Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Haiti Pap Kraze Lyrics

Go to Haiti Pap Kraze Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Haiti Pap Kraze

[Intro]
An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje

An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje

[Verse 1]
Mape mande kisa’n fè nap peye
Ki fè deu piye peyi’n mare
Mwen pa vinn la pou’m akize
Men sepedan sa’m obseve

Avan sa, nou pat gen kidnappings
Avan sa, la ville la te clean
Avan sa, nou te domi de pot ouvri nou
Pat janm pè woooo
Avan sa, nou pat gen zenglendo
Avan sa, nou te kouche sou do
Avan sa, kisak pase ki fe’n chanje

An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje

An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje

[Verse 2]
Map mande si se pa yon fèt exprè
Anpil sekte ap pwofite
Plis sa pa bon plis yap touché
Ayiti vinn tounon yon biznis

Avan sa, goud la te gen valè
Avan sa, nou pap gen pwobelm koulè
Avan sa, manman’m papa’m te konn pale’m de yon karousèl
Avan sa, drive in cine le vendredi
Avan sa, chak Dimanche sou bisantnè
Avan sa, la Domikani te konn vinn pran ekzanp sou nou

[Keyboard]
Mwen di non non Ayiti pap kraze
Groove la pral chanje
Epi mwen di la jeunes

Kenbe pou’n kenbe, kenbe pou’n kenbe, mwen di non
Ayiti pap kraze
Roberto depoze konpa a

[Guitar]

Oh sakap pase la
Kouman’n rive la
Oh sakap pase la

[Hook]
Map mande pou Ayiti tounen sa manman’m pap’m te konnen
Mwen ta renmen konen’l tou
Mwen pa konen’l

Map mande pou Ayiti tounen sa manman’m pap’m te konnen
Mwen ta renmen konen’l tou
Mwen pa konen’l

Fratènite, li pa gen sa anko
Mwen di moralite, li pa gen sa anko
Sekurite, li pa gen sa anko
Li pa gen sa anko

Pou’m sot lavil m’al Petionville
Depi’m rive fo’m fe yon kout fil
Poum di fanmi’m ke mwen an vi
Gadon stress map jere

Pou mwen travay fo’m negosye
Pou yo ka banm sekurite
Malgre sa vi’m toujou sible
Gadon stress map jere nan peyi sa

Map mande pou Ayiti tounen sa manman’m pap’m te konen
Mwen ta renmen konen’l tou
Ou kwè konen’l, mesyeu les dirigens
Ou kwè konen’l, ave nou pap pale
Ou kwè konen’l, ou kwe map konen’l
Ou kwè konen’l, mesyeu les minista
Ou kwè konen’l, ave nou pap pale
Ou kwè konen’l, mesyeu les blans
Cle a nan men nou ye, Ou kwè konen’l

Ayitiens nan le monde entye
Kenbe pou’n kenbe, kenbe pou’n kenbe, mwen di non
Ayiti pap kraze

Reynaldo depoze konpa

[Keyboard]

An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje

An nou priye, an nou priye, an nou priye
Pou ayiti
Kapab chanje, kapab chanje
Playlist Music Red Blue Iconplaylist