Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Louvri Je 'N Lyrics

Go to Louvri Je 'N Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Louvri Je 'N

Rale yon ti chèz ba
Mon konpè pou’n pale
Se nou’k grandèt zile a
Nou paka rete bra kwaze
Pwoblèm mare pye nou
Kisa sa mande nou
Pou’n solisyone yo
Pou’n elimine yo
Mezanmi fòk sa chanje
Nou paka nan fè nwa ankò
Nou paka viv sou fatra ankò
Li lè pou tout moun fè yon jefò
Pou peyi-a ka chanje

Fòk nou louvri je’n
Sou pwoblèm pèp
Fok nou louvri je’n
Sou pwoblèm idantite a
Louvri je’n
Sou problèm la sante a
Louvri je’n
Pwoblèm ensekirite a
Louvri je’n

Pwoblè’m politik
Pwoblè’m sosyal
Ekonomik ak anpil lòt ankò
Pouki kidnaping an 2010
Lage panik isit tribò – babò
Nan kèlke swa klas sosyal ou ye
Ou pa fouti di’w pa konsène
Paske peyi a an danje
Peyi a ap fin kraze
Nou paka viv sans espwa ankò
Nou bouke di Bondye bon atò
Li lè pou tout moun fè yon jefò
Pou peyi a ka chanje

Fok nou louvri je’n
Sou pwoblèm pèp sa
Louvri je’n
Edukasyon o rabè saa
Louvri je’n
Sou pwoblèm propryete-a
Louvri je’n
Doub nasyonalite-a

[Bridge]
Si tout moun tout klas
Ta koumanse ap analize
Chak pwoblèm an fas
Nou ta konprann jan pyen mare
Pa manke resous nan peyi sa
Gade fanm djanm ak gason ki laa
Men pouki se konsa sa ye
Pouki’n paka demare

Sou pwoblèm pèp sa
Pwoblèm idantite a non
Blakawout tout la jounen saa non
Pwoblèm peyizan, pwoblèm moun lavil
Fok nou louvri je’n
Edukasyon o rabè saa non
Louvri jen sou kominote ya
Louvri jen sou pwoblèm klas sa
Divizyon andan ras sa
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist