Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Veye Priye Lyrics

Go to Veye Priye Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Veye Priye

[Verse 1]
Depi lòm te fin peche le monde te toumante
Pèsonn pa viv an pè, toupatou se lagè
Lemond ap deperi anba vye maladi
C'est que la prophétie ap akonpli
Tout bagay gen pou pase, nou tout se pasaje
Sanble la fin rive fòk nou priye

[Horns]

[Verse 2]
Pouki n bezwen peche pou nou ka posede
Lè nou gen pou ale anyen n’pap pote
Depi nan tan zizi, nan bouch granmoun ansyen
Tout moun k'ap mal aji gen pou tenyen

[Bridge]
Ou wè w sou pye, ou ka tonbe
Panse pou repanti, se yon verite
Nou tout gen pou jije
Lè jou sa a va rive,
Fò nou pa nan manti pou n sove lavi
Tout sa ki kriminèl pap ka antre nan syèl
Aba byen materyèl, yo superficiel

Alleluia...

[Chorus]
C'est la prophétie
Lavi se eksperyans yon lutte pèpetyèl
C'est la prophétie
Achte, peye nou tout gen pou ale
C'est la prophétie
F'òn viv en harmonie pou n sa reyisi
C'est la prophétie
Chase konplèks pou n jwen prospérite

C'est la prophétie
Lavi se eksperyans yon lutte pèpetyèl
C'est la prophétie
Achte, peye nou tout gen pou ale
C'est la prophétie
F'òn viv en harmonie pou n sa reyisi
C'est la prophétie
Chase konplèks pou n jwen prospérite

[Horns]

[Chorus]
Veye priye (5X)
Gen lontan depi n'ap kriye
Veye priye
Li lè li tan pou nou konsole
Veye priye
Pa panse bliye sa nou ye
Veye priye
Pa bliye nou se pasaje

[Keyboard solo]
Kizik thci tchi dou dou hmm
Ou wi, ou wi, ou wi
Mezanmi veye priye, L'ap vini

[Chorus]
Veye priye (5x)
Gen lontan depi n'ap kriye
Veye priye
Li lè li tan pou nou konsole
Veye priye
Pa panse bliye sa nou ye
Veye priye
Pa bliye nou se pasaje

Alleluia...

Se sove nanm ou
Amen
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist