Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

11 - Lajan sere Lyrics 6 years ago
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dako

M di alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini blofew

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…
239 - Only For You Lyrics 6 years ago
Verse 1]
People search the world to find love, but it’s so easy to give up
But I know patiently waiting, praying for you
Has only prepared us now for what we have
You’ve earned all my trust, gave all I’ve been missing
I’m lucky to feel this way cause we live in a world that needs love
I’ve found it and I’m holding on to you

You…

[Hook]
Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Verse 2]
Yon lanmou ki fè m satisfè, se yon kado ki sot nan syèl
M konnen se pa de priye n priye pou sa
Mwen pa regrèt yon jou, menm yon segond

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Bridge]
Mwen vire latè tèt anba pou m jwenn yon moun ki fè kè m bat
Jwenn nanm ou, pa gen anyen mwen pap fè pou li

Only for you…

[Keyboard solo]
Oh oh

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]
Oh oh

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you
228 - Konfye ak Mefyans Lyrics 6 years ago
Mwen l'éternel optimiste,
Mwen fini pa aksepte
Nan lavi fòw pran prekosyon,
Ou pa dwe livre kè'w bay tout moun.
Peut être ke se naïveté,
M'toujou kwè nan franc parler,
Bay tout moune bénéfice du doute,
M'panse nou tout te konprann ke,
La confiance est elementaire,
Se yonn nan première notion
Qui regit la loi de l'amitié
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te di’l en confidence min’m si’n pa zanmi anko.

[Koral]
Nan toute type relation fok gin konfyans li gratwi (2X)

Nou pa vle egzajere
Men se yon reyalite
Tôt ou tard nou tout afwonte
Danje 'k gen nan fè noun konfyans
Pa juje moun sou karate w
Gen de prensip de base ki ta supoze sacré.
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te dil en confidence menm si'n ta vin dos à dos......

Sa pap riven anko
Pou yon moun dil zanmim
Poum ouve kem ba li
Les hommes trop pa sincere
Gen sa ki konn jure
Yo se pi bon partnew
Yo menm poze des actes
Ki few fe yo konfyans

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a San pou San (2X)

Sa pap rive’m anko
Kite fe beau diskou fe’m panse yon moune sincere
Pandan lap pran’m sou plan
Wa pe plenyin ave’m le moune fe’m sak pa sa
Epi se ou min’m min’m kap pwoyade’m nan do

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a 100% (2X)

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an
262 - Lanmou Ou Lamitie (Fruit Defendu) Lyrics 6 years ago
Mwen ta renmen di'l kijan m'ap soufri
Kijan mwen anvi'l, jan m'ap fou pou li
Pito'm fe silans, paske m' pa gen chans
Sel li mwen renmen e li pa pou mwen

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta rele,e,e, oh,oh oh
Aaaaayaaaayay........
Nan tout fanm sou la te pouki se ou m'renmen
Ayayayyayaaay
Cheri ou toumante'm o mwen pa ka kenbe

O,o,o chak fwa l'ap pase, m'kache map gade'l
Si li te pou mwen jan'm ta dolote'l
Mwen konnen m'peche, mwen konvoitise
Bondye si ou pa ede'm, mwen ka fe yon betiz

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta kriye, oh, oh,oh..
Ayayaayaayayyy...
Nan tout fanm sou late pouki se ou m'renmen
Ayayayaaay
Cheri ou toumante, o mwen pa ka kenbe
Mwen pa kapab anko, lape vire loloj mwen
Mwen pakab kenbe

Mwen ta renmen manyen ou, karese ou
Si c'etait possible
Mwen ta renmen montre ou tout sak nan ke'm pou ou
Si c'etait possible
Nou ta fe ti flannen men nan la men
Si c'etait possible
Mwen ta pot fle pou ou, di ou jan ou bel
Si c'etait possible

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

M'ap priye Bondye, pou mwen pa sukonbe
Tantasyon sa tro fo, e m'pa gen fos anko(4x)
Oh, oh,oh
168 - 5 Kontinan Lyrics 6 years ago
Apa ou se pa vre
Apa’w te la

[Verse 1]
Si pòt la frape, pa bezwen pè louvri
Se Zenglen ki rive pou la gete djayi
Nou tap bay dwèt gen sa'k te di se chans
Lè yo wè nou pa nan jwèt
Yo blije fè'n konfyans
Nou twouve yon ide pandan n'ap etidye
Nou pral di nou konbyen tip de fanm ki genyen
Si'n baze sou bote, nou pap janm ka konte
Men seksyelman n'twouve ke

[Chorus]
Chak fanm nan yon kontinan, se yon kontinan
Menaj pa'm sou Afrik, madanm pa'w ka Amerik
Fanm tankou 5 kontinan, pa bezwen vwayaje
Sijè ape trete, pran chèz ban'm tande

[Verse 2]
L'Europe, l'Asie, l'Afrique, l'Amérique et l'Océanie
N'aprann sa tou piti nan La Géographie
Si'n konpare la femme aux cinq continents,
Se pa de tanperaman mais c'est plus tôt sexuellement
Nou pral di nou kòman san nou pa pèdi tan
M'di vin tande manman pou pa fè sezisman
Tout fanm ka bèl konsa men yo pa nan menm eta
Sitou lè'w desann pi ba (Pi ba wo)

[Hook]
Fanm tankou 5 kontinan
(Fanm tankou 5 kontinan)
Fanm tankou 5 kontinan
(Les femmes sont comme les cinq continents)
M'pral pale manman mwen
(Fanm tankou 5 kontinan)
Géographie de la femme
(Les femmes sont comme les cinq continents)

[Verse 3]
Ou kab selebre 30 an d'mariaj
San'w pa konn a ki tip de fanm ou ye
Lè'w tande mizik sa-a, w'ap kapab lokalize'w
Tout fanm yo ka bèl konsa
Men yo pa nan menm eta
Sitou lè'w desann pi ba
Se sa'k fe'm konpare la femme aux cinq continents

Fanm tankou 5 kontinan
(Fanm tankou 5 kontinan)
Fanm tankou 5 kontinan
(Les femmes sont comme les cinq continents)
M'pral pale manman mwen
(Fanm tankou 5 kontinan)
Géographie de la femme
(Les femmes sont comme les cinq continents)

[Richie]
Certaines femmes sont comme l'Afrique
(Vierges et inexplorées)
Certaines sont comme l'Amérique
(Ni vierges, ni explorées)
Certaines femmes sont comme l'Europe
(Ravagées mais pleines de charme)
Certaines femmes sont comme l'Asie
(Profondes et mistérieuses)
E l'Océanie an? (Li pi du)
Pou kisa?
Se fanm ki fè gè Kako, 1ère, 2ème Guerre Mondiale,
Gè 100 tan, Iran - Iraq, Malouines, se sa ki fè woy

[Choir]
Se yon monopòl personne n'y va
Ki koze sa-a woy (Tout moun ap pale)
Tout moun ap pale, pèsonn pap prale ki pawòl sa-a woy?
Se yon monopòl personne n'y va
Ki koze sa-a woy
Tout moun ap pale, pèsonn pap prale ki pawòl sa-a woy?

Certaines femmes sont comme l'Afrique
(Vierges et inexplorées)
Certaines sont comme l'Amérique
(Ni vierges, ni explorées)
Certaines femmes sont comme l'Europe
(Ravagées mais pleines de charme)
Certaines femmes sont comme l'Asie
(Profondes et mistérieuses)
E l'Océanie an? (Li pi du)
Pou kisa?
Se fanm ki fè gè Kako, 1ère, 2ème Guerre Mondiale,
Gè 100 tan, Iran - Iraq, Malouines, se sa ki fè woy

[Choir]
Se yon monopòl personne n'y va
Ki koze sa-a woy (Tout moun ap pale)
Tout moun ap pale, pèsonn pap prale ki pawòl sa-a woy?
Se yon monopòl personne n'y va
Ki koze sa-a woy
Tout moun ap pale, pèsonn pap prale ki pawòl sa-a woy?

Jenn ti fi kape grandi, fò kapab koute manman'w
Jenn ti fi kape grandi, fò kapab koute paran'w
Se pa anyen nou gen avè'w lè n'ap chante mizik sa-a
Se les hommes ki si ekzijan
Lè'w tande anba la vil pa bon yo pran rele
(Pito'm trepase woy tan pou'm ta pase woy)
Ou ka trouve'm on jan oze men sepandan se verite ke m'ap pale
(Pito'm trepase woy tan pou'm ta pase woy)
Yo di pito mwen trepase tan pou mwen ta pase
(Pito'm trepase woy tan pou'm ta pase woy)

Ti medam fè respè nou; tande paran nou.
162 - konpa Foret Des Pins Lyrics 6 years ago
Non non, ne me fais pas ça
Ne joue pas à ce compas
Tu vas me mettre sur ça

Non non, ne me fais pas ça
Ne joue pas à ce compas
Tu vas me mettre sur ça

Non non cheri, pa fè mwen sa
Pa mete m sou sa, cheri pa jwe konpa sila a

Non non cheri, pa fè mwen sa
Pa mete m sou sa, cheri pa jwe konpa sila a

E! (7x)
Konsa (8x)

Konpa Foret des Pins ala ‘on konpa solid (3x)
Ala konpa solid (9X)

Sweet Micky pa dous (4x)
Sweet Micky se siwomyèl (4x)

An ale…
Konsa (8x)

Oh oh, oh-oh, oh-oh
Ala konpa solid (9x)

Joue encore de ce compas
Car moi j’aime tant cela
Je veux bien être sur ça (4x)
1 - Ma Cherie Je T'aime Lyrics 6 years ago
[Olivier Duret]
C'est impossible de t'exprimer
L'ampleur de mon amour
Et pour te dire ce qu'il y a dans mon cœur
Les mots m'échappent toujours
J'ai beau t'écrire tant de poèmes
Te dédier pleins de chansons
Pour te montrer qu' je t'aime à perdre la raison
M mache chèche nan tout chimen
M oblije itilize tout lang ke mwen konnen
Pou w konprann mwen

[Refrain]
Ma chérie, je t'aime
Et je ne sais comment te dire
Cheri, mwen renmen w
M pa konn kijan pou m eksplike w
Amor, te quiero
Yo no se como te decirte
I guess there's one thing left to say
I love you

Wo oh oh
Non, non, non

Me réveiller a tes côtés me comble de bonheur
Le simple fait de t'avoir dans ma vie
Je souris à toutes les heures
Je nous imagine dans le futur, ensemble toi et moi
C'est drôle de dire que l'aventure ne s'arrête pas
M mache chèche nan tout chimen
M oblije itilize tout lang ke mwen konnen
Pou w konprann mwen

[Refrain]
Ma chérie, je t'aime
Et je ne sais comment te dire
Cheri, mwen renmen w
M pa konn kijan poum explike w
Amor, te quiero
Yo no se como decirte
I guess there's one thing left to say
I love you

Wo ou oh
Je te dédie cette chanson
Je t'aime
I love you
Te quiero
Cheri m damou

Oh, oh, oh

F'on ti vire
Anwo
Anwo
Anwo
Ti kè m pa sispann bat konsa, a a

Oh, oh, oh

Cheri koute kè mwen

[Refrain 2]
Mwen vwayaje latè
M chèche nan tout diksyonè
Anyen pa janm ase
Lanmou sa transande

Kwè mwen cheri
Mwen pap divage
Prezans ou souvan fè mwen akable
E se pa timidite k ap aji
Se sèlman yon mo m pa ka jwenn pou di
Cheriii

[Refrain 2]
Mwen vwayaje latè
[Mwen vwayaje...]
M chèche nan tout diksyonè
[M fè tout jounen m ap chèche yon mo pou m ekri, dekri...]
Anyen pa janm ase
Lanmou sa transande

Kwè mwen cheri mwen pap divage
Prezans ou souvan fè mwen akable
E se mwen sèlman ki konn sa m santi
Se sa k' fè santiman mwen ap soufri
Cherii
oh ooooh
oooook, yeah, yeah, yeah

[Refrain]
Ma chérie, je t'aime
Et je ne sais comment te dire
Cheri, mwen renmen w
M pa konn kijan pou m eksplike w
Amor, te quiero
Yo no se como te decirte
I guess there's one thing left to say
I love you

Wo ou oooh
ow
104 - Deyo a Lyrics 6 years ago
[Intro]
Yeah

[Vès]
Deyò a chaje zenglen moso boutèy, bwat Juna, papye Chico, reyon bekan, grès machin
Deyò a pa bèl
Deyò a se fatra k ap boule, klaksòn bogota, Chandesperans kont Beretta
Deyò a pa bèl
Fil wotansyon prèske bobo ak fèy tòl, n ap bay lavi bwa mitan l ap ba nou fil mòl
Deyò a pòtre yon tonbo blanchi, chak Ayisyen se yon kòk mò k ap koutize lavi
Aleken sou pil fatra, ti bebe nan tou rego, machann pran plas machin
Deyò a pa bèl
Medikaman nan lari, kopi cd nan laye, dwadotè se bèl franse
Deyò a pa bèl

[Kè]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a frèt men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

[Vès]
Deyò a
Jenès nou an pa gen fòmasyon - Deyò a
Lekòl nou yo pa gen direksyon - Deyò a
Chak grenn Ayisyen k ka ekri non yo oblije pati pou fè blanmannan chanje non yo - Deyò a
Pa gen fyète ankò - Deyò a
Nou tounen tèt san kò - Deyò a
Dlo pa monte mòn, men tout mòn yo degrenngole y al nan dlo - Deyò a
Ti blòdè deside bon sou ou- Deyò a
Raketè chaje pawòl pou ou - Deyò a
Lè w bay lamen sonje konte dwèt ou, nan chante gratis atis ou ka pèdi lalwèt ou - Deyò a
Gouvènman ak opozysyon sou de ran - Deyò a
Pandan timoun ap mande pou ka pran swen paran - Deyò a
Labib di nou Moise te echwe men jodya nou gen Ayisyen ki abite Kanaan - Deyò a
Tout moun ap bwase tout moun sou mato - Deyò a
Tout moun ap chache yon moso gato - Deyò a
Deyò a se pye sou kou grenn kraze, deyò a se rati braze - Deyò a
Anba poto limyè gen elèv - Deyò a
Anba poto limyè gen brasèz - Deyò a
Deyò a se pi gwo pi gra - Deyò a
Menm jou dimanch se madigra

[Kè]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

Deyò a
Se dilatasyon se dilatwa – deyò a
Se chimen ki mennen labatwa – deyò a
Se kòdonye k ap repare machin – deyò a
Se mekanisyen k ap fè bèf chenn – deyò a
Se rasta k ap danse tèt kale – deyò a
Se tèt kale k ap met perik rasta – deyò a
Se polisye ki pa kontan – deyò a
Se bandi k ap fè la pluie et le beau temps
Se pwofesè k ap mande meyè tretman, malad lopital yo kap mande medikaman
Se kokorat k ap mande pou entegre
Se pastè legliz k ap montre nivo degre – deyò a
Se Ayisyen k ap pran refi – deyò a
Se jèn gason k ap tounen fi – deyò a
Se Dominiken k ap vann nou ze – deyò a
Se Perle des Antilles k ap betize – deyò a

Ou menm ki di deyò a pa gen anyen, di m sa w wè

[Outro]
Deyò a (5x)
98 - You don't want me Lyrics 6 years ago
Tankou yon espri m'tap viv anndan ou
M'te konn tout saw panse
Sekrè'k nan kè ou
Tout emosyon ou
Ou se soley ki te leve jou'm
Se ou'k te fè'm goute privilej lanmou
Tout sa se te ou oh

Kounya n'ap janbe yon kalfou
Jan'm wè'l la n'pap fè demi tou
S'on lwa'k sou teritwa lanmou
Moun pa fòse moun
M'pwal aji kon yon moun grandi
Menm lè nan kè'm s'on ti moun piti
Yon moun pa dwe janm kenbe sa ki pa pou ou
Sa ki pa pou ou non mwen pap pèdi tan'm

[Chorus]
Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know--- (let me go)

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know---

Mwen pa vle diskite.
Mwen jis wè w'pa vle devwale'm.
Ou kapab pran'm pou egare.
Poutan m'konn plis ke sa'w panse.
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen kwè'w pap janm chanje
Ni ou pap janm di'm la verite

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know--- (let me go)

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know---

Si tout bagay chanje
M'pap fòse'w ni m'pap oblije'w
Men se enpòtan pou mwen fò'm mande'w
Gen kouraj pou'w di'm sa'l ye
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen prefere ret pou kò'm
Olye se ou ki akonpanye'm

"Klass it is baby"
"Cherie mpa ka fel konsa non"
"Love"
"Klass it is baby yes it is baby"
"El Bruno"

Se kòm yon maladi'l ye
Lè yon kè fi'n tonbe l'pran tan
Pou li leve l'mache men mwen pap lage mwen rete kwè
Avek ou menm se te
Yon preparasyon avan
Mwen jwenn yon moun ki kwè menm jan avek mwen
Yon amoureuse e yon passionnée
M'pa regret tout lane n'pase ansanm

[Chorus]
Se ak tout kèm m'toujou renmen'w
Men mwen pap ka fòse'w renmen'm

Se kòm yon maladi'l ye
Lè yon kè fi'n tonbe l'pran tan
Pou li leve l'mache men mwen pap lage mwen rete kwè
Avek ou menm se te
Yon preparasyon avan
Mwen jwenn yon moun ki kwè menm jan avek mwen
Yon amoureuse e yon passionnée

"Bondie bon"
"Oskino Ou we"
12 - Yanvalou Lyrics 6 years ago
[ar:Renette Desir (Netty)]
[ti:Yanvalou]
[length:4:37.00]
[by:Megalobiz]
[re:www.megalobiz.com/lrc/maker]
[ve:1.0]
Tout rekòl la fin keyi
Mayi fin seche sou glasi
Manchèt ak kouto digo
Prale resi pran yon repo
Sa pa vle di afè li bon
Aprè rekòl se mòd sezon

Anba tonèl kay Mini
Tout abitan yo reyini
Gen yon tchaka sou dife
Yon diri blan k'ape toufe
Yon te jenjanm k'ap sikile
Nan de twa gòdèt emaye

Chak moun gen yon istwa
Gen yon koze pou li rakonte
Men lè li vin fè nwa
S'on tanbou ou tande ki leve

O Yanvalou Yanvalou
Pou yon ti moman w' fe nou bliye
Tout traka tout mize nou pase
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou gras a ou
Nou kapab pran ti plezi nou tou
Menm si n pa gen lajan pou n' jete
Sèl bagay nou bezwen pou n' danse

S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Sa konn rive pafwa
Yon ti mizik ki soti nan bwa
Yon lè avek yon lon
Ou tande l'ap vin jwe nan salon

O Yanvalou Yanvalou
Si janmè yon jou sa ta rive
Pa bliye ki kote w' te leve
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou mwen pa di
Ke w' pa gen dwa pou fè lòt zanmi
Men pinga ou kite soulye vèni
Fè w' meprize tonèl kay Mini

Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa...

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa... mandouba eee

Banbou... Kata...
Yon pè tanbou ak yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist