Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Pari Nan Male'm Lyrics

Go to Pari Nan Male'm Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Pari Nan Male'm

Lavi s’on boul ak revè
Sa yon nonm fè se li ou wè
Li pi fasil pou fè mal
Men fò wè’l pa nòmal

Sonje byen nou tout se frè
Pèson pa renmen mizè
Yon ti fawouch tou banal
Ka fè plis mal k’on bal

Bab kamarad ou pwan dife
Ale mete paw la tranpeeee
Pa fè yon frè’w
Sa’w pa vle’l fè’w
Pou pa antisipe malè’w
Lè’w ou pwente’m ak yon dwèt
Ou gen 4 lòt sou ou, ye

[Chorus]
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Tande sa’m di ou
Pa-ri
Nan malè mwen

Se granmèt la
Jah Jah
Depi zion ki di nou
Padone frè’n chak fwa
Nou sonje jan’l renmen nou
Pa janm rann mal pou mal
Fòk nou pa fè bòsal

Sonje vwazinaj se bon dwa blan
Padone frè’w pou tout sa’l fè’w
Li lè pou ka chanje kè’w
Le ou pwente’m ak yon dwèt
Ou gen 4 lòt sou ou

[Chorus]
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m
Pa-ri nan malè’m nan malè’m nan malè’m

[Bridge]
Wap ri nan malè’m
Ou bliye’w se frè’m
Poutan si’w te nan kè’m
Pou wè jan’m renmen’w frèm
Ou pa tap bay problèm

Lè’w wè yon malè rive
Se pa jou sa a’l nan wout
Si yon nonm respekte Bondye
Fè enpe, pa fè tout
Si’w wè yon frè’w ki about
Pa-ri pito’w ede’l

Bab kamarad ou pwan dife
Ale mete paw la tranpeeee

Pa fè yon frè’w
Sa’w pa vle’l fè’w
Pou pa antisipe malè’w
Lè’w ou pwente’m ak yon dwèt
Ou gen 4 lòt sou ou, ye
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist