Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

11 - Lajan sere Lyrics 8 years ago
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dako

M di alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini blofew

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…
239 - Only For You Lyrics 7 years ago
Verse 1]
People search the world to find love, but it’s so easy to give up
But I know patiently waiting, praying for you
Has only prepared us now for what we have
You’ve earned all my trust, gave all I’ve been missing
I’m lucky to feel this way cause we live in a world that needs love
I’ve found it and I’m holding on to you

You…

[Hook]
Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Verse 2]
Yon lanmou ki fè m satisfè, se yon kado ki sot nan syèl
M konnen se pa de priye n priye pou sa
Mwen pa regrèt yon jou, menm yon segond

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Bridge]
Mwen vire latè tèt anba pou m jwenn yon moun ki fè kè m bat
Jwenn nanm ou, pa gen anyen mwen pap fè pou li

Only for you…

[Keyboard solo]
Oh oh

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]
Oh oh

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you
228 - Konfye ak Mefyans Lyrics 7 years ago
Mwen l'éternel optimiste,
Mwen fini pa aksepte
Nan lavi fòw pran prekosyon,
Ou pa dwe livre kè'w bay tout moun.
Peut être ke se naïveté,
M'toujou kwè nan franc parler,
Bay tout moune bénéfice du doute,
M'panse nou tout te konprann ke,
La confiance est elementaire,
Se yonn nan première notion
Qui regit la loi de l'amitié
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te di’l en confidence min’m si’n pa zanmi anko.

[Koral]
Nan toute type relation fok gin konfyans li gratwi (2X)

Nou pa vle egzajere
Men se yon reyalite
Tôt ou tard nou tout afwonte
Danje 'k gen nan fè noun konfyans
Pa juje moun sou karate w
Gen de prensip de base ki ta supoze sacré.
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te dil en confidence menm si'n ta vin dos à dos......

Sa pap riven anko
Pou yon moun dil zanmim
Poum ouve kem ba li
Les hommes trop pa sincere
Gen sa ki konn jure
Yo se pi bon partnew
Yo menm poze des actes
Ki few fe yo konfyans

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a San pou San (2X)

Sa pap rive’m anko
Kite fe beau diskou fe’m panse yon moune sincere
Pandan lap pran’m sou plan
Wa pe plenyin ave’m le moune fe’m sak pa sa
Epi se ou min’m min’m kap pwoyade’m nan do

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a 100% (2X)

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an
262 - Lanmou Ou Lamitie (Fruit Defendu) Lyrics 7 years ago
Mwen ta renmen di'l kijan m'ap soufri
Kijan mwen anvi'l, jan m'ap fou pou li
Pito'm fe silans, paske m' pa gen chans
Sel li mwen renmen e li pa pou mwen

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta rele,e,e, oh,oh oh
Aaaaayaaaayay........
Nan tout fanm sou la te pouki se ou m'renmen
Ayayayyayaaay
Cheri ou toumante'm o mwen pa ka kenbe

O,o,o chak fwa l'ap pase, m'kache map gade'l
Si li te pou mwen jan'm ta dolote'l
Mwen konnen m'peche, mwen konvoitise
Bondye si ou pa ede'm, mwen ka fe yon betiz

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta kriye, oh, oh,oh..
Ayayaayaayayyy...
Nan tout fanm sou late pouki se ou m'renmen
Ayayayaaay
Cheri ou toumante, o mwen pa ka kenbe
Mwen pa kapab anko, lape vire loloj mwen
Mwen pakab kenbe

Mwen ta renmen manyen ou, karese ou
Si c'etait possible
Mwen ta renmen montre ou tout sak nan ke'm pou ou
Si c'etait possible
Nou ta fe ti flannen men nan la men
Si c'etait possible
Mwen ta pot fle pou ou, di ou jan ou bel
Si c'etait possible

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

M'ap priye Bondye, pou mwen pa sukonbe
Tantasyon sa tro fo, e m'pa gen fos anko(4x)
Oh, oh,oh
124 - TransFòMaSyon Lyrics 7 years ago
[KONDAGANA]
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh

[FANTOM + KORAL]
Yeah yeah / yeah yeah (2X)
Say yeah yeah / say yeah yeah (2X)

[FANTOM]
Reveye’w, li lè li tan pou louvri je'w
Pa kite, okenn moun vin itilize’w,
Divize’w, aprè pou ridikilize'w
Pouw avanse, mantalite'w pou transfòme

[BRITAL]
Ayiti pa ka yon sèl jan
Nou bezwen modifikasyon
Si nou vle pran wout devlopman
Fok nou fè yon transfòmatyon
Evite divizyon, kraze tout koripsyon
Jèn fi ak jèn gason fòk nou kwè nan edikasyon

[HYPE]
Ba-ba-ba Barikad Crew…yeah!
Ayisyen! An pozisyon!
Nou pral fè transfòmasyon!
Get ready…lest's go!

[IZOLAN]
Sistèm lan blo jenès la nan fè sa fè sa
Pou yo bay medam yo djòb fò yal fè sa fè sa
Gad eta lari a, nèg yo blo peyi a
Yo trete nou de twou aa, n' pral konn sak fè sa
Nou pa dwe jwe jwe, ni nan te te te
Fòk tout moun mete tèt ansanm pou bagay yo chanje
Genlè'n bliye kijan'n te pran lendepandans
Kounya'm wè'n vle pèdi fyète'n poutèt viza ak rezidans

[REFREN 1]
Nou fè tout vi nou nap rele bondye
Pandan men'n nan machwè'n nap tann sa chanje
Chanjman an sou ou li dwe kòmanse
Tout sa ki negatif pou nou transfòme
An nou tout rele
Ye i ye eeee (kote’k gen salte yo merite pwòpte)
Ye i ye eeee (nap enpòte manje poukisa'n pa plante)
Ye i ye eeee (pandan nap fete tèt nou pou'n proteje)
Ye i ye ye ye yeye….

[BRICKS]
Yon peyi pa kap kraze tout chèf yo la ap ret gade li
Pandan gen jèn serye si yo bay chans kap repare li
Granmoun alèkile tounen timoun pou yo pran plezi
Gen fanm alèkile'k tounen vanpi pou yo fèm krezi
Yo g’on jan yo pran'm gade'm nan tèt la pla pla!
Plede jwe avè'l, plede souke'l tankou se tcha tcha!
Misye ki move ki pran rele epil fè (skirt skirt!)
Manze ouvè gagann montre'l pa pè epil fè (glut glut!)

[REFREN 2]
[BRITAL + KORAL]
Politik la (bezwen yon lòt direksyon)
Ekonomi an (sibi twòp enflasyon)
Gen twòp medya (kap bay fo enfomasyon)
Fason nap viv la (bezwen transfòmasyon)
Pa kite, pa kite, pa kite peyi'n kraze
Pa kite, pa kite, pa kite jèn yo ale
Pa kite, pa kite, pa kite kilti'n tonbe
Pa kite, pa kite, pa kite fyète'n blaze

[KONDAGANA]
Nou di nou bouke ak dappiyanp sa (wi nou bouke)!
Jwèt anmiyanm sa (wi nou bouke)!
Dezòd nan chanm sa (wi nou bouke)!
Nou di nou bouke ak blakawout sa (wi nou bouke)!
S’on bann awousa (wi nou bouke)!
K’lage'n nan twou sa (wi nou bouke)!
Vle pa vle, fòk sa chanje
Pou jèn yo rete, peyi'n pou'n transfòme

[KORAL ANIMASYON]
Woy tand’on koze!
Gade moun kap chanje koulè yo vle transfome (woy woy woy woy)
Woy tande'w koze!
Ti jèn yo bezwen fè pitit san yo poko fòme (why why why why)
Woy tand’on koze!
Nèg yo detounen taks pèp la pou yo banboche (woy woy woy woy)
Woy tand’on koze!
Nèg yo al fete Dubai sou Petro-Caribe

[BRITAL (2X)]
Depi tanbou frape, tout moun leve danse
Lè nap fete, nou pa vle blese
Lè'n transfòme, fòs nou double
Nou mandan'w anraje, nou fè latè tranble
Nou fèl chooo
(ole, ole!) Met mayo anlè
(ole, ole!) Met kepi anlè (Awoyo)
(ole, ole!) Met mouchwa anlè
(ole, ole!) Leve 2 men'w anlè (Souke yo)
(ole, ole!)

[TONYMIX]
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Tanpèt tanpèt tanpèt! (woy!)
Cho'l cho / Tonèr!
Cho'l cho / Sak gen la!
Cho'l cho / Way!!
Cho'l cho / Men BC!
Cho'l cho / Debake!
Cho'l cho / Transfome!
Cho'l cho / Demake!

[KORAL ANIMASYON (2X)]
Men BC, kale kò’w la
Ti piti, rale kò’w la

[FANTOM ANIM 1]
Ayè la'w te blak, kounya m'wèw vin blan
Kisak pasew (w’anraje, ou transfòme)
Dada’w te tou plat, yon sèl kou'l gonfle
Fòw esplike'w (w’anraje, ou transfòme)
Lè BC rive (dedoubleee!)
Tout moun ki sou stand (transfòmeee!)
Tout sa ki devan'n yo (dedoubleee!)
Tout moun ki dèyè'n yo (transfòmeee!)
Sak a dwat a goch yo (dedoubleee!)
Pa vle gagann nan bann lan (transfòmeee!)
Leve 2 men'n nan bann lan (dedoubleee!)
Danse sou son twonbòn lan (transfòmeee!)

[IZOLAN ANIMASYON]
Yèswa'm te wè li (cho'l cho!)
Panse'm te pè li (cho'l cho!)
Konsa'm te fè li (cho'l cho!)
Mwen toufounen li (cho'l cho!)
M'anraje (cho'l cho!)
M’transfòme (cho'l cho!)
M’dedouble (cho'l cho!)
Mezanmiiiiiii (cho'l cho!)

[BRICKS ANIMASYON]
Wiiiii, ou transfòme!
Patiii!
Ponponp!
Trump, men Ayisyen!
Ale lave, ti kriye!

[FANTOM ANIM 2]
Tèt ou te kale, kounya'm wèw gen djwèd
Kijan'w kanpe (w’anraje, ou transfome)
Ayè'w la'w te flat, kounya'm wèw anfle
Wap eklate (w’anraje, ou transfome)
Lè BC rive (dedoubleee!)
Tout moun ki sou stand (transfòmeee!)
Tout sa ki devan'n yo (dedoubleee!)
Tout moun ki dèyè'n yo (transfòmeee!)
Sak a dwat a goch yo (dedoubleee!)
Pa vle gagann nan bann lan (transfòmeee!)
Leve 2 men'n nan bann lan (dedoubleee!)
Danse sou son twonbòn lan (transfòmeee!)

[JERRY Outro]
Hein hein hein! ou ta transfome manman!
Ou mèt tann, wap jwenn! (Anyyyy!)
118 - M Pa Konn Anyen Non Lyrics 7 years ago
[Intro]
Mix
Manman
Yo pap konprann
Te m di w

[Hook]
Mari m ban m problem paskem zanmi w - M pa konn anyen non
Chak jou lap joure m, li vle m enmi w - M pa konn anyen non
Pou jan n alèz li di genle w konyen m - M pa konn anyen non
Mwen metel alèz di l ou poko konen m - M pa konn anyen non
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Ou renmen chill - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill ou - M pa konn anyen

[Verse 1]
Mwen pap bay tèt mwen manti Mwen tres feel ou pou zanmim
Mwen tande tout sa lap di w Ou pap janm kapab enmi m
Lè n fè yon jou nou pa wè Ou rele m ou pap kapab
Amitye m ansanm ave w mwen pa sezi li formidable
Ou banm bon jan epi w trip byen Se pa lajan k fè nou de byen
Nenpot kijan nou pa plenyen Sel bagay m pa janm konn anyen
A chak fwa li fin joure w Ou vin jwenn mwen m pwotejew
Lè’n nan street studio, club, party Chanpay li di map dejwe w
Jan nou chill nan program yo toujou fat Se sak fè kè misye menm toujou bat
Lè’n ansanm li suspèk nou tankou chat E nou menm n’entelijan tankou rat
Niska bagay yo chanje No romoeo no juliet
Sak fè li pa vle’n zanmi Paske li konenm s’on jilèt

[Hook]
Mari m ban m problem paskem zanmi w - M pa konn anyen non
Chak jou lap joure m, li vle m enmi w - M pa konn anyen non
Pou jan n alèz li di genle w konyen m - M pa konn anyen non
Mwen metel alèz di l ou poko konen m - M pa konn anyen non
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Ou renmen chill - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill ou - M pa konn anyen

[Verse 2]
Gade yo, gade nou Gad janm mwen met misye gadavou
Pa gen pi lèd pase nèg jalou le’l vle pran tan mwen bal on randevou
Li text mwen, Li text mwen lap relem li vle debake
Pozem lap pozem yon pakèt kesyon mandem ak kimoun mwen ye
Wouchhh
Nèg sa banm pwoblem m pa konn sa poum fè
Chak fwa’m site nonw se tankou yon zak m fè
M di l se zanmi nou zanmi ou pa konn anyen nan anyen
Li di w somn gangster li konen w
Ou s’on grenn sal li diw son atoufè
Mele m mele chak segond le m soti li rele m
Li menm gen prop detektiv prive l
Chak lem pran lari l toujou ap veye m
Li oze di poum chwazi youn nan nou
Li panse amitye n tro pre lanmou

[Hook]
Mari m ban m problem paskem zanmi w - M pa konn anyen non
Chak jou lap joure m, li vle m enmi w - M pa konn anyen non
Pou jan n alèz li di genle w konyen m - M pa konn anyen non
Mwen metel alèz di l ou poko konen m - M pa konn anyen non
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Ou renmen chill - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen stil ou - M pa konn anyen
Konnen mwen feel ou - M pa konn anyen non
Mwen renmen chill ou - M pa konn anyen

[Verse 3]
Dèfwa m soti avek Niska
N rive nan club la misye ap swiv mwen
Le maril ap fe foker depi mwen step mwen toujou order
Ou met pale men li pa care Se lel avem l santil better
L irekonet mwen pa djoler Li toujou di neg lizanmi’w flanew
Toujou ap snap snap snap Toujou ap snap snapchat
Renmen snap snap snap Lel avem nap snapchat
Depim kwazel nou snap finger Tout kote nou snap finger
Le’n ap fete nou snap finger Mari’l fache nou snap finger
96 - Ranje chitaw Lyrics 7 years ago
Yepa, Pipo tout jan
Klass it is baby

[Verse 1]
Mizisyen Ayisyen n pa dwe ret bwa kwaze
Swasant an fè n pase tankou n pat ekziste
Kout chapo pou Nemours ki kreye bèl rit sa
Ki ede nou chak jou bliye, lapen avèk debra
Nou bay tout jenès nou au service du pays
Epi kou laj antre yo bliye nou jouk nou mouri
Gen yo pwovèb ki di lè w wè yon zo atè
Li te gen vyann yon lè
Atis fè je w klè li lè pou nou reyini

[Chorus]
Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale kote nou
Valè towo andann on sosyete pou nou pa ka òganize nou
Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
Si lè gen maladi se nou k remèd peyi n dwe sispann fè n pa regret

C’est la musique ki rive melanje tout klas
Chak ane se nou k fè tout yon pèp konble chanmas
Lè n kanpe kòt a kòt ak atis lòt bò dlo talan n menm jan ak yo
La seule différence est une question de drapo

[Chorus]
Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale kote nou
Valè towo andann on sosyete pou nou pa ka òganize nou
Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
Si lè gen maladi se nou k remèd peyi n dwe sispann fè n pa regret

[Guitar solo]
Ou la la la la la la

Ranje chita w
Van tanpèt larivyè desann lanmè bon mizik klass la ki rive
Se sa, se sa manman se sa

Woy konpa
Ou ka wè l gen on lòt gou, haha

[Ritchie]
Ranje chita w – Djakout #1
Ranje chita w – kisa n ap kisa n ap fè
Ranje chita w – Nu-Look
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Disip, Zenglen
Ranje chita w – pa gen dòmi non
Ranje chita w - Pozo lage konpa konsa

[Guitar]
Oh oh oh oh
Tu peux faire ca toi meme
Se pou sa y rayi n nan wi Ti Junior
Klass

[Ritchie]
Ranje chita w – T-Vice, Carimi
Ranje chita w – Fò nou òganize n
Ranje chita w – Kreyòl La, Harmonik, Gabèl
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Rap kreyòl, Rasin
Ranje chita w – mizisyen toupatou rasanble, Pipo ayaman

Hey, nou bay tout san nou nan yon peyi – hm
Se nou k fè lavi mache – hm hm
Pandan yo pa respekte dwa n – hm
Gouvènman ekspwate n – hm hm
Yo pa rekonèt li kòm metye – hm
Men depi n fè sa n frape – hm hm
DGI la kolekte tax, epi pa menm gen on bon lekòl mizik nan ti peyi n nan

Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Mizik jwe nan maryaj tankou lanmò
Menm fòw panse ak sa ti frè
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Konpa gen swasant an lap fè n danse

Si tout mizisyen nan peyi sa – hm
Ta di yo kraze on kite sa – hm hm
Kijan lavi n ta ye – hm
Strès tap fin anvayi n – hm hm
Tout sa pou n ta pwoteje – hm
Yo nou neglije – hm hm
Kòman nou vle pou n avanse, pou pwogrese kwè mwen souple sa pa ka kontinye

Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Lè kèw kontan w danse lè wap kriye li konsole w manman
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Ay pou bagay ki nou fè gouvènman peyi n dwe n respè oh

[Guitar solo]
Oh oh oh oh
Gen bon, gen pi bon
Epi gen fè, gen byen fè tande
Ritchie fè l ankò

Ministè la kilti – ranje chita w
Ranje w tande – ranje chita w
Fò k ou pa nan sal de class – ranje chita w
Fò l nan konstitisyon an – ranje chita w
Twò eksplwatasyon – ranje chita w
Klass it is baby

Epi voye l ale
[Horns]
Hm hm
90 - I'm sorry Lyrics 7 years ago
[Intro]
Hey baby, I feel so sorry
Oh oh oh oh
Hey

[Verse]
Lè mennaj mwen te gen dizwit an, Yon gwosès met pye nan neglijans
Pawòl anpil presyon paran Te fè n kwè l pat pare pou l manman
Manzèl te toujou reve pou l ta ban mwen yon bebe
Men m pat ko gen maturite, te pè reponsabilite
Mwen tonbe bal presyon pou l fè dilatasyon
Pou mwen se te sèl solisyon
Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi
Wi chak fwa m wè yon bebe, I feel so sorry

[Hook]
I’m sorry, I’m sorry
M pot ko konprann lavi
I’m Sorry

[Keyboard solo]
Woy
K L A S S - Klass nan vil la
M ap tann nou tout

Oh oh oh oh oh oh
Guito zanmi m, aya man

Ay mwen di lè timoun nan pral tonbe, li pral avòte
Menm nan klinik avè l mwen pate ale
Mwen te rete ak zanmi m, panse m se bon jennjan
Ala bagay ki lèd se lè on nonm inyoran

[Hook]
I’m sorry, I’m sorry
M pot ko konprann lavi
I’m Sorry

I’m sorry, I’m sorry
M pot ko konprann lavi
I’m Sorry

Moman l te plis bezwen prezans mwen – li pat ka jwenn mwen
Se lè sa m dezète l, lè sa m ret pli lwen w
Li te ka pèdi lavi l, avòtman gen peril
Mwen pa konn kite w ye, cheri si wap tande

[Hook]
I’m sorry, I’m sorry
M pot ko konprann lavi
I’m Sorry
Mwen mande padon Cherie

[Keyboard solo]
Konsyans mwen soulaje
Klass nan vil la
Oh oh oh oh oh oh oh oh
Fè lanmou pa gen aksidan tande

Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si w kondon w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite

Timoun koute chè – si w pa pare
Di m kisa w pral fè – si w pa pare
Vi w ka gache – si w pa pare
Vi pa l an danje – si w pa pare
Li pa mande fèt – si w pa pare
Pito w mete chosèt – si w pa pare
Fè atansyon – si w pa pare
Pran prekosyon – si w pa pare
Pa vin di m se aksidan

Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si w kondon w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite

Timoun koute chè – si w pa pare
Di m kisa w pral fè – si w pa pare
Evite bon – si w pa pare
Pase mande padon – si w pa pare
Li pa mande fèt – si w pa pare
Pito w mete chosèt – si w pa pare
316 - Pral Nan Peyan'm Pou Yo Lyrics 7 years ago
Yeah nigga

[Hook]
Ayisyen m ye sa pap ka pase
Dèyè mòn gen mòn sa pap ka mache
M konn jete dlo m konn bwè kafe
Rele di m ap vini fò m konn sak pase
Ohohohoh m pral nan peyi anm pou yo
Ohohohoh m pral lakay anm pou yo
M pral nan peyi anm pou yo
M pral lakay anm pou yo

[Verse 1]
M start machin mwen direksyon nan nò Cap-Haitien cheri
Si w di w pa konnen monchè ebyen w antò,
Bondye k fè m Ayisyen cheri
M ap kondwi tèt frèt m pap nan fè vitès, pa la pèn
M ap tande mizik m ap retire strès, m pase pa laplèn
Bouby rele m mande m kote m ap bay, li vle al avè m
M te gen pou m te pran Max,
Dòmi twonpe m Dòmi al avè m
Wout nò gen danje swasant mil alè
M poze m tèt frèt konsa m jere koub lan
Lè m rive Monwi m poze m tèt frèt
M just f on apèl rapid vit m rele Woubann
A ce temps Bistal di m jere pou bann
Piman anraje dlo sa jere l tou banm
M pa nan pale anpil m pap di pil mo yo
Rete m rete m wè m gentan Pilbowo
Aboudayiyi, bila bila kongo
Lè bouda fache tonnè boule m kote l chita - atè

[Hook]
Ayisyen m ye sa pap ka pase
Dèyè mòn gen mòn sa pap ka mache
M konn jete dlo m konn bwè kafe
Rele di m ap vini fò m konn sak pase
Ohohohoh m pral nan peyi anm pou yo
Ohohohoh m pral lakay anm pou yo
M pral nan peyi anm pou yo
M pral lakay anm pou yo

[Verse 2]
Mezi lajan w mezi wanga w
Mezi tanga w cheri, mezi bounda w
Met granmoun sou pou yo pa gad anba w
Lè w fin tonbe yo pral di gad eta w
Rele manman w oubyen rele papa w
Pa gen pèson ki pral lonje men ba w
Adye m al kot St Michel Akanj
Yo di yo ka manje m m ap gade yo ak kan je m
Banm pòt pou m antre, prezans kan kòk kenbe l lè pou m antre
Limbe ba limbe nou la n ap kenbe la
Nou bite n pa tonbe n ap kenbe la fè on lòt kalkil
Lè m rive Lakil pa ka gen dèy paske m gentan Vodwèy
Pa gen bri peta pa gen bri bal
M antre dirèk andan lakou breda
Siwo pou Danmbala wonm pou Ogou
Kafe pou Dantò banm pran bon kou
Banm pran on lòt ankò
On boutèy byen nèt on pafun rèv dò
Ou panse w ka manyen m,

[Hook]
Ayisyen m ye sa pap ka pase
Dèyè mòn gen mòn sa pap ka mache
M konn jete dlo m konn bwè kafe
Rele di m ap vini fò m konn sak pase
Ohohohoh m pral nan peyi anm pou yo
Ohohohoh m pral lakay anm pou yo
M pral nan peyi anm pou yo
M pral lakay anm pou yo

[Outro]
Lwa a pran m
310 - M Sweté'l Dansé Lyrics 7 years ago
[Intro]
Alo, alo, alo
Ou tande'm

[Verse 1]
Dj a koman ou ye
Se premye fwa mwen rele
Ti chan sa mwen vle dedye'l
A yon moun ki espesyal
Se aktivite mwen li ye
Fanm sa se tout sa m'posede
Yo di'm cho'w la rive lwen
Mwen swete ke li ap koute'l
E si g'on oditè ki konnen'l fè'l branche
Rele'l di'l g'on chanson ki pral jwe, se pou li

[Chorus]
M'swete, m'swete li danse
Lè'l tande mizik sa avèk melodi sa
M'swete, m'swete li danse
M'espere mizik sa rive sou li ak fòs

[Verse 2]
Li toujou konn ap di'm ke mwen gen anpil talan
Li di'm ke si'm travay m'ka pote anpil fwi
Li se fanatik nimero 1 m, li toujou ap sipote'm
Menm lajan pou'm peye studio, dèfwa se li ki konn ede'm
Sè'l bagay m'ap mande'l pou'l danse lè'l tande'l
Mwen konnen l'ap renmen mizik sa ak tout kè'l

[Chorus]
M'swete, m'swete li danse
Lè'l tande mizik sa avèk melodi sa
M'swete, m'swete li danse
M'espere mizik sa rive sou li ak fòs

Zenglen lifetime guarantee

[Hook]
Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen
Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen
Petèt li kapab kèk kote l'ape koute
Depi'l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye
2X
[Outro]
Petèt li kapab kèk kote l'ape koute
Depi'l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist