Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

273 - 5 Minutes Lyrics 7 years ago
[Verse 1]
Banm 5 minit souple
Pou nou ka f’on ti fon pale
Tanpri pa di’m w’okipe
Paske m’santi m’ap toufe
Se pa konsa’w te ye, non non
Di’m sa’k pase kifè ou chanje
Mwen prèt pou’m tande tout sa’w vle bb
Jis ban’m verite

[Verse 2]
Jan’w aji fè’m ap panse
Ke w’ap chèche ranplase’m
Si se vre, m’jis vle tande
Pou nou ka decide
Mpa vle ou fè’m pitye, non non
Si se pa nan bra’m ou ta vle ye
M’ap mare senti’m pou’m kite’w ale
Depi se sa ou vle

Baby
5 minutes
That’s all I need
Gabel…
Ti rasta…

[Chorus 2x]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

[Bridge]
Malgre n’ap viv san lanmou
M’mare kè’m pou’m ret toujou
Ak lespwa yon jou
W’a konprann sa’m ye pou ou oh oh
Mwen pat janm enterese’w
Tout sa’m fè ki te mele’w
M’ta renmen kesyone’w
Eske mwen mare pye’w oh oh

[Chorus 2x]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

[Bridge]
Malgre n’ap viv san lanmou
Mwen mare kè’m pou’m ret toujou
Ak lespwa yon jou
W’a konprann jan m’fou pou ou oh oh
Mwen pat janm enterese’w
Tout sa’m fè ki te mele’w
M’ta renmen kesyone’w
Eske’m janm nan panse’w oh oh

[Chorus]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

Ou gendwa pa renmen’m…
11 - Lajan sere Lyrics 7 years ago
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dako

M di alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini blofew

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…
276 - Bel Bagay Lyrics 7 years ago
[Verse 1]
Nan lanmou fò’w toujou bliye tèt ou
Fè’l kontan chak jou, kwè mwen l’ap toujou la pou ou
Kèlkeswa sitiyasyon ki ta va rive
Toujou men nan men pou’n mache

[Refrain]
Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt
Nou toujou rete kòt a kòt
Youn pou lòt n’ap ouvri pòt
Se bèl bagay lè nou mete men nan men
Je nan je pou’n di'n renmen

[Verse 2]
Mwen ak ou s’on fòs lanmou k'pa gen bout
Lè’w avè’m m’santi kè mwen pap janm nan blakawout
Kèlkeswa eprèv lavi ki ta kanpe an kwa
Men nan men n’ap pot laviktwa

[Refrain]
Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt
Nou toujou rete kòt a kòt
Youn pou lòt n’ap ouvri pòt
Se bèl bagay lè nou mete men nan men
Je nan je pou’n di'n renmen

[Chorus]
Pa gen pi bèl bagay, se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li souri, tout sa’k fè’l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li rejwi, fè san’l tresayi

[Bridge]
Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi
Pa gen anyen m’pral fè ki pou pa ta fè’l plezi
Li fè kè’m kontan
Pou mwen’l toujou gen tan, li toujou prezan
Nan bon tankou move tan’l pap chanje kan

[Chorus]
Pa gen pi bèl bagay, se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li souri, tout sa’k fè’l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li rejwi, fè san’l tresayi

Epi Bobdole

Oh oh
Se bèl Bagay
Oh oh
Se bèl Bagay

[Bridge]
Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi
Pa gen anyen m’pral fè ki pou pa ta fè’l plezi
Li fè kè’m kontan
Pou mwen’l toujou gen tan, li toujou prezan
Nan bon tankou move tan’l pap chanje kan

Oh oh
Se bèl Bagay
Oh oh
Se bèl Bagay

[Chorus]
Pa gen pi bèl bagay, se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li souri, tout sa’k fè’l plezi
Ala yon bèl bagay se lè w’ap fè bagay
K’ap fè li rejwi, fè san’l tresayi
275 - Anyen Pa Etenel Lyrics 7 years ago
Jodia ou ap souri
Pare w demen pou soufri
Nan pòch ou chaje lajan
Ou te razè pa twò lontan

[Refren]
Ou gen pwoblèm, tan ap pase
Kè ou kontan, jou ap boule
Ou mèt sote ponpe, tout bagay se pou yon tan
Se konsa li ye isi ba

W'ap travay, w'ap boule kòb
Pare w pou lè w pa gen djòb
Ou jèn ou sou pran plezi
Sonje ou gen pou vyeyi (Pare vyeyès ou)

[Refren]
Ou gen pwoblèm, tan ap pase
Kè ou kontan, jou ap boule
Ou mèt sote ponpe, tout bagay se pou yon tan
Se konsa li ye isi ba

Jean Jean Hennessy
Plop plop
Zigizag Zagalo

[Refren]
Tout sa k monte yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen yon jou fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isi ba

Kelkeswa sa k nan men w, degaje w fè sa w anvi fè
Paske demen li pap nesesè
Kelkeswa sa w vle wè, degaje w pou ou ta va wè l
Pou demen pou pa di w pat janm wè l

Yanvaloo

[Refren]
Tout sa k monte (Yanvaloo)
Yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isiba

Jan w wè l la se konsa
Men konpa isi ba

[Keyboard solo]
Ti Pachou, dwèt sa a etènèl
M'ap chanje non w tande
Hahaha...wou
Alo Ricardo prezidan konpa
Zòt ap vini tou bònman
Turbo zanmi m

Kelkeswa sa k nan men w, degaje w fè sa w anvi fè
Paske demen li pap nesesè
Kelkeswa sa w vle wè, degaje w pou ou ta va wè l
Pou demen pou pa di w pat janm wè l

[Refren]
Tout sa k monte yon jou fòk li bese (Se la loi de la vie)
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen (Patrick Fabre) yon jou fòk ou trennen (ou konprann vit, rapid vit)
Paske anyen pa etènèl isiba

Men konpa isi ba

[Guitar solo]
Bob Doll mache bann nan

Anyen pa etènèl (Depi Galile l' konsa)
Isi ba isi ba (GS Boss Fefe)
Anyen pa etènèl (BJ, Dodo)
Isi ba, isi ba
Apa w'ap swe? Ou malad
Ricky
Anyen pa etènèl (Pedro Lucky, Ti Elie)
Isi ba, isi ba
Doncue
Anyen pa etènèl

[Refren]
Tout sa k monte yon jou fòk li bese
Paske anyen pa etènèl isiba
Si w'ap mennen yon jou fòk ou trennen
Paske anyen pa etènèl isi ba
274 - Adikte Lyrics 7 years ago
Gabel
AC

[Verse 1]
Ou konnen m'damou se pa de soufri w'ap fè m soufri
Depi nou renmen se nan 'on je zegwi m'ap promennen
Malgre mwen nan doulè, cheri ou nesesè
Mwen reyalize m’adikte m’adikte

[Chorus]
Si m’al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

[Verse 2]
Mwen genyen’w nan kè m ou se maladi m ou se doktè’m
E jan pawòl la di dwèt ou mèt santi w’ pa ka jete’l
Malgre mwen nan doulè
M'reyalize m’adikte m’adikte

[Chorus]
Si m’al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

[Keyboard solo]

Pachou
Dwèt sa a etènèl

Ou s’on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

Cheri, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pa gen demen
Baby, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pap gen demen

Si w ta yon dife mwen mèt boule – oh oh mwen pa negosye w
Si w ta yon virus m’ap kontamine
Si w pral nan lanfè m'prale avè w – oh oh mwen pa ka kite w
Depi mwen avè w se gaz kole

Cheri, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pa gen demen
Baby, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pap gen demen

Si w ta yon dife mwen mèt boule – oh oh mwen pa negosye w
Si w ta yon virus m’ap kontamine
Si w pral nan lanfè m'prale avè w – oh oh mwen pa ka kite w
Depi mwen avè w se gaz kole

[Hook]
M’adikte (4x)

[Chorus]
Ou s’on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

[Hook]
M’ adikte (4x)
214 - Skandal Lyrics 7 years ago
[Skit]
Kiyès ki responsab Number 1 la isi a la a?
Mwen menm wi. Sak gen la a chef la?
Daprè bon jan enfòmasyon ke nou genyen nan anbasad la
Djaz sa a pran gwo lajan nan men moun fè pase kòm mizisyen pou lage yo lòt bò dlo
Nou deside revoke tout viza moun ki fè pati djaz sa a tout otan ankèt la poko fini.
Spesyalman ti manadjèz la

Woyy ou konnen djaz an fayit
Fò n chache yon mwayen pou n siviv (Adje, adje)

[Roberto]
Pèp Ayisyen yo chèche'm yap jwenn mwen tou limen

2014 la pi move
Met beton an

[Koral]
Pou sa nou fe deja nan zafè kanaval yo di'n se sèl wa
Gonaives kanpe an kwa tout sa ki atake'n, n'ap pran nan twa wa
O O O nan site d'endepandans m'pral refè listwa (Kòm chak ane)
O O O sonje papa Dessalines te fè li deja
Nap mande tout sòlda mete'n o gadavou nou pral nan konba (Nap salye tout solda m yo)
Ansanm n'ap jwenn viktwa nou deja fè l sou yo konbyen fwa deja (Ann ale)
O O O nan site d'endepandans m' pral refè listwa (Kòm chak ane)
O O O sonje papa Dessalines te fè li deja

Tout sa k'ap atake'n yo, pral met pou yo
Shabba Shabba Shabba, men Bèto kouri
Hey (8x)
Met tenis nan pye w piti
Oh Ah
Mpa pè – Gonaives avè'm
Mpa pè – Raboto avè'm
Mpa pè – Ayiti avè'm
Kisa pou'm pè a

Vinn chita sou sa
Shabibibibi fèmen bèk ou (Ti makòmè) Vinn chita sou sa
Shabibibibi fèmen bèk ou (E bizniz fanm k'enterese w)

Depi'm kwaze avè yo – Boom boom men pou ou 5x

Pa vinn mande padon
Ane sa a vagabon bwa nan dada'w (Digicel)
Pa vinn mande padon

Vinn chita sou sa – Vinn chita sou sa
Shabibibibi fèmen bèk ou (Ou gen odas pale sou moun)
Vinn chita sou a (Pou dosye ‘m gen pou ou)
Shabibibibi fèmen bèk ou

Depi'm kwaze avè yo – Boom boom men pou ou 5x

Pa vinn mande padon
Ane sa a vagabon bwa nan dada'w (Sogener)
Pa vinn mande padon

Rale Kleenex ou piti

Petit Regi sispann bay manti (Odasyez)
Ou gen 6 an wap kriye pou li
Pran pòz kite akoz de maladi
Wap fè depresyon mache kay ougan paske w pa gen devan (Ekstansyon)

Ayiti, men Skandal la

Manzè al Bahamas avèk yon ti pouchon
Lè l tounen Canada gwo Pouchon kenbe'l li baw (Yo ba l prizon tou wi)
Yo konnen madan entèl, yo konnen yo konnen l 2x
Chabibi chaje pla men k'ap bat tanbou avè l
Dè fwa yo masculin, dè fwa yo feminen (S'on seleksyon)
Yo konnen madan entel, yo konnen yo konnen l 2x
Manzè ap viv anwo avèk yon ti brejenn
Zokiki a anba ap dòmi sou sofa
Yo konnen madan entel yo konnen yo konnen l2x
Yo konnen
Yo konnen
Yo konnen l

Gonaives leve men n, nou pral pete chanpay – leve men nou anlè anlè anlè

Fanatik T-Vice bezwen fete, debouche chanpay – bow
Debouche – bow
Pèp Ayisyen bezwen fete, debouche chanpay – bow
Debouche – bow
Leve de men n anlè souke yo
Souke (12x) yo

Peyi a se pou ou (Mick Valcin ou ve ko'w)
Kale dada'w jan'w vle (Secom papa)
Peyi a se pou ou

Tout moun ki sou stand yo bezwen fete, debouche chanpay – bow
Debouche – bow
Madan bredjenn bezwen fete, debouche chanpay – bow
Debouche – bow
Tout moun leve de men n anlè pou n souke
Souke (12x) yo

Peyi a se pou ou
Kale dada'w jan'w vle (Hennessy Production)
Peyi a se pou ou

Yo vle pran daso (ein hein)
Yo leve Beto (ein hein)
Men original gita, men gita men gita a

[Guitar groove]
Wach manman
Wawawawach manman
Wawawawach manman

Bouboul
Gonaives cheri, men pitit gason w

Zobodop Zobodop Zobodop

Gonaives y'ap mande pou mwen
Raboto mwen tande y'ap mande pou mwen
Lot bò lakou mwen tande y'ap mande pou mwen
Ayiti mwen tande y'ap mande pou mwen
Men towo a – woy woy
Men gwo djaz la – woy woy
Men mèt beton an – woy woy
Sa yo mande a – woy woy
Se woz e jon nan – woy woy
Men tèt chaje a – woy woy
Men sa yo pè a – woy woy
Chanpyon kanaval la – woy woy

Pa fè mwen mande anraje
Pa fout fè mwen dedouble
M anraje (5x)
Pa fè mwen mande anraje
Pa fout fè mwen fout dedouble
M anraje (5x)
M anraje (5x)
Jete'w

Kole w pran, pa kole w pran (4x)
Tout kote!

Woy woy woy, ou pa gen zen sa a
Woy woy, ou pa nan nivo sa a (Ou twò piti pou manyen m)
Woy woy ou pa gen zen sa a
Woy woy, ou pa nan nivo sa a

Pa fè mwen mande anraje
Pa fout fè mwen dedouble
M anraje (5x)
M anraje (5x)
Jete'w

Kole w pran, pa kole w pran (4x)
Rara Lakay
Kole w mele, pa kole w mele

Woy woy woy ou pa gen zen sa a
Woy woy ou pa nan nivo sa a

Ale lave 6x

Chouchou Moto

Tout moun de men n anlè – wey
Se kanaval – wey
Yo bezwen skandal – wey
N'ap ba yo skandal – wey

Tout kote nou pase se – bwa
Tout sa kap pale – bwa
Tout sa kap radote – bwa
Moun sa yo sou bwa
Nou gen bwa pou tout moun
Nap simen bwa sou yo
Kale yo (4x)

Ay woy woy woy woy
MSC Trading, bwa pa m pi bon

Wo o o o, sa poum fè a moun sa yo 2x

Mache Ti Tony, sa pou m fe ak moun sa yo?

Manzè al Bahamas avèk yon ti pouchon
Lè l tounen Canada gwo Pouchon kenbe'l li baw
Yo konnen madan entèl, yo konnen yo konnen l 2x
Chabibi chaje pla men k'ap bat tanbou avè l
Dè fwa yo masculin, dè fwa yo feminen
Yo konnen madan entel, yo konnen yo konnen l 2x
Manzè ap viv anwo avèk yon ti bredjenn
Zokiki a anba ap dòmi sou sofa
Yo konnen madan entel yo konnen yo konnen l 2x

Elle sont très connues, hein celles-là

Chabibi ak Bicha ap pale lakay se lakay epi pwodwi Dominiken anba bra yo
Bann ipokrit
Rhum Babancourt

M anraje (5x)
M anraje (5x)
Jete'w
HL Construction

Kole w pran, pa kole w pran (4x)

Fanatik T-Vice chante

Woy woy woy ou pa gen zen sa a (Criolito, tablèt yo renmen a)
Woy woy ou pa nan nivo sa a

Ale lave (6x)
Plezikanaval gen plezi wi

Tout moun demen'n anlè – wey
Se kanaval – wey
Yo bezwen skandal – wey
Nap ba yo skandal – wey

Tout kote nou pase se –bwa
Tout sa kap pale –bwa
Tout sa kap radote –bwa
Moun sa yo sou bwa
Nou gen bwa pou tout moun
Nap simen bwa sou yo
Kale yo (4x)

Ay woy woy woy woy
Bonbagaylakay.com
Boston United cheri

Men dezyèm gita a nan wèl ou

Yo vle pran daso
Yo leve Beto
Men original gita men gita men gita a (Jojo men gita a)

Wach manman (Alo Glasses)
Wawawawach manman (Gaetan Vice)
Wawawawach manman (Ti Regi MVP)

Nou fout yo yon kle kou depi anlè
E pa skandal yo tap chèche?
Ou paka avili moun lè lakay ou plen frata
224 - C'est Complique Lyrics 7 years ago
Verse 1]
Pa twò lontan, lè y ap panse a yon lanmou konplè
Foto nou de te parèt an premye
Tout au début, lè y ap pale de couple exemplaire,
Non nou tou de se te yon referans
Ou pat konn pressure m, mande m pozisyon m,
Sitou si w panse ke sa t ap mete m nan ti soulye m
Ou te konn pwoteje m nan antouraj ou
Pa t bay pèsonn okazyon kesyone atachman m

[Verse 2]
Avan w pale kounya se de beaux aspirations
De projéction, et de disposition
Se vre m dakò chak moun k ap viv dwe g on objectif
Sof ke m panse l pa dwe fèt ak presyon
Mwen debousole, mwen dezoryante
Mwen pa moun ki ka jere yon tansyon aussi palpable
Depuis l bò kote w, atmosphère tendu
De enseparab, nou vin pase a enkonpatib

[Trumpet solo – André Déjean]

[Keyboard]

[Verse 3]
Se pa ke m pè responsabilite, oubyen m pa konnen sa m vle
O non non non, sa pap mache konsa
Pa vle desizyon m enfliyanse, men fòk li byen kalkile
Pa ka genyen foli, paske gen twòp enjeu

[Chorus]
Ou chita ap bay presyon (tout tan), se pa tout moun ki jere l byen (tande)
Gen moun li fè mache, gen moun li fè kouri

Ou chita ap bay presyon (tout tan), se pa tout moun ki jere l byen (tande)
Gen moun li fè mache, gen moun li fè kouri

[Verse 3]
Se pa ke m pè responsabilite, oubyen m pa konnen sa m vle
O non non non, sa pap mache konsa
Pa vle desizyon m enfliyanse, men fòk li byen kalkile
Pa ka genyen foli, paske gen twòp enjeu

[Chorus]
Ou chita ap bay presyon (tout tan), se pa tout moun ki jere l byen (tande)
Gen moun li fè mache, gen moun li fè kouri

Ou chita ap bay presyon (tout tan), se pa tout moun ki jere l byen (tande)
Gen moun li fè mache, gen moun li fè kouri

[Keyboard]
Mwen menm presyon fè m ale

[Hook]
Mwen pa vle pran preyson (rpt)

Alors, se sa yo di
Non non, pa fè sa
M pa mache konsa

[Hook]
Mwen pa vle pran preyson (rpt)

Jean Raymond, o pou di ou menm ankò frè m?

[Verse 4]
Menm lè m pa pale, mwen pa di yon mo,
Sa pa di m pa konprann, sa pa di m enkonsyan
Souf mwen ap koupe, kè m ap rache
Mwen s on nonm toumante
Lavi mwen pa fasil zanmi

[Chorus]
Nenpòt ki dezisyon mwen pran
Nenpòt ki direksyon mwen pran
Kanmèm m ap genyen kè kase
Kanmèm m ap genyen dlo nan je

Nenpòt ki dezisyon mwen pran
Nenpòt ki direksyon mwen pran
Kanmèm m ap genyen kè kase
Kanmèm m ap genyen dlo nan je

[Verse 4]
Menm lè m pa pale, mwen pa di yon mo,
Sa pa di m pa konprann, sa pa di m enkonsyan
Souf mwen ap koupe, kè m ap rache
Mwen s on nonm toumante
Lavi mwen pa fasil zanmi

[Chorus]
Nenpòt ki dezisyon mwen pran
Nenpòt ki direksyon mwen pran
Kanmèm m ap genyen kè kase
Kanmèm m ap genyen dlo nan je

Nenpòt ki dezisyon mwen pran
Nenpòt ki direksyon mwen pran
Kanmèm m ap genyen kè kase
Kanmèm m ap genyen dlo nan je

[Outro]
Epi fanatik Nu-Look repete:
M pa vle pran
M pa ka pran
Ni m pap pran preyon
M pap pran presyon nan men pèsonn

Jordany, Ricky
287 - MPK Lyrics 7 years ago
Pou jenès la, pou lari a, pou ghetto yo, pou peyi a
Mikaben Kai let’s go

Hands up (2x) – put em up
Hands up (2x) – ski skit
Hands up (2x) – put em up
Hands up (2x)

Pral g on kouri kouri kouri nan lari a
Kai la resi lage nou pran peyi a
Kouri kouri kouri nan lari a

Depi n debake nou anvayi la - Eske nou la
Fè n wè chemiz anlè epi vire yo - Eske nou la
Fè n wè mayo n anlè epi vire yo - Eske nou la
Fè m wè sèvièt anlè epi vire yo - Eske nou la

Plezikanaval n ap vini wi la

Bagay sa fè m monte pi wo, pi wo

Kite l anlè (2x) – tou gòl
Depi n lage on bagay nou pa ka fè erè – tou gòl

Banm di w

Pral g on kouri kouri kouri nan lari a
Kai la resi lage nou pran peyi a
Kouri kouri kouri nan lari a
Nan lari a nan lari a

Sòlda yo pa kanpe
Nou fò n avanse
Nou pral pran libète n
Woy nou pral manifeste

Voye lavi chè ale avèk men dwat la – plaw
Voye la pwoblèm ale avèk men goch la – plaw
Voye division ale kite de men n anlè – plaw
Kite de men n anlè, chase kwaze

Kite y anlè chase kwaze – plaw plaw
Chase kwaze fè yo wè nou – plaw plaw
Chase – plaw
Kwaze – plaw
Chase kwaze (4x) – plaaaa

Mache Titony - nou pral mache sou yo
Ou kwè se mwen – ahhhh lage l ankò
Mache mache – nou pral mache sou yo

Digicel – nou pral mache sou yo
Ahhh lage l ankò
Ministere du tourisme
Rhum Bakara

N ap salye frè m Black EZ, Black Alex cheri, samba Kessi
Nou sonje anpil nan kanaval la
Chante

Oh oh oh oh
Pa pè chay la
De men anlè si nou nan kay la

Bon lè a rive pou nou pale koze a wi
M konnen yo pap vle tande men

Heinhein ou panse w pi entelijan
W konn se pale fransè wa tire kòb la pi devan
Ti blofè, chak jou n ap gade w n wè w vin pi mechan
Nou pral bare vòlè, bare vòlè

Li pa ka konsa oh oh oh
Pa gen ahah konsa eh eh eh

Tande non tande non
Tout sa k vle ayiti reviv yo chemiz anlè – vire
Tout sa k vle ayiti reviv yo sèvyèt anlè – vire
Tout moun vire anlè – vire
Fè m wè n vire l anlè – vire
Vire (4x)

Apa w sezi, sa w te panse, ou t ap fete, kounya ou nan kache

Anmwey
Oh ou te panse ou t ap pral fete la
Chak ane ou pran baton
Men ane sa pitit gason, je m plen dlo pou ou

Ane sa nou pi move
Ane sa nou pi mechan
Ane sa nou dedouble
Ane sa nou san pitye

Kai sa s on Kai chè - s on bagay chè
Kai sa s on Kai chè – ou pap jwen li anè l pa nan likidasyon

Vole pou w pran l – vole
Vole pou w pran l – vole vole
Vole pou w pran l - vole (4x)

Ti blofè
Pa banm souse magi
Pou w di m se karamèl

Ayiti Kourye – tèt fret

M pap souse magi pou karamel
Pa gen sa pyès

Yo vle ban n souse magi pou karamèl
Tout bredjen mwen yo
Ede m chante
M pap souse magi pou karamel
Non m pap souse l ankò (2x)
233 - Pa Swete Mal Pou Yon Lot Lyrics 7 years ago
[Intro]
Nu-Look
Pa mande mal pou moun

[Verse 1]
Pa pran chans mande mal pou yon moun
Pa janm bliye yo di: “Sa ou swete pou bèlmè w se manman w li rive”
Pa pran chans antre nan fè konplo
Lè sa menm lanati ap vire do l ba ou, l ap kite w degaje w
Lè sa wa va mande kisa w fè w ap peye
Tèlman tout sa w a va touche a kont ou
W a di se fè y ap fè w, w ap bay moun pote chay
San w pa konnen se sa ou fè w ap peye

[Chorus]
Ou genlè bliye pwoblèm se tankou men sòl li ye
Chak moun genyen tou pa yo
Chak moun genyen jou pa yo

Ou genlè bliye pwoblèm se tankou men sòl li ye
Chak moun genyen tou pa yo
Chak moun genyen jou pa yo

[Pre-chorus]
Lè sa wa va mande kisa w fè w ap peye
Tèlman tout sa w a va touche a kont ou
W a di se fè y ap fè w, w ap bay moun pote chay
San w pa konnen se sa ou fè w ap peye

[Horns]
O o, sa k gen la a?
N ale
Tout sa ou fè w ape peye

[Keyboard]
O o o o o o
Nu-Look, tande m tande yo di m pap ka fè l
Tony Mix, yo pral di se dyab…òrrr
O o o o o o

[Chorus]
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante byen, se byen w ap rekòlte ti zanmi
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante mal, se mal w ap rekòlte ti zanmi

[Chorus]
Si w konnen w fè moun mal – fò w peye
Si w konnen w blofe moun – fò w peye
Ou fè moun enjistis – fò w peye
Monchè fò w peye l – fò w peye
Manyen sa k pa pou ou – fò w peye
Manti pou gen pozisyon – fò w peye
Si w konnen w fè abu – fò w peye
Monchè fò w peye l

[Chorus]
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante byen, se byen w ap rekòlte ti zanmi
Sa w fè sou latè, se la w ap peye l
Si w plante mal, se mal w ap rekòlte ti zanmi

[Chorus]
Si w konnen w fè moun mal – fò w peye
Si w konnen w blofe moun – fò w peye
Ou fè moun enjistis – fò w peye
Monchè fò w peye l – fò w peye
Manyen sa k pa pou ou – fò w peye
Manti pou gen pozisyon – fò w peye
Si w konnen w fè abu – fò w peye
Monchè fò w peye l


[Hook]
Gade eta w mwen wont pou ou
Gade eta w mwen tris pou ou
Gade eta w, gade eta w

[Keyboard]
Nu-Look gate jwèt la
Pandan w ap rablabla w ape radote,
Nou menm n ap bay konpa

Pandan w ap rablabla w ape radote,
Nou menm n ap bay konpa

[Hook]
Gade eta w mwen wont pou ou
Gade eta w mwen tris pou ou
Gade eta w, gade eta w

[Verse 2]
Lè w tande y ap pale, yo fèmen zye yo
Yo bliye, yo bliye moun ki kanpe avè yo
Lè w tande y ap ranse, yo fèmen zye yo
Inyore, inyore tout moun ki avè yo

Ala kote moun yo engra

[Hook]
Rale kò w la, rale kò w la
Rale kò w la, rale kò w la…fake

Rale kò w la, rale kò w la
Rale kò w la, rale kò w la…fake

[Verse 2]
Lè w tande y ap pale, yo fèmen zye yo
Yo bliye, yo bliye moun ki kanpe avè yo
Lè w tande y ap ranse, yo fèmen zye yo
Inyore, inyore tout moun ki avè yo

[Hook]
Rale kò w la, rale kò w la
Rale rale rale rale
Rale kò w la, rale kò w la

Ou di w se granmoun nenpòt timoun bat ou
Nenpòt ki kote, nenpòt ki kote
Ou pale, ou pale, ou pale
Mete granmoun sou ou

[Guitar groove]
(Si w pa Nu-Look, monchè al anba tè)

[Hook]
Ou panse m pat pare
Ou panse w te fin bon

Men mèt ke w papa

Fanatik Nu-Look yo, fè chenè, fè chenè pou yo

[Hook]
Fè chenè – chenè

Mete granmoun sou ou

[Hook]
Ou panse m pat pare
Ou panse w te fin bon

Men nou chire, ou chire

[Horns]
Men sa yo pat vle a
M bare anwo, m bare anba
226 - Daddy's Girl Lyrics 7 years ago
[Verse 1]
Ou vin devan mwen, ou di m ou renmen li
Èske ou reyèlman konnen que sont les rudiments de l’amour?
Ou vin devan mwen, ou vin mande men li
Èske ou sur se sa ou vle, ak tout sa ki akonpanye l
Pase tout anfans li ap pwoteje l kont tout inquietude li, tout peur li
Mwen se te premye lanmou ke li te janm konnen
Te fè l kwè la vie n’est fait que de roses

[Verse 2]
Ou vin devan mwen, eksplike m santiman w
Èske ou sur se sa ou vle?
Èske w certain se sa k manke w?
Ou vin devan mwen mande m approbation m
Ta vle w konnen li pa on fardeau
Se ti trezò m, se ti mago m
Avan m akspete fò w promèt mwen ke li pap janm rele w papi
Paske lè li t ap grandi, nenpòt ti apreyansyon l,
Mwen se te premye rekou l te genyen

[Bridge]
Inévitablement, yon paran dwe afronte (2x)
Pase tout anfans li ap pwoteje l
Kont tout inquietude li, tout peur li
Mwen se te premye lanmou ke li te janm konnen
Jis vle fè w konprann ke li pa on fardeau

[Guitar]
Ah papa, pitit nan men w, lekòl lage

[Chorus]
Avec un sanglot dans la voix, et la réalité en face
Elle est mon p’tit joyau, ce que j’ai de plus précieux
Pwomèt mwen w ap pran swen de li

Avec un sanglot dans la voix, et la réalité en face
Elle est mon p’tit joyau, ce que j’ai de plus précieux
Pwomèt mwen w ap pran swen de li

[Verse 3]
Tanpri tande, se pa anyen de personel mwen gen avè w
Kou w aple à être père, lè sa w a konprann
Ki koneksyon yon papa partaje avèk pitit fi l
S on sansasyon aigre-douce lè li prale

Avec un sanglot dans la voix, et la réalité en face
Elle est mon p’tit joyau, ce que j’ai de plus précieux
Pwomèt mwen w ap pran swen de li

Avec un sanglot dans la voix, et la réalité en face
Elle est mon p’tit joyau, ce que j’ai de plus précieux
Pwomèt mwen w ap pran swen de li

Tanpri tande, se pa anyen de personel mwen gen avè w
Kou w aple à être père, lè sa w a konprann
Ki koneksyon yon papa partaje avèk pitit fi l
S on sansasyon aigre-douce lè li prale

[Guitar solo]

Menm si ou ale m ap toujou pwoteje w
Menm si ou ale w ap toujou Daddy’s girl

Menm si ou ale m ap toujou pwoteje w
Menm si ou ale w ap toujou Daddy’s girl

[Outro]
Te konn kanmenm yon jou fò w te ale
Onètman mwen pa t janm vle aksepte l
Konnen pòt mwen ap toujou ouvè pou ou
Tanpri jènjan pwoteje li pou mwen
You’ll always be daddy’s little girl (daddy’s little girl)
You’ll always be daddy’s real treasure (mon beauté, trésor)

You’ll always be daddy’s little girl (daddy’s little girl)
You’ll always be daddy’s real treasure (mon beauté, trésor)

Te konn kanmenm yon jou fò w te ale
Onètman mwen pa t janm vle aksepte l
Konnen pòt mwen ap toujou ouvè pou ou
Tanpri jènjan pwoteje li pou mwen
You’ll always be daddy’s little girl (daddy’s little girl)
You’ll always be daddy’s real treasure (mon beauté, trésor)

You’ll always be daddy’s little girl (daddy’s little girl)
You’ll always be daddy’s real treasure (mon beauté, trésor)
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist