Kiyes Ou Ye Lyrics
See Full Lyrics Page
Download LRC x 1 - LRC is a Lyrics Simple Format file ( ex: [10:01.30]Line 1 ) that Music Player can sync with your Song.
Play

- Kiyès ou ye
- Ki moun ou ye
- Kote w soti
-
- Haitiano, Haitian
- Ayisyen natif natal pou pi byen konprann
- Ki mele m ak tout sa ki pa vle kwè m yo
- Sa pa gade m, m konn kiyès ki frè ak sè m yo
- Se mwen ki J Perry a, sa k pa vle Ayiti peri a
- Tout kote m pase, yo wè m, yo ban m respè nan tout lari a
- M fèt Pòtoprens L’Hopital Canapé Vert
- Nan mizik sa a m ap konfime l pou tout sa k pa t vle kwè
-
- Mezanmi wo wo wo wo
- An n voye peyi a pi wo wo wo
- Fòk li dekole pou nou tout ka enjoy
- Ayiti se ti pa m nan
- Leve men n anlè lè yo mande
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
-
- Mwen danse twoubadou, mwen danse rara
- Mwen danse rabòday, konn danse konpa
- Epi kanaval la bèl li bèl li bèl, mwen sonje Black la
- Eric Charles Mizik Mizik ki te ban nou lòv la
- Kè m pa sote lè m tande moun k ap pale pale
- De po nwa, de po wouj, de po vèt, de po ble
- De po this, de po that
- Depi w gen Ayiti sou kè w, ou se Ayisyen
-
- Mezanmi wo wo wo wo
- An n voye peyi a pi wo wo wo
- Fòk li dekole pou nou tout ka enjoy
-
-
- Ayiti se ti pa m nan
- Leve men n anlè lè yo mande
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
- solo
- Moun Pòtoprens, Kap Ayisyen mwen ye
- Moun Sen Mak, moun Jeremi mwen ye
- Moun Jakmèl, moun Gonayiv mwen ye
- Benè, Aken, Koto, Ench, Mòl Sen Nikola, Lenbe
- Moun Leyogan, Kwadèboukè mwen ye (E ou menm?)
- Moun Pò Sali, moun Miragwan mwen ye
- Moun Akayè, moun Lagonav mwen ye
- Mibalè, Wanament, Kay, Bèlans, Bòyn, Fò Libète
- Moun Podepè, Laskawobas mwen ye
- Moun Gwo Mòn, moun Koray mwen ye
- Moun Valyè, Sèka Lasous mwen ye
- Grann Rivyè Dinò, Akil Dinò, Ansavo
- Moun Desalin, Sen Rafayèl mwen ye
- Moun Plezans, Mamelad mwen ye
- Moun Chadonyè, moun Baradè mwen ye
- Sen Lwi Dinò, Twou Dinò, Ansdeno
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
-
- Kiyès ou ye
- Ayisyen mwen ye manman
- Ki moun ou ye
- Ayisyen mwen ye papa
- Kote w soti
- Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
- Palmis pou lavi yeah
- solo
Show More Lyrics +