Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Beaute Dangereuse Lyrics

Go to Beaute Dangereuse Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Beaute Dangereuse

[Verse 1 - Roberto Martino]
Se vre m’vwayaje mwen pase anpil kote
Pami tout bèl fi, sou premye rega m’tonbe pou li
M’anvi rele l baby, m’anvi rele l sweety
Kouman w rele la, mwen di kote w prale la
Parmi ce beau sourire, cette beauté qui m’enivre
Dèyè bote sa m’ap mande, kisa k kache la a
Baby wo wo wo wo

[Chorus]
Wo wo wo wo wo
M’anvi f’on ti danse avè l
Wo wo wo wo wo wo wo wo
Ta fè le tour du monde avè l
Wo wo wo wo wo wo
Wo wo wo, wo wo wo wo wo

[Verse 2 - Olivier Duret]
Bèto atansyon, fò w pa pran nan illusion
De réputation, yo di fanm sa a se yon pwazon
Li pral rele w baby, li pral rele w sweety
Li pral fè w telman damou li, ou pral baze vi w otou de li
Li pa nan santiman, tout sa l fè se pou lajan
Reflechi byen avan w aji, pou demen w pa pran nan kouri

[Bridge]
Prekosyon pa kapon se sa granmoun lontan yo di
Avan w kouri tcheke, fò k ou fè yon ti etidye
Pi bonè se granmaten, monchè chèche konnen byen
Ou ka panse w jwenn viktwa, poutan ou nan fènwa

Fanm sa fè mwen depale pale pale
Li fè tèt mwen pati
Men ni

[Keyboard solo - Nickenson Prud’homme]
Dezyèm leson

[Keyboard solo - Reynaldo Martino]
Zobodo
Tout le monde chante
Atansyon...stop!
Apa w sezi, ou fèk komanse sezi
Nicky, Baby Rey, dwèt selèst yo

[Verse 3 - Roberto]
Se tout lasent jounen y’ap anmède m,
Yo di fanm sa a pa fèt pou mwen
Men sa pa deranje m, sa pa gade m mwen non wo wo
Se fanm sa a mwen vle
Mwen pase yon jounen ap kalkile,
Finalman mwen fin pa reyalize
Si mwen renmen avè l, lavi m ta bèl wo ou wo
Se fanm sa mwen vle
Sa je pa wè papa..

[Chorus]
Sa je pa wè, kè pa tounen
What you don’t know what hurt you
Sa je pa wè, kè pa tounen - li pa touten
Sa je pa wè, kè pa tounen
I don’t wanna know, I don’t wanna know
Sa je pa wè, kè pa tounen

[Verse 4 - Roberto]
Menm si manman m fache li pa dakò
Zanmi, fanmi you tout ap pot rapò
Men kè mwen deside, li pap chanje non non
Se fanm sa a mwen vle
M’anvi abandone leve m’ale kite fanmi m dèyè pou li
Se fanm sa a mwen vle
I don’t give a damn, tiye m, rache m o non wo wo
Se fanm sa a mwen vle

[Chorus]
Sa je pa wè, kè pa tounen
Li pap tounen, li pa tounen wo
Sa je pa wè, kè pa tounen
Yo Oli, I think it’s all player hating bro
Sa je pa wè, kè pa tounen
I don’t wanna know
Sa je pa wè, kè pa tounen

Ebyen mesye, kite m pran chans mwen

[Keyboard groove]
Vice2K pi rèd
Tande sa

[Guitar groove - Roberto Martino]
Oh oh, oh oh oh
Men son y’ap chèche a wi
Oh oh, oh oh oh
Gita lari a, gita lari a
Oh oh, oh oh oh
Tout moun ansanm
Oh oh oh oh oh
Repete… oh oh oh oh oh
Rekòmanse konsa
Oh oh, oh oh oh
Kite l mache
Oh oh, oh oh oh

[Outro]
Sa pa gade m, sa pa gade m
I don’t give a damn
Sa pa gade m, sa pa gade m oh oh
I don’t give a damn
Si yo di m m’son joko,
Ay sa pa gade m non
Woy men ki mele m
Playlist Music Red Blue Iconplaylist