Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

11 - Lajan sere Lyrics 6 years ago
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dako

M di alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini blofew

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…
239 - Only For You Lyrics 6 years ago
Verse 1]
People search the world to find love, but it’s so easy to give up
But I know patiently waiting, praying for you
Has only prepared us now for what we have
You’ve earned all my trust, gave all I’ve been missing
I’m lucky to feel this way cause we live in a world that needs love
I’ve found it and I’m holding on to you

You…

[Hook]
Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Verse 2]
Yon lanmou ki fè m satisfè, se yon kado ki sot nan syèl
M konnen se pa de priye n priye pou sa
Mwen pa regrèt yon jou, menm yon segond

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Bridge]
Mwen vire latè tèt anba pou m jwenn yon moun ki fè kè m bat
Jwenn nanm ou, pa gen anyen mwen pap fè pou li

Only for you…

[Keyboard solo]
Oh oh

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]
Oh oh

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you
228 - Konfye ak Mefyans Lyrics 6 years ago
Mwen l'éternel optimiste,
Mwen fini pa aksepte
Nan lavi fòw pran prekosyon,
Ou pa dwe livre kè'w bay tout moun.
Peut être ke se naïveté,
M'toujou kwè nan franc parler,
Bay tout moune bénéfice du doute,
M'panse nou tout te konprann ke,
La confiance est elementaire,
Se yonn nan première notion
Qui regit la loi de l'amitié
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te di’l en confidence min’m si’n pa zanmi anko.

[Koral]
Nan toute type relation fok gin konfyans li gratwi (2X)

Nou pa vle egzajere
Men se yon reyalite
Tôt ou tard nou tout afwonte
Danje 'k gen nan fè noun konfyans
Pa juje moun sou karate w
Gen de prensip de base ki ta supoze sacré.
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te dil en confidence menm si'n ta vin dos à dos......

Sa pap riven anko
Pou yon moun dil zanmim
Poum ouve kem ba li
Les hommes trop pa sincere
Gen sa ki konn jure
Yo se pi bon partnew
Yo menm poze des actes
Ki few fe yo konfyans

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a San pou San (2X)

Sa pap rive’m anko
Kite fe beau diskou fe’m panse yon moune sincere
Pandan lap pran’m sou plan
Wa pe plenyin ave’m le moune fe’m sak pa sa
Epi se ou min’m min’m kap pwoyade’m nan do

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a 100% (2X)

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an
262 - Lanmou Ou Lamitie (Fruit Defendu) Lyrics 6 years ago
Mwen ta renmen di'l kijan m'ap soufri
Kijan mwen anvi'l, jan m'ap fou pou li
Pito'm fe silans, paske m' pa gen chans
Sel li mwen renmen e li pa pou mwen

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta rele,e,e, oh,oh oh
Aaaaayaaaayay........
Nan tout fanm sou la te pouki se ou m'renmen
Ayayayyayaaay
Cheri ou toumante'm o mwen pa ka kenbe

O,o,o chak fwa l'ap pase, m'kache map gade'l
Si li te pou mwen jan'm ta dolote'l
Mwen konnen m'peche, mwen konvoitise
Bondye si ou pa ede'm, mwen ka fe yon betiz

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta kriye, oh, oh,oh..
Ayayaayaayayyy...
Nan tout fanm sou late pouki se ou m'renmen
Ayayayaaay
Cheri ou toumante, o mwen pa ka kenbe
Mwen pa kapab anko, lape vire loloj mwen
Mwen pakab kenbe

Mwen ta renmen manyen ou, karese ou
Si c'etait possible
Mwen ta renmen montre ou tout sak nan ke'm pou ou
Si c'etait possible
Nou ta fe ti flannen men nan la men
Si c'etait possible
Mwen ta pot fle pou ou, di ou jan ou bel
Si c'etait possible

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

M'ap priye Bondye, pou mwen pa sukonbe
Tantasyon sa tro fo, e m'pa gen fos anko(4x)
Oh, oh,oh
184 - Depi Le w' Pa La Lyrics 6 years ago
[Verse 1]
M pap mande w kijan w ye, je m ban m pa gen anfòm ke ou
Se byen domaj huh ankò se pa mwen ki pran fòm kè ou
M eseye bouke chache mpa jwenn sa k ka ranplase ou
Pou m nan fè nwa m pa ka wè sans te flater lanp la se ou
Pou m kòmanse mwen konsyan de erè mwen te komèt yo
Oui j’etais con, mpat respekte tout sa m te pwomèt yo
Pou mwen ou te bon, se mwen ki te aji kou tèt cho
M te pran w tankou pon m fè travèse tout ti bèt yo
Depi lèw pa nan lavi m nan zanmi m yo pa banm baz
Mwen pran lòt fi pou m ka bliye w se atò m santi m raz
Solèy konn leve li kouche, de je m rete kale
M reyalize se ou k souf mwen tout sa m te posede

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale

Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale


[Verse 2]
Chalè kòw manke fèm konn nan ki tranp mwen pran
Krache w m anvi bwè nan plas yon boutèy ven blan
M renmenm mwen vle w di m, konsa m tap santi m vin gran
Mwen konnen pou arguman m yo ou pap twouve m konvenkan
Depi lè w pa la mwen pèdi yon pati nan mwen
Cherie kwèm fwa sa lanmou w nan ou pap banm li an ven
Mare m nan ke wòb ou paske m pa vle w pati san mwen
Si gen on match lamou se ou m vle pou patizan mwen
Lè map fè lanmou ak yon lòt se non ou map lonmen
Mwen te gen on ex ki se ? se chak jou nou goumen
M wè map viv m pa konn kijan, bondye sèl ki konnen
Reprann nan vi w manman lavièj pou m pa pèdi nanm mwen

[Rutshelle]
Mwen jwenn ou ak Fania yon premye fwa mwen te padone w
Stephania ak Deborah nan salon m pat abandone w
Sak pi rèd la ak sèvant la nan chanm nan mwen bare w
Se vre mwen anvi sa men mwen pap antre nan pitye ou

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale

Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale

Ou gen rezon, si w vle ou mèt pran m pou esklav ou
M pap rekomanse kwè m siw vle mare m nan pye tab ou
M ba w pawòl mwen m garanti w kounya map pran lòd ou
Aprè tou m grandi ase kounya map konprann ou
Absans ou fèm konnen aransò nan sewòm
E m prè tou pou mwen menm tatoure nonw sou kòm
Mwen vle w tou fwa sa se tout bon se sou tout fòm
Reprann chou kounya m pap koute pawòl lèzòm

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale

Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
178 - Our Love Is Forever Lyrics 6 years ago
Mwen ta renmen pran yon ti tan
Pou m eksplike w jan mwen renmen w
Pou m fè w konprann ki sakrifis
Lanmou an nou mande
Zanmi, fanmi w di m son bandi
Poutan ou konnen ke se manti
Pou jan m sansib
E m konn Labib
Sak fè m pa jan m febli

Menmlè defwa nou fache
Lè nou dòmi n'leve
Solèy nan je'w klere
Sak fè m pa janm ka kite w
Jalouzi rann Lòm move
Bonjou yo pa laverite
Bagay yo di siw tap koute
Anpil male tap rive

(Cherie w' te ka kite m)
Ou te ka kite m nan lari a
(Doudou m te ka kite w)
Oh paske w' pa merite m
(Cherie w' te ka kite m)
Yo di'm son bandi
Mizisyen pa bon
(Doudou m te ka kite w)
Ooouuh Lanmou pi fo

[CHORUS]
Si pat gen lanmou
Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou
(Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou)
Without you baby (Without you babe)
Love could never be
Without you honey

Yo mennen m tribinal
Yo di m bagay ki sal
Paske se ou mwen vle
Mwen pa pati, m rete
Cherie yo di ke w' pa konn chwazi
Nou pral fè yo sezi
M' konnen ke w' gen konsyans
Tanpri yon ti pasyans

[CHORUS]
Si pat gen lanmou
Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou
(Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou)
Without you baby (Without you babe)
Love could never be
Without you honey

Lanmou n pap janm fini
Lanmou n pap janm fini
Oh baby (2x)

Yo ta renmen wè nou nan lari
San fanmi pou n pa gen vi
Pou yo tonbe ri
Paske mwen son bandi
Cherie fòk nou kenbe pi di
Ou konn sa yo di se manti
Rete avèm se ou mwen vle
Nap fè yo sezi

Lanmou n pa janm fini
Lanmou n pa janm fini
Oh baby (2x)

[CHORUS]
Si pat gen lanmou
Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou
(Patap gen ni mwen ni ou tou Doudou)
Without you baby (Without you babe)
Love could never be
Without you honey
120 - Mize Malere Lyrics 6 years ago
[Chorus]
Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

[Verse 1]
Lè w wè pitit zotobre nan lari a ap fè vagabondaj
Tout moun di “li jeune, li pa konn sa l’ap fè”
Lè se pitit malheureux ki nan lari a ap déennuyer l
Ou tande se “déliquant,” se “danger pour l’avenir”

[Chorus]
Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

[Verse 2]
W’ap travay yon kote, gen yon vòl ki fèt
Paske w se malheureux depi se moun se ou yo suspèk
Lè sa yo akuze w, nanpwen dlo ki ka lave w
Rat manje kann, zandolit mouri inosan

Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer
28 - Lobey Lyrics 6 years ago
Wayeaaaa ahahaaaa

Haspen on the beat ohh
Roody pral fè hit anko
Wayayayy

Lesprim paka rete trankil (lobey)
Pipi kenbem anpil anpil (nou pral fe lobey)

Ti kôw se li m feel (lobey)
Baby vini pou nou ka tchill (cheri n pral fe lobey)

Cheri map tann ou lakay la
Vini banm goute nan bagay la
Aswe a avew map bat nay la
Fe de pyew leve touche sky la
Few rele wayyy ayyy
telmanm manyenw dous pou ou ap smile
Cry poun santi on chalè kap
Few tire pyew tankou komando

Ti bouch ou sikre tankou sonw mango
Cheriw te banm fas kounyan fonw banm do
Pou gouye pou swaf pou di papi banm dlo
Few trase kata tankou ninja
Zafè pa vini an m baw pinga
Mrenmen lè wap woule woule woule woule woule bali finga

Lesprim paka rete trakil (lobey)
Pipi kenbem anpil anpil (nou pral fe lobey)
Ti kôw se li m feel (lobey)
Baby vini pou nou ka tchill (cheri n pral fe lobey)

Ou gonw janw gatem ak ti masaj avanw kew komanse
Ou gonw janw bouje ti renw pou fem
Wew konn danse
Pandanm finn bwè bakara lanni an
M renmen lem few apiye nan mi an
Femen jew kitem manje lanbi an
Alez kow ou met fè nenpot bri an
Cheri manje bannan ou (manje bannan ou)
Kitem manje viann ou (kitem manje viann ou)
Cheri manje bannan ou (manje bannan ou)
Kitem manje viann ou (kitem manje viann ou)

Lesprim paka rete trakil (lobey)
Pipi kenbem anpil anpil (nou pral fe lobey)
Ti kôw se li m feel (lobey)
Baby vini pou nou ka tchill (cheri n pral fe lobey)

Sexy vant plat tete doubout epi anbal gra
Mrenmen lè wap fè kapris lew dim ann fel anba dra
Mrenmen lè wap pede bobom an
Lè wape kite ti koka sou pom an
Lew eksite w kite mak zong nan dom an
Le wape matem jouk tanw kraze zom an
Poum di wayyy manmi iii dou
Manmi iii dou iii dou
Wayyy manmi iii dou
Manmi iii dou iii dou

Lesprim paka rete trakil (lobey)
Pipi kenbem anpil anpil (nou pral fe lobey)
Ti kôw se li m feel (lobey)
Baby vini pou nou ka tchill (cheri n pral fe lobey)
Cheri manje bannan ou (manje bannan ou)
Kitem manje viann ou (kitem manje viann ou
Cheri manje bannan ou (manje bannan ou)
Kitem manje viann ou (kitem manje viann ou)
Lesprim paka rete trakil (lobey)
Pipi kenbem anpil anpil (nou pral fe lobey)
Ti kôw se li m feel (lobey)
Baby vini pou nou ka tchill (cheri n pral fe lobey)
114 - Pouki Flex Manke m Lyrics 6 years ago
[Intro]
2016 fè 16 an depi m ap demoli beat
Si ou gen 13 an, ou potko fèt lè m ta p fè hit
M te kòmanse nan Flex, e m te tanmen konsa:
Si l twò cho soufle l
Si l twò frèt chofe l
Si l twò sèk wouze l
Jodi a King D pa la, se BIC k ap separe l

[Verse 1]
Pouki fezè nat fè nat li dòmi atè?
Pouki sou latè lavi nou sou kontwòl tankou on kontè?
Pouki apre 50 an nou prèske mi pou anba tè?
Pouki gen moman nan lavi sèl solisyon se yon kanntè?
Pouki se mwen ki mwen, pouki Adam pa Eve?
Pouki depi m fèt jou k jounnen jodi m toujou nan rèv?
Pouki kòfrefò fè nègrès bliye tabliye?
Pouki poulè kòkòt fè tinèg bliye soupoudre?
Pouki yo pa janm bay enpòtans a sa yo wè,
Men yo pran san yo pou yo jete dlo pou sa yo pa wè yo?
Pouki noumenm lòm nan je Bondye n si enpòtan,
Men sepansan tout zanmimo yo, yo te kreye avan?
Poukisa yo mete pwen nan tout fraz ki fini?
Poukisa un plus un donne deux, ça tend vers l’infini?
Poukisa il y a les poules, parallèlement les malfinis?
Poukisa se lemond anyte k ap fin depafini
Pouki ou wè jou anvan m?
Di m non sa k ap pase? Pale avè m non
Pouki ti nana pèdi lòlòj devan de twa po pyas?
Sa k gen nan lòj?
Pouki mizè toujou kenbe n nan gòj?
Pouki depi l piti Ti Jak ap mache pabak?
Pouki timoun gen memwa makak, lavi m g on koulè boustabak?
Sa k ap pase?
Pouki depi mwen fèt m ap pase m ap ranse?
M te sou yon lanse, ede m souple, ki van sa a k ap soufle?
Pouki mizè fè m depale?
Poukisa wòch yo pa pale?

[Hook]
Poukisa Flex toujou manke m
Richard Senecal, King D, nou manke mwen
John Mogène, Patrick nou manke mwen
Mwen fè anpil bagay, men Flex toujou manke mwen

[Verse 2]
Pouki gen radyo k pa peye animatè yo ki fè se sou atis Ayisyen yo vin geri bosko yo?
Pouki leta toujou danse mizik atis yo men li pa janm fè anyen pou atis yo ka viv de èv yo?
De men anlè, brase ren sou mizik atis yo
Nan fèt prive, kanaval se mizik atis yo
Nan fèt chanpèt, nan festival mizik atis yo
Malgre sa yo mande touche pou yo woule atis yo
Pouki boutlèg la pa revòlte pèsonn tou?
Pouki on chantè prezidan pa di anyen pou nou tou?
Dezòmè piga pèsonn di l se fanatik mwen si apre 6 albòm li pa g on orijinal tou
Sa ka fè m sanble maledve, men kijan pou yon pen gwosi si w pa mete leven hein?
Pouki ou achte radyo pou jwe mizik, men ou pa achte mizik pou met jwe nan radio a?
Pouki manchèt Tizon Dife a toujou file?
Pouki apre 16 an vokabilè toujou ap defile?
Pouki Vokabi-Lari bay rapè yo kè sote?
M pa vin pran plas pèsonn, se yon diplis mwen vin pote

[Hook]
Poukisa Flex toujou manke m
Richard Senecal, King D, nou manke mwen
John Mogène, Patrick nou manke mwen
Mwen fè anpil bagay, men Flex toujou manke mwen

[Outro]
Si l twò cho soufle l
Si l twò frèt chofe l
Si l twò sèk wouze l
BIC Tizon Dife
56 - Mwen Mouri Lyrics 6 years ago
[Verse 1]
Mwen mouri lè’m wè devan lakay yon machin nan pakin mwen
Mwen mouri lè’m wè devan pòt chanm yon soulye sou tapi mwen
M te toujou kont krim pasionè a koz de ou mwen vle pèdi la rezon
Eske se la fin du monde
M te toujou wè la vi a bèl a koz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon

[Verse 2]
Mwen mouri lè mwen wè sou kabann misye avèk madanm mwen
Mwen mouri se premye fwa nan vi’m mwen vle pèdi san fwa mwen
M te toujou kont krim pasionè a koz de ou mwen vle pèdi la rezon
Eske se la fin du monde
M te toujou wè la vi a bèl a koz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon
Aprè tout sa m fè, se pa sa m merite non non non

[Choir]
Aprè tout sa m fè, se pa sa m merite

[Keyboard]

Se pa ti kout kouto (4x)

Ou konnen mwen pa konplike e mtoujou ba’w la verite
Ou konnen mwen pa konn bay kou e mwen rete fidèl a ou
Yo fè’m mechanste love

[Choir]
Pou yo sa fè’m mechanste yo vòlè sa m posede
Gon’w bondye nan syèl la gon’w Bondye
(2x)

Mwen konnen mwen konn fè romans e m toujou ba ou enpòtans
Ou konnen mwen pa pozesif e ou konnen mwen gen objectif
Yo fè’m mechanste love

[Choir]
Pou yo sa fè’m mechanste yo vòlè sa m posede
Gon’w bondye nan syèl la gon’w Bondye

Se pa ti kout kouto (4x)
[Keyboard]

Gad on doulè mezanmi ki depase tout maladi
Li menm pi fò pase lanmò li menm pi rèd pase lanfè
Bondye papa padone’l si l’ pa konnen ki sa l’ap fè
Tanpri retire’l nan fè nwè tanpri mennen’l anba vant mwen
Yon sèl bagay m’ konnen

Deyò a pa fasil (3x)
Deyò a pa fasil (3x)

Gad on doulè mezanmi ki depase tout maladi
Li menm pi fò pase lanmò li menm pi rèd pase lanfè
Bondye papa padone’l si l’ pa konnen ki sa l’ap fè
Tanpri retire’l nan fè nwè tanpri mennen’l anba vant mwen
Yon sèl bagay m’ konnen

Deyò a pa fasil (3x)
Deyò a pa fasil (3x)
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist