Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Kachiman Lyrics

Go to Kachiman Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Kachiman

Yon bèl jou mwa dout
Bò lanmè m’te rive
Solèy pat ko fin kouche
Mal tande vag yo kap chante
Map gade ou sou plaj la
Cheve’w tou mouye
Ou kanpe sou rivaj la
Avèk de bèl tete doubout
Mwen vanse bò kote’w
Ou gade’m, ou souri’m
Mwen santi m’atire’w
Se konsaw lemante’m

Cheri ou telman bèl
Ou genlè dous kou’w kachiman
Ou gen lodè kanèl
Ou sanble swit kou yon nan nan
Koumanman !!!!

Mwen pwoche pi pre’w
M’t’anvi goute’w
Ou ban mwen lanmen
Tankou nou te gentan konnen
Ou di mwen ademen
Kòm si nou (te) deja renmen
Letan pou mwen kenbe’w
Ou te gentan sove’w
Map gadew kap pwale
Ou sanble yon ti pòm kajou
Ou kanpe kè’m rete
Se konsa’m wè’m damou

[Chorus]
Cheri ou telman bèl
Ou genlè dous kou’w kachiman
Ou gen yon koulè myèl
Ou sanble swit kou yon nan nan
Koumanman !!!!

[Bridge]
Mwen pa konnen’w
Poutan’m deja renmen’w
Ou mèt banm men’w
Paske m’pa al kite’w
Se tout tanm mal Jakmèl
Mpa janm wè lakansyèl
Si jodia m’ka wè’l
Fò’m pwofite’l

Ou ekzajereman bèl
Ou son’w kado’k sot nan syèl
Ou twouvab sèlman Jakmèl
Ou santi bon pase kanèl
Nan jem ou bèl kou lakansyèl
Pi sikre ke siwo myèl
Ou se yon fanm ki BeLo B free style

Ou ekzajereman bèl
Ou son’w kado’k sot nan syèl
Ou twouvab sèlman Jakmèl
Ou santi bon pase kanèl
Nan jem ou bèl kou lakansyèl
Pi sikre ke siwo myèl
Ou se yon fanm ki BeLo B free style

Ou bèl bèl bèl bèl bèl
Ou dous kou kachiman
Ou sanble swit kou’w nannan
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist