Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Warete Lyrics

Go to Warete Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Warete

Intro]
Ou t’ap mande jistis, kounya w’ateri lajistis
Ane sa a kou pou kou

Rasanble, vin tande yon koze
Gade dezòd, gade dezòd nan Djakout la
Han, griyen dan an fini
Gade dosye, gade dosye nan Djakout la
Mèt mande m padon, m’pap kite pou yo

Kote w pase, w’ap fè mechanste
Chita pale fanm mal, pran pòz ou s’on macho
E poutan ou pran kout pitit deyò
Ak tout papye divòs
Tèt ou fin pati

Ay, ou tonbe nan tout move zafè
Al fè deal ak tout kò malfektè

Hey, lajistis jwenn dosye w ti pòk - Ou mele
Yo voye manda ou oblije prezante - Oh oh, ou mele
Aprè jijman ou vin kondane - Ou mele
Pouchon tu es méchant - Oh oh
Sa w plante, se li w rekòlte

Yes..nouvèl la tout kote,
Pouchon nan kidnaping
Pouchon kidnapè (2x)
Ayiti men bon nouvèl
Pouchon kidnapè
Wa, wa kite volè

W’arete, penitansye tèt dwat

Mache Ti Tony

Li nan tout jounal
Pouchon kidnapè
M’pa vle tande twip
Pouchon kidnapè
Digicel
Pouchon kidnapè
Wa, wa kite volè

W’arete, penitansye tèt dwat

Pwovèb la di: “Bat chyen an, tann mèt li”
Pote menòt (3x)
Podopo

[Guitar groove]
Weee, oh oh
Alo Bouboul ouvè kò w, ou chanpyon

Pwovèb la di: “Bat chyen an, tann mèt li”
Pote menòt (3x)
Podopo

[Guitar groove]
Weee, oh oh
HL Construction, bon bagay
W’a kite, w’a kite frekan

Melodi...
Siye dlo nan je w
Pote Kleenex pou li
E poko kriye w sa
Siye siye

Yo fè, yo fè wi yo fè bagay
Yo fè, yo fè vye bagay
Yo fè, yo fè, wi yo fè bagay
Yo nan kidnaping
Yo nan zokiki
Yo nan blanchisman se vre
Yo kou on ban chyen peyi
Epi yo pa jwenn zo, yo goumen antre yo

Sa w swete pou bèlmè w, se manman w li rive
Se sa w swete pou bòpè w, se papa w li rive
Sa w swete pou zanmi w, se ou menm li rive
Sa w swete pou T-Vice, se Djakout li rive
Tonèr....

Oh...ah
Oh...yo ah ah

Tande..
Vice la tèlman cho - Wey
Li tounen on vòlkan - Wey
Pa kanpe devan l - Wey
W’ap fout boule - Biw
Eksploze sou yo - Biw
Wi sote sou yo - Biw
Eksploze sou yo - Biw
Gad’on chalè

Leve mayo
Leve kaskèt
Leve mouchwa
Vire yo (4x)

Oh oh, eya eya
MSC Plus, bwa pa m pi bon
Oh oh, eya eya
Oh oh

Vice la tèlman cho - Wey
Li tounen on vòlkan - Wey
Pa kanpe devan l -Wey
W’ap fout boule - Biw
Eksploze sou yo - Biw
Wi sote sou yo - Biw
Eksploze sou yo - Biw
Gad’on chalè

Leve mayo
Leve kaskèt
Leve mouchwa
Vire yo (4x)

Oh oh, eya eya
Mick Avin m’te pale yo
Rhum Barbancourt
Oh oh eya, eya
Oh oh

Bon ban m pale de peyi m
Tout Ayisyen k renmen peyi a, an n ale

Ayisyen Ayisyen - Wey
Depi w renmen peyi w - Wey
Depi w pa nan volè - Wey
Leve de men n anlè, souke yo

Bay Ayiti yon chans
Tout sa k pa vle n vanse yo
Bay Ayiti yon chans

Ayisyen Ayisyen - Wey
Depi w renmen peyi w - Wey
Depi w pa nan volè - Wey
Leve de men n anlè, souke yo

Bay Ayiti yon chans
Tout blofè yo
Bay Ayiti yon chans

Bon, le peup, piyay la fini, m’repran tronbòn mwen
Lage l

[Trombone groove]

Zobodobo

Depi w pa mèt Beton, avanse ban m pase
Si w pa rele T-Vice, avanse ban m pase
Depi w pa rose et jaune, avanse ban m pase
Avanse ban m pase, avanse ban m pase
Hip hip, rale kò w, avanse ban m pase
An n chante...

Zobodobo

Si w pa mèt beton, avanse ban m pase
Depi w kanpe anfas, avanse ban m pase
Depi w pa bon bagay la, avanse ban m pase
Si w pa rose et jaune, avanse ban m pase
Compas Market, men mèt beton an, avanse ban m pase
Hip hip

Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
Epa kounya (4x)

Oh oh
Juju, sousi kadnase, kè sote
Oh oh
Sogener

Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
Epa kounya (4x)

Oh oh
Ki mele dada m
Oh oh
Mache, mache, se tchap tchap tchap tchap tchap
Konsa...

[SKIT]

[Roberto]
Chelo, sa m tande a, e verite?

[Chelo]
Ah Bèto, pawòl sa a pi fò k’on verite, sa a s’on veri kafe Bèto
Ou konn pou kisa Khekhe te fè vye mizik sa a?
Se paske paran Fofo pat vle l wi tonè

[Roberto]
E byen, djaz sa a au féminin?

[Chelo]
Kòm kanaval la tonbe pou St. Valentin ane sa a
Fofo et Khekhe, vous êtes libre d’aimer

Yes..nouvèl la tout kote
Pouchon nan kidnaping

Pouchon kidnapè
Pito m emosyonèl, m’pa kidnapè
Pouchon kidnapè...ohhh
Pouchon kidnapè
Wa, wa kite volè

W’arete, penitansye tèt dwat

Pwovèb la di: “Bat chyen an, tann mèt li”
Pote menòt (3x)
Podopo

[Guitar groove]
Weee, oh oh

Evens Jean, men gita lari a
Dream Promo
Pi rèd, pi rèd

[Trombone groove]

Zobopobo
Criolito

Depi w pa mèt Beton, avanse ban m pase
Si w pa rele T-Vice, avanse ban m pase
Depi w pa rose et jaune, avanse ban m pase
Avanse ban m pase, avanse ban m pase
Hip hip, rale kò w, avanse ban m pase

Gen sa ki pral fache, ki pral vle boykote m
Epa kounya (4x)

Oh oh

Secom Rent a Car, bon bagay la
HPS
Shabibi, soumoun pa vle di popilè
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist