Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song I Miss My Ex Lyrics

Go to I Miss My Ex Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music I Miss My Ex

[Refrain]
Girl you make miss my ex, my ex
Ou fè'm sonje ansyen moun mwen, moun mwen
2X
[Verse 1]
Dèfwa ou avèk yon moun ou pa konnen valè li
Se lè li pa la ankò w'ap plede di jan'l te bon
Se kounyea m’wè ex mwen pat tèlman move jan m'te panse a
Pou sa m'ap andire mwen boukante paradi pou lanfè

[Hook]
Ou di'm bagay ke'l pat konn janm oze di'm
Ou fè'm bagay ke'l pat konn janm oze fè'm

[Verse 2]
Ou chaje ak eksperyans e m'ka fè la diferans
Men sa pat anpeche ke'm te livre kè'm san rezon
Mwen te tres vulnerable
Mwen te pran yon moun tou cho tou bouke
Kounyea ex mwen ap ri'm lè'l aprann kijan ou ap maltrete'm

[Hook]
Ou di'm bagay ke'l pat janm konn oze di'm
Ou fè'm bagay ke'l pat janm konn oze fè'm

[Verse 3]
Chak fwa'w frape'm ou fè'm genyen flashback
Chak fwa'w jape, ou fè'm anvi pran ex mwen back oh
Se pa tout lè fwa ex yo konn pa bon
Kounyea m'konprann saa
[Keyboard]

[Refrain]
Girl you make miss my ex, my ex
Ou fè'm sonje ansyen moun mwen, moun mwen
2X
[Bridge]
Gen bagay m'pat ka dekouvri bonè
Se au fil du temps m'vinn wè ki moun ou ye
E si m'ta konpare'w ak ex mwen
Ou t'ap pot premye pri nan fè'm pase mizè oh oh oh

[Chorus]
Ansyen moun mwen oh
(pat konn derespekte'm)
Sanble ansyen moun mwen te pi bon oh
(li te konn fè lanmou, fè lanmou)
Ansyen moun mwen oh
(Pou li m'te gen valè)
Sanble ansyen moun mwen te pi bon oh
(Menm lè pòch te konn vid)

[Chorus]
Ansyen moun mwen oh
(Vini koze, tande pwoblem mwen)
Sanble ansyen moun mwen te pi bon oh
(Jonas gran frè'm ou te pale'm)
Ansyen moun mwen oh
(Ansyen moun mwen se moun ak kè li ye)
Sanble ansyen moun mwen te pi bon oh

[Chorus]
Girl you make miss my ex, my ex
Ou fè'm sonje ansyen moun mwen, moun mwen
2X
Playlist Music Red Blue Iconplaylist