Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Experience Lyrics

Go to Experience Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Experience

Toumante, kontrarye paske w panse
Kote ou ye a ou mal kanpe
Ou ka tande moun ap pale
Fò w pa aji san ou pa janmen konstate

Konbyen relasyon ki kraze
Jus paske wap asume
Moun ou avè l ape twonpe w
Avèk tèt ou w' ka nan manti
Gen moun kap tann pou pran plezi
Lè pwoblèm ou te pil sou pil
N'on relasyon ke w' te devwe pou reyisi

Emosyon mennen aksyon
Sa ka rann tristès ou vin miltiplye
San mezure eseye kreye
Yon disiplin pou gen yon stabilite

Konbyen relasyon ki kraze
Jus paske wap asume
Moun ou avè l ape twonpe w
Avèk tèt ou w' ka nan manti
Gen moun kap tann pou pran plezi
Lè pwoblèm ou te pil sou pil
N'on relasyon ke w' te devwe pou reyisi

Se pa tout konsèy ak opinyon pou w bay valeu
Paske w ka byen sezi se defèt ou w' ape preche
Gen yon pwovèb ki di se mèt kò k' pou veye kò
Edukasyon ka fè defo pa kite yo fè w laviwonn dede

Se mèt kò ki pou veye kò pou w pa tonbe
Paske yo ta renmen wè ou pa janm rive
Se mèt kò ki pou veye kò pou w pa tonbe
Paske yo ta renmen wè ou pa janm rive

Se pa tout konsèy ak opinyon pou w bay valeu
Paske w ka byen sezi se defèt ou w' ape preche
Gen yon pwovèb ki di se mèt kò k' pou veye kò
Edukasyon ka fè defo pa kite yo fè w laviwonn dede

Se mèt kò ki pou veye kò pou w pa tonbe
Paske yo ta renmen wè ou pa janm rive
Se mèt kò ki pou veye kò pou w pa tonbe
Paske yo ta renmen wè ou pa janm rive
Playlist Music Red Blue Iconplaylist