Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Nou byen Mal Lyrics

Go to Nou byen Mal Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Nou byen Mal

[Verse 1]
Nan mond lan, gen moun ki vini pou kouri jouk tan fyèl yo pete
Gen lòt malgre yo gen 2 pye ki vini pou ranpe
Gen sa ki vini pou anpeche lòt vini
Gen sa k ap viv pou anpeche lòt viv
Sa vle di ke menm si se ak yon chabon dife,
Chak moun nan vi a gen yon wout ki trase
Menm si se ak sandal oubyen ak soulye, fòk ni lewa, ni larèn pase pase
Mal avèk byen gen menm acte de naissance
Jezi ak Jida te oblije fè konesans
Pa gen lanvè san landwat, pa gen landwat san lanvè
E se pi gran prensip nan linivè
Ki enpòtans lavi si pat gen lanmò?
Siksè pa tap gen okenn gou si pat gen remò
Si mond lan te sanpousan pozitif, nou t ap raz
Sa ta pral mande yon table rase
Lòm, nou nan mitan 2 dimansyon
Byen avèk mal se ren pou ren, fifti-fifi
Si w pa ka fè ekilib, sorry piti
Paske menm avèk yon gwo bibit w ap piti piti
Rich, pòv
Enmi, sòv
Hèn, lòv
Djwèd, chòv
Nan pwezi yo rele sa mo ki rime
Si yo di w BIC renmen sa, se pa rimè

[Hook]
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se pa yon mal
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se nòmal

[Verse 2]
Se plizoumwen mèyè eksplikasyon
De plis e de mwens ki se yon bèl kontradiksyon
Byen ak mal fè pati konsepsyon vi a
Eve te oblije manje fwi a
Lisifè ak lanj Gabriyèl gen menm papa
Èske w deja reflechi sou sa ti papa?
Mwen pa vin ankouraje w fè mal,
Men inyore l se tèt ou w ap fè mal
Ou pap janm ka anpeche dlo bay lavi,
Menm jan ou pap janm ka anpeche l detwi lavi
Tout sa k ka fè byen anmèmtan ka fè mal
Men si w ka fè plis byen, deja sa pa pi mal
Mwen mal plase pou m pale w de byen
Men m byen kontan ke lavi m pa pi mal
M ap fè efò pou m kenbe ekilib
M pap lage lavi m nan men envalid

[Hook]
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se pa yon mal
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se nòmal

[Verse 3 – Abojah]
Ou patap konn sa k fòs san feblès
Viktwa san defèt, ni jwa san detrès
Vi sa a s on istwa ak 2 tèt, li vas
Inyorans san konesans, tout bagay gen de sans
Fè aksyon, tann konsekans
Soufrans pa vini san rezistans – rilaks
Moun konn di l byen lè se malfektè yo fè mal
E malgre l mal, li pa vle admèt a erè movèz fwa l
Si pa gen lòd pa gen dezòd, si pa gen lòd gen dezòd
Pa gen 2 God, si pa gen maryaj pa fouti gen divòs
Ou ka konprann mal ak byen mal
Konfonn byen ak mal
Paske byen pi mal pou l fèt ke mal, sa byen fè m mal
Ou byen vini w ka fini mal
Malfini pou poul, pou malfini chasè ak fistibil
Fas a fas, dozado, fraz pa fraz, mo pa mo
Sahara, gwo ma dlo
Sa a ra, BIC Abojah kolabo
Tonton palmis, kalite vis
Raj oubyen saj
Nan mond blan nwa, nou byen pal, nou byen mal

[Hook]
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se pa yon mal
Nou byen, nou mal
Nou byen mal
E se nòmal
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist