Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Kote Moun Yo Lyrics

Go to Kote Moun Yo Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Kote Moun Yo

Kote moun yo wo, mwen pa wè moun yo Wo !

[Verse 1]
Mwen sonje lontan lèm gen vakans twa mwa
S’on plezi pou mwen desann kay grann Tiya
Pou’n al mange mango, al benyen nan gwodlo
Mwen sonje sa kò’m si sete jodia
Mwen menm ak tout ti zanmi sou katiye a
Le’n nap fe jwèt lago, jwe foutbòl ak boyo
Men kouniye a, bagay yo chanje
Mwen pa wè timoun jwe mab
Ni jwe oslè, yo pa sote kòd moute kap
Nou mele…. Nou mele

[Chorus]
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki konn jwe foutbòl ave’m
M’pa wè timoun ki te grandi avè’m
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki te enpòtan nan kè’m
M’pa wè timoun ki te grandi avè’m

[Verse 2]
Jan sa kon’n bèl, chak swa
Lè’n chita nan lakou a
Tout timoun nan piye granpa
Kap rakonte nou istwa
Jan sa kon’n bèl
Le nou desann nan jaden al manje kachiman sou piye
Bwè kokoye ole nou fè lavironn dede
Men kouniye a, Bagay yo change
Timoun yo pito manje
Manje kachte, bagay ki sot aletranje
Nou mele…… nou mele

[Chorus]
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki konn jwe foutbòl ave’m
M’pa wè timoun ki te grandi avè’m
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki te enpòtan nan kè’m
M’pa wè timoun ki te grandi avè’m

[Bridge]
M’chache, chache yo
M’chache, m’pa wè yo
Gen sa ki ezile
Gen sa ki depòte
Gen sa kal jwen bondye
Jou yo pat ko rive
Gen sa, ki toujou la,
Ki gen lespwa, sa va chanje ya delivre
Tout bon vre… tout bon vre

[Chorus]
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki te konn al lekol ave’m
valè timoun ki te grandi avè’m
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote petyonvil yo (Ooooo)
kote ajan pol yo (Ooooo)
Kote moun yo ? (Ooooo)
Mwen pa wè moun yo (Ooooo)
Kote moun ki konn jwe foutbòl ave’m
Kote moun ki te konn al lekol ave’m
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist