Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Ekoloji Lyrics

Go to Ekoloji Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Ekoloji

Tèt mònn lakay yo chagren
Sézon la pli ap danmen
Dan wòch ak sab dégrennen
nan fon lanmè y-al fè youn kwen.
Do plenn kòché, gòj yo tòdé
Sézon sèk savann dézolé
La tè déklaré trip kòdé
gout lawouzé yo ékzilé.

Bagay yo maré, yo antòdyé
La vi, lanmò, mizèréré
Nou ékspozé, nou an danjé
Malè pandyé, mobilizé.

Fò-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
Nan foul la.

Fò-n véyé zo-n
N-ap pèdi po-n
Nan foul la
Nan foul la.

An-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
Nan foul la.

An-n véyé zo-n
N-ap pèdi po-n
Nan foul la.

Tout mònn lakay déplimen
Pa rét youn ti zèb ginen
Ékosistèm nan anvlimen
anpil sous, bon ti sous anpwazonnen.
Zannimo yo jennen, yo détounen
Mikwòb, maladi déchennen
Visaj Péyi-m grizonnen
si-n pa pran byen, pap rét anyen.

Bagay yo maré, yo antòdyé
La vi, lanmò, mizèréré
Nou ékspozé, nou an danjé
Malè pandyé, mobilizé.

Fò-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
Nan foul la.

Fò-n véyé zo-n
N-ap pèdi po-n
Nan foul la
Nan foul la.

An-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
Nan foul la.

An-n véyé zo-n
N-ap pèdi po-n
Nan foul la.

Papiyon ak myèl yo kraponnen
Bèt nan dlo yo vansé bay légen
Ti zwazo pa santi y-ap viv byen
Yo pran réfij, yo kay vwazen
Si-n pa pran byen, yo pap tounen.
Prékosyon
Pa kapon.

(Chorus)
Fò-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
Nan foul la.

Fò-n véyé zo-n
N-ap pèdi po-n
Nan foul la
Nan foul la.

An-n pran fòm kò-n
Pou-n pa pou kò-n
Playlist Music Red Blue Iconplaylist