Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Malad Lyrics

Go to Malad Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Malad

[Intro]
Eya a, eya eya

[Verse 1]
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou mwen konnen kijan mwen ye
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou doktè di m ke ça va mal
M anik gade nan je w mwen wè malè
Pou sa mwen sakrifye pouk a avè m
Se chak jou m lapriyè, chak jou m woule chaplè
Chak jou m limen balèn pou m ka wè klè

[Chorus]
E m ap toujou malad
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen w renmen l tou
Malad, mwen pap janm geri
W avè mwen jodi a, ou te avè l yèswa

Chante
Eya a, eya eya

[Verse 2]
Mwen pa bezwen ale ka gangan
Pou mwen konnen ke mwen pa byen
Mwen pa bezwen tranpe pye m nan dlo
Pou lwa yo di m ke mwen nan cho
Pinga w fòse m vale remèd bliye
M eseye konbyen fwa sa pa mache
Medikaman m se ou, menm si doulè m se ou
Menm si m soufri chak jou, m pap janm lage

[Chorus]
E m ap toujou malad
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen w renmen l tou
Malad, mwen pap janm geri
W avè mwen jodi a, ou te avè l yèswa
Malad, mwen pap janm geri
M ap kontinye soufri
Renmen w se maladi m

[Keyboard solo]

Sa s on lòt Kaï
Nou f on lòt bagay
Ti Klod, nou pa fè fo mouvman
Nou f on lòt mouvman

Pa vle konsiltasyon (2x)

[Hook]
Pike m, pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm sa a menm si ou fè m malad
Pike m, pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm sa a menm si ou fè m malad
Pike m, pike m nan tout kò m
Mwen bezwen sewòm

Pa vle konsiltasyon (2x)

[Chorus]
Malad, mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen w renmen l tou
Malad, mwen pap janm geri
Ou avè m jodi a, ou te avè l yèswa
Malad, mwen pap janm geri
M ap kontinye soufri
Renmen w se maladi m
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist