Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Nou Pap Lage Lyrics

Go to Nou Pap Lage Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Nou Pap Lage

[Intro]
Je t’aime Haiti
Ayiti m’pap janm kite w
Ayiti se peyi pa m
An n rekonstri Ayiti
Ayiti kenbe la

[Chorus]
Gad’on tradeji ki tonbe sou peyi n
Tande moun k’ape di Ayiti fini
Mwen di non, non pa dekouraje
Mwen di non, non nou gen pou n leve
Ak lafwa Bondye

[Verse 1]
Madi 12 janvye yo rele m
Fè m konnen gen yon state of emergency
Lè mwen lumen tele m’wè tout moun do nan je
Se peyi a ki fè k tranble
M’wè palais tonbe, DGI kraze, Montana pa egziste
Sacre Coeur nan lari, Leogane ap soufri
Jacmel depafini

[Verse 2]
M’ap mande konbyen moun ki frape
Tout moun nan lari y’ap panike
Eske se reve m’ap reve
O Bondye eske fanmi mwen epargné?
Zanmi mwen OK?
Pouki se peyi m sa rive?

[Chorus]
Gad’on tradeji ki tonbe sou peyi n
Tande moun k’ape di Ayiti fini
Mwen di non, non pa dekouraje
Mwen di non, non nou gen pou n leve
Ak lafwa Bondye

[Keyboard solo]

[Chorus]
Rele papa Bondye
Pitye pou Ayiti

[Chorus]
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Everybody stand up, never ever giving up
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa

[Verse 3]
M’ap priye pou tout moun ki pèdi ‘on pwòch nan moman sa a
Kenbe la, kenbe la –
Ayiti peyi mwen, malgre tout mizè nou pase
Kenbe la, kenbe la
Fò w kenbe, nou pap lage non

Pèp Ayisyen m’avè n, e m’pap lage

[Keyboard solo]

[Chorus]
Rele Papa Bondye
Pitye pou Ayiti
Si nou fè mal tanpri padone nou
Rele Papa Bondye
Rele….

[Chorus]
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
We are one, together we shall overcome
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pèp Ayisyen ap jwenn viktwa
Mwen gen lafwa, mwen gen lespwa
Pap janm lage non…Kenbe la,

[Outro]
N’ap kenbe…
Kenbe la, kenbe la
Wo...Ayiti sou jenou men li pa kouche
L’ap releve
Se pa premye fwa Ayiti pran frap
Men n’pa janm dezespere
Nou toujou goumen, bay youn lòt lanmen
Ayiti kenbe la
Playlist Music Red Blue Iconplaylist