vle atakan, ou kanpe devan
Plas ou se sou ban
Game over, game over

[Keyboard]
Tcheke

MG is back, back on his act
All y’all fake front men take a step back
Stay in your lane watch a pro at his game
Vayb, We putting y’all suckers to shame
It’s been a long time coming but the wait is over
Now Noldy take over

NYC Miami the wait is over
Now Vayb is here the game is over
Canada Martinique the wait is over
Now Vayb is here the game is over
Boston, Paris, ladies

[Guitar]
Game over

Ou po ko pare – pou Vayb sa
Pare – pou Vayb sa
Ou po ko pare pou vayb sa

Pa mande m, pa mande m
Lè fanatik mwen ap vayb pa mande m ki sa mwen fè
Sanble w kòkòy

Tout Haiti ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
New York city ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
Les antilles ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
Moun Paris ap vayb – y ap vayb, y ap vayb

Pa mande m, pa mande m
Lè fanatik mwen ap vayb pa mande m ki sa mwen fè
Sanble w kòkòy

Yo di moun Boston ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
Miami ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
Nouvelle Caledonie, La Reunion cheri n ap vini
Y ap vayb, y ap vayb
Tout kote ap vayb – y ap vayb, y ap vayb
Tande non – y ap vayb, y ap vayb

[Guitar]
Game over

Wap mande m wap mande m
It’s already too late
Game over
292 - Fo'm Alé Lyrics 5 years ago
[Intro]
Hey

[Verse 1]
Fò m ale m pa wè solèy ankò
Tout fle yo fane
Yon ti soufle yo tonbe san fè efò
W di w se limyè mwen
Poutan m pa wè devan m ankò
M mande èske se mwen
Paske tout sa nou fè nou pa janm dakò

[Pre-chorus]
Si w renmen mwen jan m renmen ou
Pouki lè m avè w mwen santi mwen vle fou
Sa fè m reyalize

[Chorus]
Fò m ale (3x)
Si m ret avè w ou ka detwi lavi m
Fò m ale (3x)
Mwen menm avè w nou pa gen avni

[Verse 2]
Cheri m fatige, mwen bouke fè efò
Jwèt la gate
M santi batman kè m pou ou pa menm jan ankò
Donk sa deranje mwen
Paske nou pa sou menm akò
Men m si mwen konnen
Kontra mwen te gen avè w
Se jisk a lamò

[Pre-chorus]
Si w renmen mwen jan m renmen ou
Pouki lè m avè w mwen santi mwen vle fou
Sa fè m reyalize

[Chorus]
Fò m ale (3x)
Si m ret avè w ou ka detwi lavi m
Fò m ale (3x)
Mwen menm avè w nou pa gen avni

[Bridge]
Tout bèl pwomès nou fè
Tout bèl moman n pase
Jodya n ap soufri
Lanmou sa a pa ka fonksyone
Tout sa nou eseye
Anyen pa janm chanje
Sa pa kap mache

[Guitar]
Pa anmède m (2x)
Kite m vayb
Oh oh, heyo heyo

[Chorus 2]
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w cheri l ka pa bon pou mwen
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w baby l ka pa bon pou mwen

[Verse]
W konnen m vle tout sa ki bon pou ou
W konnen m pap janm mande mal pou ou
Pito m ale
M eseye fè tout bagay pou ou
Men m wè se manti n ap bay tèt nou
Pito m ale

[Chorus 2]
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w cheri l ka pa bon pou mwen
Cheri l pa bon pou mwen
Si m ret avè w baby l ka pa bon pou mwen
[Keyboard]

Nou nan lari
La pa la m ankò
Cheri mwen fò m ale, fò m ale

[Chorus]
Fò m ale (3x)
Si m ret avè w ou ka detwi lavi m
Fò m ale (3x)
Mwen menm avè w nou pa gen avni
297 - Ou Sou Tchek Lyrics 5 years ago
[Intro]
O o o o

[Verse 1]
Depi dèyo m ap gade w
Tande w plenyen pou sa k rive w
Nèg ki twonpe w
Èske si m pale avè w (tanpri reponn mwen cheri)
Aswè a m vle w konnen
M pap kite bal sa a sa n pa men nan men

[Chorus]
Yon premye fwa ou di m – non non
Sa pa deranje m
Yon lòt ou di m – non non
M ap kontinye tcheke
Pouki ou di m – non non non
Non non non non
Cheri

[Verse 2]
M ap gade w, w ap gade m
Tèt ou f on bò
Jan w ap karese cheve w la
Ou genlè ban m bò (e e)
Si m pale avè w reponn mwen non (e)
Tanpri soupli pa di mwen non
Aswè a m vle w konnen
M pap kite bal sa a sa n pa men nan men

[Chorus]
Yon premye fwa ou di m – non non
Sa pa deranje m
Yon lòt ou di m – non non
M ap kontinye tcheke
Pouki ou di m – non non non
Non non non non
Cheri

[Bridge]
Cheri li pa ta pi grav ke sa
Yon okazyon de plis, pito w wè l konsa
Aprann renmen on moun
Pouki w pa vle di m sa w vle
(Cheri pale avè mwen)
Si w pa sou sa, men si w pa sou sa
Ou genlè poko sou sa

[Keyboard]
Wo o o o (3x)
E e, e e (6x)
Wo…

[Hook]
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w abiye k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk
Cheri w g on jan w danse k fè m fou
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w pale k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk, ou sou tchèk

[Verse 3]
Pou jan m konnen m gason
Cheri w mare nanm mwen
Ou gen on jan w fè m anvi kole
M degaje tèt mwen
Pou jan m konnen m frekan
Ou tòde m kou sèpan
Franchman m poko wè kijan w pran nan
Mwen jis rete m patan
Wo…

[Hook]
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w abiye k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk
Cheri w g on jan w danse k fè m fou
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w pale k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk, ou sou tchèk

Ou genlè poko sou sa

[Keyboard]
Wo o o

[Outro]
Depi lè w rantre a – ou sou tchèk
Ou g on jan w abiye k fè m fou
Depi lè w parèt la – ou sou tchèk
Cheri w g on jan w danse k fè m fou
291 - A Mwatye Lyrics 5 years ago
Intro]
O o (2x)
Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m
Ooo

[Verse 1]
M ap gade, gade kijan ou ye
Kijan ou transfòme
Men m pa konn si w ap toujou la
Sa n pase, sa n andire
Move tan kou bèl eksperyans
De souvni ki fè m pa santi m ka rete lwen w
M santi avni m avè w pi asire (asire)
Ou se poto mitan ki kore m (kore m baby kore m)
Depi ou la, mwen toujou ap souri
Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete

[Verse 2]
Ou rantre nan lavi mwen
Ou gate mwen
Nan yon moman, yon ti bout tan
Ou ranje mwen, fè m santi m byen
Mwen pare pou m fè w konfyans
Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m
M santi avni m avè w pi asire (asire)
Ou se poto mitan ki kore m (kore m, baby kore m)
Depi ou la, mwen toujou ap souri
Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete
Rete bò kote m, wo o

[Keyboard]
Ha ha ha
Pa sezi, pa sezi
Men nou wi
Bebi mwen pap pran l a mwayte

[Chorus]
A mwatye pa janm dire
Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye

A mwatye pa janm dire
Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye

[Verse 3]
Mwen pwomèt nou kapab viv pi byen
Pa oblije nan plenyen
Se tout ou menm mwen vle w pou ban m
Sans je retiens
Nou ka viv kou de selebrite
Nou gen potansyalite
An nou sispann jwe ak desten n
Pa fè tèt di cheri

[Chorus]
A mwatye pa janm dire
Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye

A mwatye pa janm dire
Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye

[Verse 3]
Mwen pwomèt nou kapab viv pi byen
Pa oblije nan plenyen
Se tout ou menm mwen vle w pou ban m
Sans je retiens
Nou ka viv kou de selebrite
Nou gen potansyalite
An nou sispann jwe ak desten n
Pa fè tèt di cheri
[Keyboard]

[Horns]
E e fèt lage
Nou pran lari a
Pye goch, pye dwat
N alèz ak tou de…ha ha
Cheri l pap bon konsa non

[Verse 4]
Si w aksepte
An verite mwen sèmante
Pou ou m ap toujou ye
Si ou ta vle
Ban mwen kè ou tout antye
Mwen pwomèt ou, n ap dire

[Hook]
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye
(Mwen sèmante ke kè w pap janm brize)
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye

[Verse 4]
Si w aksepte
An verite mwen sèmante
Pou ou m ap toujou ye
Si ou ta vle
Ban mwen kè ou tout antye
Mwen pwomèt ou, n ap dire

[Hook]
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye
(Mwen sèmante ke kè w pap janm brize)
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye

Cheri se tout tout tout tout pou m ta genyen

[Guitar]
Ha ha ha ha ha
Matematik sa a pa fè sans non la a
2 plis 2 egal 1
Cheri w ap ban m tout
Ha ha ha ha ha
M pap pran a mwatye non papa
296 - Ou Pa Nan Plas Mwen Lyrics 5 years ago
[Hook]
Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

[Verse 1]
Pa kwè w te janm reyalize
Tout sa m t ap andire pou relasyon nou te mache
Pa kwè w te pran tan w pou panse
Pou te analize nan vi w sa m te reprezante
Cheri m te toujou vle pou m fè w plezi
Depi m wè w ap souri, zafè m pito soufri
Pou pa mouye, m konn sèvi w parapli
San dra m pito dòmi pou ka byen kouvri

[Hook]
Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

[Verse 2]
Pwoblèm lavi vi n ap kale m
Tout tan l ap sabote m
Pa g on kote pou m abrite m
Olye pou ou ta sipote m
Ou kontinye ap egzije m
Lè wè m pa kapab ou demake m
Nan pi vye tan nan lavi m ou ban m do
W ap ban m tout vye defo
Santi m pran yon gwo so
M pa ka reponn ak egzijans ou yo
Kounya w ap di m pa t vo
Repwòch tounen kado

[Bridge]
Mwen pa t jan m genyen w
Se ou k te genyen m
Avè w m tap prepare
Mwen panse n te ka g on demen
Ou ogmante chagren m
Ou pat jan m renmen m
Lè se mwen k malad, men pouki se ou ki al kay medsen

[Keyboard solo]
O o o o
Cheri o o
Cheri w pap janm santi doulè mwen
O o o o
Mwen pap janm bliye

[Chorus]
Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson
Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason
M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m
Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m

[Verse 3]
Lè yo mande w pou mwen
Ou pa janm bay verite
Se mal ou plis pale, chita voye monte
Mwen se pi vye bagay, pa gen okenn bonte
Pouki se pou pi bon w ap eseye pase

[Chorus]
Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson
Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason
M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m
Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m

[Verse 4]
Èske se la wonte k ap fè ou depale
Mwen vin konn janm pa t bon, se jis lè nou kite
Menm lè manje w pa t gou, m pa t janm di li sale
Pa kritike m k ap vayb, lè kay ou pa bale

[Keyboard solo]
O o o o
Cheri w pap janm santi doulè mwen
O o o o
Cheri ou pa nan plas mwen

[Hook]
Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen
301 - Kokorat Lyrics 5 years ago
[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Pale avè m (2x)
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Ou ki gen pwojè ki gen kòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
Pale avè m (2x)

[Verse 1]
Mwen la chak jou m ap gade
Pyeton k ap pase, machin k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
Sivil k ap pase, leta k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
DG k ap pase, ONG k ap pase
Mwen la chak jou m ap gade
Sirèn k ap pase, leswpa k ap pase
Men pèsonn pa mande m kisa m ap fè la


Bonjou sa k vle koute
Non pa m se kokorat
Silvouplè

[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Pale avè m (2x)
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Ou ki gen pwojè ki gen kòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
Pale avè m (2x)

[Verse 2]
Chak jou m leve m al chache manje
Nan poubèl nan peyi a, nan fatra nan peyi
Si lameri t ap ranmase fatra
Se mwen l t ap ranmase avan kò m dechè nan peyi a
Wi mwen se kokorat la
Rat ki pa gen moun k ap panse pou li a
Wi mwen se kokorat la
Dwadelòm ap pale de li a
Men pèsonn pa mande kisa m ap fè la a
Afè sosyal, reponn mwen souple
[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Pale avè m (2x)
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Ou ki gen pwojè ki gen kòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
Pale avè m (2x)

[Verse 3]
Twal gaz mwen nan menm m ap siye machin bòs mwen yo wi
Sa k desann vit yo pou ban m senk goud, respè pou yo wè
An atandan m ap li Atik 22 nan paj 13 Konstitisyon 1987 la
An atandan m ap tann politisyen
M ap viv nan mitan asyèt katon ak chyen
Mwen pa fyè de tèt mwen
Mwen pa renmen jan mwen ap viv
Men yo mande m demelegèt mwen
Fò m bwase moun pou m siviv
Mwen reprezante yon danje pou tèt mwen ak tout peyi a
Men genlè otorite yo pa wè sa
Yo kontate ban m 1000 goud pou m bloke lari
Men pi devan se yo m pral bloke si yo wè sa
Èske yon jou lavi m gen pou chanje?
Èske yon jou m ap viv ak diyite?
Èske pitit mwen se la l pral leve?
Èske, èske?
[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
[Hook]
Èske se ou ki sovè a?
Ou ki vin wete m nan kras la?
Èske se ou ki liberatè a?
Pale avè m (2x)
Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la?
Ou ki gen pwojè ki gen kòb la?
Èske se ou k vin retire m nan lari a?
Pale avè m (2x)
[Outro]
Dwadelòm se konsa l rele
Lamayòt pou timoun fwonte
Pale avè m (2x)
295 - One Night Stand Lyrics 5 years ago
[Intro]
Ou na na na

[Verse]
Nou tou de te dakò
Ke se yon moman sèlman nou te vle pase
Ke nou pa pral nan renmen
Just for one night
Se pat bagay serye l ye
Nan yon program nou te kwaze
Mwen just mande l fè on ti danse
Nan ploge nou vin sou sa
F on deplase pou n fini sa
Antre nan chanm dezabiye
Mwen pase on moman mwen pap janm bliye
Li pran tèt mwen depi lè sa
M panse avè l matin midi swa

[Hook]
One night stand
Se kondisyon sa ki te pase
Just one night stand
Avan tout bagay te kòmanse
One night stand
Pat panse ke se te on siwomyèl ke mwen tap pral goute
Just one night stand
One night stand

[Verse 2]
Cheri m santi m trakase paske on sèl sware pat ase
M still ap chèche m pa kache w
Sou kadann nan ou sèl m ap chèche
Fanm ki tankou w la m poko wè l la
Bel dash, bèl architeki kòporel la
Ti vant ou plat tete w doubout
Ti bouch ou dous tankou se siwomyèl la
M anvi rekòmanse, m anvi rekonpanse w
Fè w des bagay ki pou gate w
Ki pou ret nan panse w

[Hook]
One night stand
Se kondisyon sa ki te pase
Just one night stand
Avan tout bagay te kòmanse
One night stand
Pat panse ke se te on siwomyèl ke mwen tap pral goute
Just one night stand
One night stand

[Keyboard]
Zonbi goute sèl papa
li pa mande rete
Ou zonbifye m

Oh oh oh
Cheri w ale, w ale nèt

Yon sèl nwi pa sifi
M vle genyen w pou lavi
Fanm sa pran tet Roody ak Mickael
Mezanmi se pa ti scenario
Koute mwen ti cheri
Kap di w di mil tanpri
Lè w tande mizik sa nan radio
Just konnen se pou ou m ap flow

M sonje - ti souf ou nan zòrèy mwen
M sonje – dousè men ou sou kò mwen
M sonje – souplès bouch ou sou po mwen
M sonje – tout moman sa yo manke mwen

[Keyboard]

[Outro]
M sonje - ti souf ou nan zòrèy mwen
M sonje – dousè men ou sou kò mwen
M sonje – souplès bouch ou sou po mwen
M sonje – tout moman sa yo manke mwen
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist