Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Fasil-Difisil Lyrics

Go to Fasil-Difisil Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Fasil-Difisil

[Verse 1 – Princess Eud]
Pou al lekòl an Ayiti, li difisil
Pou jwenn travay an Ayiti, li difisil
Pou vin yon moun an Ayiti, li difisil
Triye yon grenn nan mitan mil, li difisil
Pi fasil pou planèt la rantre nan on je zegwi
Ke Ayiti yon jou l ta sispann kenbe yon kwi
Pi fasil pou pitit Grasye mouri nan bouk la
Pi fasil pou konpa ret ajenou devan zouk la
Pou rete yon moun konsekan, li difisil
Pou viv san mache sou pikan, li difisil
On nèg lari ki pa frekan, li difisil
Pou viv san kontwòl Vatican, li difisil
Pi fasil pou syèl la touche tè a,
Tan pou nou ta jwenn yon alemye pou chak pitit tè a
Pi fasil pou nou dòmi nan fatra
Ak lamizè li pi fasil pou nou jwenn yon kontra
Pou vwayaje pou pa tounen, li difisil
Ret la san w pa gen kè tounen, li difisil
Malgre w pa kwè men w ap goumen, li difisil
Ayisyen k pap bwè dlo nan nen, li difisil
Li pi fasil pou yo achte chak branch trip nou
Entènsayonal la pran plezi nan desann slip nou
Li pi fasil pou yo leve ti dife volan
Pou yo ba nou machin, men se you ki sou volan
Li pi fasil pou yo mande n match amikal
Paske n ap jwe pye atè e y ap met kranpon vise
Li pi fasil pou yo mete n nan eskandal
Paske respè figi nou, yo pran nou pou santi pise
Li pi fasil pou n ap goumen youn kont lòt
Paske je nou pa ouvè pou nou wè gen men ki kache
Li pi fasil sou tèt nou pou n voye plòt
Alòske dèyè fwontyè a se la nou te dwe krache

[Verse 2 – BIC]
Li pi fasil pou yo dekòde sa nou kòde
Depòte sa nou pote, dejante sa nou chante
Li pi fasil diminye sa n reprezante
Yo pa ba nou batistè, nou pa ka espere sante
Li pi fasil pou yo kenbe nou nan tolalito
Jèn tifi yo nan kale kò pou sa k ap bwè kòb Kaliko
Li pi fasil pou kenbe peyi a nan chomeko
Jèn gason fimen bòz pi mal ke moun ki leve Jamaica
Ou pa tounen yon twal mouye isit, li difisil
Ou jwenn on sit ki pa poubèl isit, li difisil
Fanm nan biwo yo pa mande goute, li difisil
On politisyen ki pa dewoute, li difisil
On polisye k toujou san patipri, li difisil
On pwodwi nan mache ak on ti pri, li difisil
On madan chèf ki pa derespektan, li difisil
Nèg nan pouvwa k pa vwayaje kèk tan, li difisil
Pi fasil pou yo mande n match amikal
Paske n ap jwe pye atè e y ap met kranpon vise
Li fasil pou yo mete n nan eskandal
Paske respè figi nou, yo pran nou pou santi pise
Li pi fasil pou n ap goumen youn kont lòt
Paske je nou pa ouvè pou nou wè gen men ki kache
Li pi fasil sou tèt nou n ap voye plòt
Alòske dèyè fwontyè a se la nou ta dwe ap krache

[Outro]
Wo o o
Li difisil
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist