Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Alekile Lyrics

Go to Alekile Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Alekile

[Refrain]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò

[Verse 1]
Alèkile moun anpwovens pi pè vòlè ke bann chanpwèl
Gen mwens bis Obama k'ap sikile ke rache pwèl
Pa gen konatra ankò, bagay sa a pèsonn pa kwè l
Taksi moto bwote pasaje tankou moso twèl
Nou pa sezi pou selilè ankò, men Teleco pa sou Grand Rue ankò
Nan chache pou n sanble ak moun, m’pa konn kisa n sanble
Genlè nou panse nou ka fè farin san ble

[Refrain]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò

[Verse 2]
Alèkile nou pa jwe foutbòl ak boul chosèt ankò (non)
Alèkile jenn yo pa fè lanmou ankachèt ankò (non)
Alèkile pa gen teke mab, pench ak oslè ankò (non)
Alèkile lougawou pa fè aktyalite ankò
Wete trip nou mete pay, nou pi mal
Nou mete bak epi vitès maksimal
Mande mande sa kap pase men pèsonn pa fouti di yon mo
Se pa manti nou vinn pi mal
Te konn manje zaboka ak wayal, alèkile se lèt ak sereyal
Alèkile kile sa kap pase pase, BIC Tizon dife di l pa ka pale pale

[Refrain]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò

[Verse 3]
Jenerasyon granpapa m te kwè nan boule maji
Jenerasyon kounyea lage nan majjigriji
Goch antre nan dwat, nou dwat e goch - demagoji
San koule anven pou lapatri - emoraji
Pa gen jenerasyon spontane
Fòk granmoun ak jèn soude
Bon modèl yo pou nou enkane
Bon granmoun yo pou nou kopye

[Refrain]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
Playlist Music Red Blue Iconplaylist