Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

73 - ZOKOKO Lyrics 6 years ago
[Intro]
Gwo Bout Mizik Empire
Eya papa (3x)

[Hook]
M se sèl prezidan k pap pran nan koudeta
E zafè chanpyon an ou poko goute sa
Men nèg yo fristre pase m ap domine
Se mwen k pou ta rele tèt mwen Popilè
M se sèl prezidan k pap pran nan koudeta
E zafè chanpyon an ou poko goute sa
Tèlman y ap mal pase, se maji y al boule
Yo tankou fatra k nan ravin k ap boule

[Verse 1 - Roody]
M kwaze avèk krèy ki sou wout mwen ki prèske fè m kraze karyè m
M kwaze ak zanmi k ape bwè byè m ki prèske fè m kraze kanè m
Manmzèl ap aplodi nèg yo pandan yo di s on gran ravin
Genlè se pa nen k nan figi l, kòmsi l konn manje nan latrin (wouch)
M te konnen w kòm Baky, m pat konnen w kòm Blackie
Kounya kòman dan w fè nan pye m?
Pandan w pral nan peyan w pou al fè maji
M detounen w, kòb gangan m fè w manje l (Ayibobo)
Game lan se Roody ki kòmande l
Men Zokoko nan men w, fò w tande l
Di Matti Domingue si l vle fè lòbèy avè m, just rele mwen pou l di m kòman l vle l
Koudeta, Koudeta
Bounda n grate n, ba l poud etal
Gwonèg kou leta, kou leta
Mwen menm poukount mwen, m boule twa
Fò fò w veye mo w, respekte règ gramatikal
Inosan yo fè w goute siksè, jan Tony te bay Gama tikal (engra)

[Hook]
M se sèl prezidan k pap pran nan koudeta
E zafè chanpyon an ou poko goute sa
Men nèg yo fristre pase m ap domine
Se mwen k pou ta rele tèt mwen Popilè
M se sèl prezidan k pap pran nan koudeta
E zafè chanpyon an ou poko goute sa
Tèlman y ap mal pase, se maji y al boule
Yo tankou fatra k nan ravin k ap boule

[Verse 2 – P Jay]
Yo yo m pa fè l souvan men lè m vle, m fè l pou bon
Popilè ke tout malgre m pa fè l pou non
Toufe m vin toufe yo tout
E yo tout wè m kou lafimen bòz lè sa ranpli poumon
Han han, trangle y ap trangle
Yo tounen [?], wi se tranble y ap tranble
Poze, pa oze,
Wi ou konnen l deja, wi se danble m ap danble
Prete w on linèt, met on linèt
Si w pa wè se mwen k best, nigga prete w on linèt
Ou pran stil mwen, ou kopye l, ou kenbe l tankou pussy boy
Nigga wi, m te fout prete w li nèt
Chita lanbe bouda Sandro swete lavi w ka woz
Ti fo milat, m konnen w depi lè w t ap fè ladesant kay Rose
Wè lafimen, konn dife pran vre
Wi san dout nigga, dife pran vre
Kounya black lage nan douko
Shit, Ayiti pa w la diferan vre
Si m t ap ba w nòt, se 3 sou 10 nigga, li pa ka plis
Matti siyen w nan Zoule Makeup
Kounya w zuzu kou Clara Luce

[Master Brain]
En: Lè w panse m ap ba l move jan, e fent m ap fent li
De: Voye l bwase, ou panse w jènjan, e pimp m ap pimp li
Twa: Player pa bay koudeta, sèl sa nou gen pou devwa
Se fè w take care fanm ou, manje kòb ou, ede w jere pouvwa
E sèl kaka menaj mwen wi sèlman m pat vle manje
Alors si tu peux le faire Baky Martelly, m pa gen danje
Yon nèg ki koupe fanm an w, aprè w di w pral nan peyan w
Lè w ouvè pòt lakay an w, w ap jwenn mwen sou vant manman w
Fanm mwen Boston, fò w vole wi ègleman pou pran pouvwa m
Pandan w ap kiss la, sorry gentleman si w pran gou bwa m
Nan moman an s on sèl grenn mizik nou ka konpare a Zokoko
Ki ki ki ki mizik? Way, ba yo Zoklo

Zokoko Zoko Zoko Zokoko
253 - Zep Tima Lyrics 6 years ago
Zanj yo zanj yo, Nou tout se zanj yo
Zanj anbarase mwen
Zanj yo zanj yo, Nou tout se zanj yo
Zanj anbarase mwen
Danbala Wedo Ayida Wedo nou tout se zanj yo
Zanj anbarase mwen

Gad on bèl ti wòb wi chè
Kiyès ki fèl, madan Aman
A ki machin, machin a koud
Ki fil, fil blan
Vire pou mwen, men mwen
Vire tounen, men mwen
Kase filè, men mwen

[Hook]
Zèp ti machin nan, ikèw awoua pipip (4x)
Zèp tima – awoua pipip

Trois fois passez la, C'est la derniere qui restera
J'ai perdu ma fille. Levez Mariane
Ouvrez la porte grand,
Passez
Lalin a solèy sa w pi pito
Mwen pito solèy, mwen pito solèy
Mwen pito solèy
Lalin a solèy

Kay madan Bruno, kay madan Bruno
Fanm pote gason sou do
(3x)
[Hook]
Zèp ti machin nan, ikèw awoua pipip (4x)
Zèp tima – awoua pipip

Zanj anbarase mwen

Kay madan Bruno, kay madan Bruno
Fanm pote gason sou do

[Hook]
Zèp ti machin nan, ikèw awoua pipip (4x)
Zèp tima – awoua pipip
252 - Zengendeng Lyrics 6 years ago
[Intro]
Hey hey hey hey

[Verse 1]
Lè Enposib ap frape – konsa
Mete kò w kote ou vle
Ou ka fè sinema, ou ka tou kraze bal la
Ou gendwa tou tonbe tonbe tonbe ponpe – ou gen dwa
Ou gendwa tou tonbe tonbe tonbe gouye – ou gendwa
Ou ka pran gita djaz la epi ou tonbe bay konpa – konsa konsa

[Hook]
Zengendeng
Zengendeng gendeng

[Verse 2]
Ou ka mete men w anlè si ou sou sa
Vire kò w atè si ou sou sa
Èske nou la – nou la nou la (4x)

[Hook]
Zengendeng
Zengendeng gendeng

[Verse 3]
Ou kwè sevre
Èske gen moun la – oh wi gen moun la
Ki pape pran feeling la – pa pran feeling
Èske gen moun la – oh wi gen moun la
Ki ki ki pap trip la
Èske gen moun la – oh wi gen moun la
Ki pape danse la
Ebyen si w pa pran feeling sous a, konnen w malad

[Keyboard]
Enposib, oh yeah

Ouh, djazz ou

Èske gen moun la – oh wi gen moun la
Ki pape pran feeling la – pa pran feeling
Èske gen moun la – oh wi gen moun la
Ki ki ki pa trip la
Oh il n’y a plus de blagues
Mezanmi c’est du serieux
Si w pa pran feeling sous a, konnen w malad

[Keyboard]

Si l dous, di l dous

[Hook]
Zengendeng
Zengendeng gendeng
98 - You don't want me Lyrics 6 years ago
Tankou yon espri m'tap viv anndan ou
M'te konn tout saw panse
Sekrè'k nan kè ou
Tout emosyon ou
Ou se soley ki te leve jou'm
Se ou'k te fè'm goute privilej lanmou
Tout sa se te ou oh

Kounya n'ap janbe yon kalfou
Jan'm wè'l la n'pap fè demi tou
S'on lwa'k sou teritwa lanmou
Moun pa fòse moun
M'pwal aji kon yon moun grandi
Menm lè nan kè'm s'on ti moun piti
Yon moun pa dwe janm kenbe sa ki pa pou ou
Sa ki pa pou ou non mwen pap pèdi tan'm

[Chorus]
Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know--- (let me go)

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know---

Mwen pa vle diskite.
Mwen jis wè w'pa vle devwale'm.
Ou kapab pran'm pou egare.
Poutan m'konn plis ke sa'w panse.
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen kwè'w pap janm chanje
Ni ou pap janm di'm la verite

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know--- (let me go)

Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know---

Si tout bagay chanje
M'pap fòse'w ni m'pap oblije'w
Men se enpòtan pou mwen fò'm mande'w
Gen kouraj pou'w di'm sa'l ye
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen prefere ret pou kò'm
Olye se ou ki akonpanye'm

"Klass it is baby"
"Cherie mpa ka fel konsa non"
"Love"
"Klass it is baby yes it is baby"
"El Bruno"

Se kòm yon maladi'l ye
Lè yon kè fi'n tonbe l'pran tan
Pou li leve l'mache men mwen pap lage mwen rete kwè
Avek ou menm se te
Yon preparasyon avan
Mwen jwenn yon moun ki kwè menm jan avek mwen
Yon amoureuse e yon passionnée
M'pa regret tout lane n'pase ansanm

[Chorus]
Se ak tout kèm m'toujou renmen'w
Men mwen pap ka fòse'w renmen'm

Se kòm yon maladi'l ye
Lè yon kè fi'n tonbe l'pran tan
Pou li leve l'mache men mwen pap lage mwen rete kwè
Avek ou menm se te
Yon preparasyon avan
Mwen jwenn yon moun ki kwè menm jan avek mwen
Yon amoureuse e yon passionnée

"Bondie bon"
"Oskino Ou we"
165 - Yon Ti Moral Lyrics 6 years ago
Mayi ak diri pwodi de liks nan yon peyi
Antan yo pèp chita l ap deperi
An n leve pye n pou n wè si n a chanje lavi
Men ti gason fò w konn sa w vle
Fò w konn kote ou vle ale
Epi lè sa a, w a planifye
Les choses sont simples si w byen gade
An n wè kote pwoblèm yo kòmanse
F on ti tande

Biiii hey...pepepepo
Pa dwe fè l konsa
Bripbidi bripbidi bi (se vre)
Jwèt sa a brital,
Ou voye m lopital, poutèt yon ti moral

Han...hey
Pran san w, pran san w
Rale ti chèz ba w, chita tande

Depi nan Ginen, youn pa vle wè lòt

Ou venere Ronaldo, ou pa konn Ti Manno
Ou pa banm chans fè greenback, w ap pale je m bak
Kiyès mwen ye? Kote m prale? Ban m yon ti chans
Kiyès mwen ye? O non

Depi Coupe Du Monde rive tout kouran mache
Lè pou timoun etidye, li f on kanpe
Fò l deplase ale drive nan on lòt katye

Chefs de mon pays, ayez un peu d'amour pour Haiti
Un peuple devrait pas souffrir ainsi, respectez votre patrie
Vous de la bourgeoise, il est temps d'arrêter cette comédie
Le pays va finir par s'engloutir avec nous autre aussi

Wo o o
Wopodo wo o o
Wo o o
Podepedo

[Guitar solo]
Opa kamarad, opa
Jeunesse du pays, pour avoir une vie bien réussie
Il faut tout d'abord penser à s'instruire pour préparer l'avenir
Peuple d'Haïti, ça ne sert à rien d'être toujours soumis
N'allez surtout pas croire au faux amis qui mentent et puis sourient

Wo o o (2x)

[Horns + Piano]
Siempre, siempre...bidibi bidi

Hola soledad, la canción de mi pobre corazón
Hola soledad

Veye zo w (4x)

Ki sa nou fè n ap peye? (An han, an han)

Chef de mon pays ou ye, ou dwe pou ban n lavi
Oh oh
Peuple d'Haïti se sa li ye, fòk nou goumen pou li

Wo o o
Wololo ou wo wololo
Wo o o - N ape gade la manne pap janm tonbe
Wo o o - Pede pepe, sispann mande
Wo o o - Se tan k ape pase, pa betize
183 - Yon Ti Bo Lyrics 6 years ago
[Nickenson Prud'homme]
Richie ou kwè ou konprann bien sa'm eksplike'w la

[Richie]
Yo Nicky, moncher ou konnen bagay ou eksplike'm la se istwa'm w'ap rakonte la man

[Nickenson Prud'homme]
You playing man

[Richie]
Trust me bro

[Nickenson Prud'homme]
Men yap gade nou la wi, pa vire

[Richie]
Li dèyè'm nan?

[Nickenson Prud'homme]
Yo pran nou

[Richie]
Oh my god, anyway, let's do this

[Chorus]
Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse
Yon gwosè aksidan ki rive
Kè mwen chavire
Men pèsonn pa blese
Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse
Anbilans gentan debake
Yo di pa gen danje
Tande sa'k pase

[Nickenson Prud'homme]
Mwen sonje lè nou te toupiti
Nan lapli, nap benyen toutouni
Ansanm nou fè premiè communion
Ansanm ankò'n fè confirmation
Jodia gade nou fini lekòl
Nan graduation nap danse men'm sou zepòl
Gad je nou kontre epi nou anbrase
Kè mwen eksploze

[Chorus]

Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse
Yon gwosè aksidan ki rive
Kè mwen chavire
Men pèsonn pa blese
Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse
Pa ka gade w' nan doudou m' dekontrole
Mwen pè pou w' pa fache
Si mwen ofanse w' yah

Padon m'ap mande'w
Si mwen ofanse'w
[4x]

Yon lanmou aswè a ki fè'm tonbe panse
Anbilans gentan debake
Yo di pa gen danje
Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse

[Richie]
Bon m' sou pression wi Nicky
M'ap pran anpil pression la
I don't know about you

[Nickenson Prud'homme]
Ni mwen tou

[Richie]
Yo Nicolina you blow you blow

“Nicky”
“Yes ayMrenmen jan' fè'l la”
“Ki le”
“Sa se Zenglen”
“Zenglen all the way”
“Se sikre se sikre”
“Laissez les misteres se faire”
“Sa son konpa fann nan bouche – sa interese'w pa vre”
“Yo Nicky you need to sing you need to sing again”

[Nickenson Prud'homme]
Se jodia a mwen realize
Se yon chato lanmou n' t'ap bati
Depi n' piti blòk ap poze
Nou pat ko konprann
Pa ko gen l'espri
Chato sa genyen tout konfò
Cherie nou pa bezwen anyen deyò
Avè'w doudou mwen vle prizonye
San ou mwen pa bezwen libète

All my life I've been searching for this girl
You're the one I'm dreaming of – Tout kote mwen tap chèche'w men'w te la bò kote mwen
[4x]

[Richie]
Se jodia a mwen realize
Se yon chato lanmou n' t'ap bati
Depi n' piti blòk ap poze
Nou pat ko konprann
Pa ko gen l'espri
Chato sa genyen tout konfò
doudou nou pa bezwen anyen deyò
Avè'w doudou mwen vle prizonye
San ou mwen pa bezwen libète

All my life I've been searching for this girl
You're the one I'm dreaming of – All my life I've been searching for this love
[4x]

Yon ti bo aswè a ki fè'm tonbe panse
7 - Yon Sel Mennaj Lyrics 6 years ago
Gade kijan'm poze (ak yon sèl menaj)
gade kijan'm tempo (ak yon sèl menaj)
gade kijan'm relax (ak yon sèl menaj)

(mwen pa nan la ri anko tande ey)
Aprè denyè kou ke mwen pran nan vim
mwen ma cherie lanmou se yon krim
mwen pa gen dwèt pou mwen kontrole menaj
men gras a ou mwen repran'n kouraj
(poum di byen klè)

Yon sèl menaj pi bon (wi li pi bon)
Yon sèl menaj pi bon (pa bezwen ni 2 ni 3)
Yon sèl menaj pi bon (wi li pi bon)
(pa bezwen nan trop traka)
Yo di fanm deyo pi dous sa se pur ignorans
2 3 minut jwisans mete'w nan penitans
yo di yo se gwo player pase moun nan tenten
se lè yo pran nan zen yo resi kwè

Yon sèl menaj pi bon (wi li pi bon)
Yon sèl menaj pi bon (pa bezwen ni 2 ni 3)
Yon sèl menaj pi bon (wi li pi bon)

Epi ti medam mwen yo
eske se lil ye
e lil ye
epi ti mesyem Djakout yo
eske se lil ye
e lil ye
(Ebyen fe mesaj la pase pou mwen)
gade kijan m poze
ak yon sel mennaj
gade kijan m tempo
ak yon sel mennaj
gade kijan m relax
ak yon sel mennaj
enbyen nan moman saa
mwen poze tempo relax
epi baaaaw
ou pa egare
m'santim libere
enbyen nan moman saa
mwen poze tempo relax
epi baaaaw
ou pa egare
Ti medam yo te pranm pou vagabon
se ke yo tout ki sote
le yo wem ap byen pase
Ti medam yo te pranm pou vagabon
gade kijan yo sezi
lè yo we mwen chanje vi
Ti medam yo te pranm pou vagabon
men se yo tout kap plenyen
le yo wè'm ap byen mennen
(ou woooooo)
Ti medam yo te pranm pou vagabon
se ke yo tout ki sote
le yo wem ap byen pase
Ti medam yo te pranm pou vagabon
gade kijan yo sezi
ah menaj mwen anba bram
pa disponib sou yon mache
papapapapap tcheke fanm non
pa tcheke
cherie ann bayo cho
bayo cho
gade kijan m poze
ak yon sel mennaj
gade kijan m tempo
ak yon sel mennaj
gade kijan m relax
ak yon sel mennaj
237 - Yo Ale Lyrics 6 years ago
[Pre-Chorus]
Tout tan yo fin pase yale yale yale
Tout jevrin nou gaspiye avni jenès la fin nwaye
Koripsyon ap miltipliye pwostitisyon ap devlope
Yale yale yale

[Chorus]
Pitit te a fin ale (yo ale yo ale hey)
Se la vi yale chèche
Pwofesyonèl yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Yo pa vle rete gaspiye
Etidyann yo fin ale(yo ale yo ale hey)
Pa gen inivesite
Entelektyel yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Kiyès moun kape panse

[Verse 1]
Nou tout twouble, nou tout souye
Sak ap rele BonDye, yo fin kloure wi
Men kilè nap fin konprann
Se fyète nou pou nou defann
Se nou k fonde Nasyonzini
Gade kounye a nou dezini
L´union fait la force men kisa li defini
Si nou vle sove Lavni
Li le pou nou reyini heeey

[Pre-Chorus]
Tout tan yo fin pase yale yale yale
Tout jevrin nou gaspiye avni jenes la fin nwaye
Koripsyon ap miltipliye pwostitisyon ap devlope
Yale yale yale

[Chorus]
Pitit te a fin ale (yo ale yo ale hey)
Se la vi yale chechè
Pwofesyonèl yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Yo pa vle rete gaspiye
Etidyann yo fin ale(yo ale yo ale hey)
Pa gen inivesite
Entelektyèl yo fin ale (yo ale yo ale hey)

[Verse 2]
Kiyès moun kape panse
Gade resous kap gaspiye
Gad Manman pitit kap kriye
Nou rantre nan bese triye
Tout tan son w lave men siye atè
N toujou ap repliye
Kòm si n manje manje bliye
Pou jan Zansèt nou te briye
Pouki n toujou vle reziye woo
Si mwen ta pran poum mwen pale
Tout gagòt tout medyokrite
Kap sot nan bouch palemantè
Yo pa menm fè elemantè
Si mwen ta pran pou mwen konte
Tout ti lwa maksepte yo mete sou kote
Nou ta fe ACV ke n pata sipote doule
Mezanmi gad on doulè

[Chorus]
Pitit te a fin ale (yo ale yo ale hey)
Se la vi yale chèche
Pwofesyonel yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Yo pa vle rete gaspiye
Etidyann yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Pa gen inivesite
Entelektyel yo fin ale (yo ale yo ale hey)
Kiyès moun kape panse
12 - Yanvalou Lyrics 6 years ago
[ar:Renette Desir (Netty)]
[ti:Yanvalou]
[length:4:37.00]
[by:Megalobiz]
[re:www.megalobiz.com/lrc/maker]
[ve:1.0]
Tout rekòl la fin keyi
Mayi fin seche sou glasi
Manchèt ak kouto digo
Prale resi pran yon repo
Sa pa vle di afè li bon
Aprè rekòl se mòd sezon

Anba tonèl kay Mini
Tout abitan yo reyini
Gen yon tchaka sou dife
Yon diri blan k'ape toufe
Yon te jenjanm k'ap sikile
Nan de twa gòdèt emaye

Chak moun gen yon istwa
Gen yon koze pou li rakonte
Men lè li vin fè nwa
S'on tanbou ou tande ki leve

O Yanvalou Yanvalou
Pou yon ti moman w' fe nou bliye
Tout traka tout mize nou pase
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou gras a ou
Nou kapab pran ti plezi nou tou
Menm si n pa gen lajan pou n' jete
Sèl bagay nou bezwen pou n' danse

S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Sa konn rive pafwa
Yon ti mizik ki soti nan bwa
Yon lè avek yon lon
Ou tande l'ap vin jwe nan salon

O Yanvalou Yanvalou
Si janmè yon jou sa ta rive
Pa bliye ki kote w' te leve
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou mwen pa di
Ke w' pa gen dwa pou fè lòt zanmi
Men pinga ou kite soulye vèni
Fè w' meprize tonèl kay Mini

Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa...

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa... mandouba eee

Banbou... Kata...
Yon pè tanbou ak yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
85 - Yahveh Shalom Lyrics 6 years ago
Yahveh Shalom nan non Jezi mwen gen la pè
Yahveh Jireh nan non Jezi pwovizyon fèt
Yahveh Nissi nan non Jezi mwen gen tout batay yo

Anyen pa difisil pou ou El Shadai
anyen pa difisil pou ou bon papa
Anyen pa difisil pou ou El Shadai

Yahveh Shalom nan non Jezi mwen gen la pè
Yahveh Jireh nan non Jezi pwovizyon fèt
Yahveh Nissi nan non Jezi mwen gen tout batay yo

Anyen pa difisil pou ou El Shadai
anyen pa difisil pou ou bon papa
Anyen pa difisil pou ou El Shadai

El shadai mwen priyew nan non jezi mwen kwe ou tande e m kwe
wap reponn
Adonai mwen priye w nan kon jezi mwen kwe ou tande e m kwe
wap reponn

nan non Jezi chèn mwen yo kase
nan non Jezi wòch mwen yo woule
nan non Jezi mòn yo deplase
nan non Jezi chèn mwen yo kase
nan non Jezi wòch mwen yo woule
nan non Jezi mòn yo deplase

anyen pa difisil pou ou El shadai
anyen pa difisil pou ou bon papa
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist