Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Adikte Lyrics

Go to Adikte Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Adikte

Gabel
AC

[Verse 1]
Ou konnen m'damou se pa de soufri w'ap fè m soufri
Depi nou renmen se nan 'on je zegwi m'ap promennen
Malgre mwen nan doulè, cheri ou nesesè
Mwen reyalize m’adikte m’adikte

[Chorus]
Si m’al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

[Verse 2]
Mwen genyen’w nan kè m ou se maladi m ou se doktè’m
E jan pawòl la di dwèt ou mèt santi w’ pa ka jete’l
Malgre mwen nan doulè
M'reyalize m’adikte m’adikte

[Chorus]
Si m’al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

[Keyboard solo]

Pachou
Dwèt sa a etènèl

Ou s’on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

Cheri, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pa gen demen
Baby, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pap gen demen

Si w ta yon dife mwen mèt boule – oh oh mwen pa negosye w
Si w ta yon virus m’ap kontamine
Si w pral nan lanfè m'prale avè w – oh oh mwen pa ka kite w
Depi mwen avè w se gaz kole

Cheri, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pa gen demen
Baby, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pap gen demen

Si w ta yon dife mwen mèt boule – oh oh mwen pa negosye w
Si w ta yon virus m’ap kontamine
Si w pral nan lanfè m'prale avè w – oh oh mwen pa ka kite w
Depi mwen avè w se gaz kole

[Hook]
M’adikte (4x)

[Chorus]
Ou s’on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

[Hook]
M’ adikte (4x)
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist