Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Libre d'Aimer Lyrics

Go to Libre d'Aimer Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Libre d'Aimer

[Verse 1]
Pou konbyen tan m'ap kontinye bat kò m pou granmesi
Pou konbyen tan m’ap kontinye mande w met tèt avè m
Pou nou fè tout moun wont,
Chase tout prejije yo ki vle gate projè n
Moi, j'en ai marre, oui j'en ai marre

[Verse 2]
Pou konbyen tan m'ap kontinye yon vi célibataire
Pou konbyen tan m'ap peye pou tout sa m'pa responsab
Lavi mwen mizerab, mwen ta vle pou konprann sa
Depi gen santiman, renmen avè m, renmen avè m

Papa w deklare m la gè
Manman w deside mwen pa menm ran sosyal avè w
Dezobeyi yo yon fwa
Pou yo demen se pral pi bèl kado

[Verse 3]
Pou konbyen tan m'ap kontinye mennen yon vi de nèf
Pou konbyen tan relasyon nou ap rete irréel
Ou vle pou m pran pasyans, ou paka banm asirans
Kelkeswa kondisyon, nou pap echwe nou pap echwe

Papa w deklare m la gè
Manman w deside mwen pa menm ran sosyal avè w
Dezobeyi yo yon fwa
Pou yo demen se pral pi bèl kado

[Chorus]
Soulaje m (4x)
Sa k'ap plenyen, plenyen, plenyen
Mwen konn plenyen sa a pap dure
Soulaje m (4x)
Sa k'ap goumen, goumen, goumen

[Chorus]
Libre d'aimer, nous sommes libre d'aimer
Nou gen ase matirite - gras a Dieu
E nou gen laj pou n deside - wi bebe
Nou paka pran presyon
Libre d'aimer, nous sommes libre d'aimer
Nou gen ase matirite - gras a Dieu
E nou gen laj pou n deside
Oh boo, cheri soulaje m

[Chorus]
Soulaje m (4x)
Sa k'ap plenyen, plenyen, plenyen
Mwen konn plenyen sa a pap dure

[Keyboard groove]

Banm yon chans pou m prouve m nan kay sa a

[Keyboard groove]

Banm yon chans pou m prouve m nan kay sa a

Yeah yeah
Baby you'll be surprised
Oh oh oh oh, oh oh oh oh
Come on, come on

Papi pral kontan konn kiyès mwen ye
Manmi pral kontan konn sa m'ap chèche
Zanmi pral kontan lè n g'on ti bebe
Fanmi pral kontan
Se avè l pou l jwe nan lavi sa a

Nan lavi sa a, pa jete san w pa gade
Non, non, ou pa plase pou vinn jije

Nan lavi sa a, pa jete san w pa gade
Non, non, ou pa plase pou vinn jije


Papi pral kontan konn kiyès mwen ye
Manmi pral kontan konn sa m'ap chèche
Zanmi pral kontan lè n g'on ti bebe
Fanmi pral kontan
Se avè l pou l jwe nan lavi sa a

Nan lavi sa a, pa jete san w pa gade
Non, non, ou pa plase pou vinn jije
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist