Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Pa Lage Sa Lyrics

Go to Pa Lage Sa Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Pa Lage Sa

[Mandela]
Dèfwa menm si nan la vi tout rout bloke fòw pa kanpe
Chak moun gen on jou pou ròch la vi'l woule fòw kwè nan destine
Pa koute moun ki diw pap janm anyen paske'w se malere
Gen anpil moun ki pa janm kwè nan sa ki rele destine
Solèy bondye klere pou tout moun wo fòw pa lage
Menm si devan'w tout wout bare wo pèsevere
Pa kite moun trete'w de enferiè paske'w pa gen'w dola
Rèspè'w a dignite'w pi siperiè pase million dola
Pa bliye la fwa'w se zam pou goumen a la vi a
Pa pèdi san fwa'w menm lè prop fanmi'w vle chanje sa
Woyoyoyoy woyoyoyoy (2x)

[Belo]
Dèfwa ou konn leve nan kay la nan pie'w timoun ap kriye
Pou sa wap pase la vi'w son'w tray pa gen lòt pòt pouw frappe
Ou anvi kouri men ou pa gen destination
Ou anvi vag la vi men'w gen tròp okupasyon
Dè fwa ou oblije reziye'w a sa lavi a pote
Menm si tout moun ap umilie'w pa bliye pran kòw pote
Fòw pa kriye la fòw pa lage sa
Depi wap viv fòw gen lespwa sa ka chanje la
Fòw pa kriye la fòw pa lage sa
Depi wap viv fòw gen lespwa sa ka chanje la
Woyoyoyoy woyoyoyoy (2x)

Pran kouraj vie frè solèy gen pou'l leve
Pa dekouraje aprann pèsevere
Pran tout fòs ou pa di li trò ta pou ou
Fòk ou pa lage
Ayayaya (3x)

Fòw pa kriye la fòw pa lage sa
Depi wap viv fòw gen lespwa sa ka chanje la
Fòw pa kriye la fòw pa lage sa
Depi wap viv fòw gen espwa sa ka chanje la
Ayayaya Woyoyoyoy ayayaya Woyoyoyoy
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist