Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Nouvo Defi (Repanse Kanaval La) Lyrics

Go to Nouvo Defi (Repanse Kanaval La) Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Nouvo Defi (Repanse Kanaval La)

Gen de zanmi kap vini wè m sa ma bayo ?
Kèk etranje kap pase wè m sa ma bayo
Sa ma bayo, sa ma bayo
Chage atis nan lakou a, jwe mizik bayo

Gen de zanmi kap vini wè m sa ma bayo
Kèk etranje kap pase wè m sa ma bayo
Sa ma bayo, sa ma bayo
Nou plen powèt na lakou a - fè pwezi bayo
Pa manke pent nan lakou a - fè tablo bayo

Oh ayiti, Perle des antilles
Djakout ou chaje richès kiltirèl
Peyi pwezi, dans ak penti
Mizik, literati ou plen potansyèl
Nou dakò sou sa kilti nou vo
Men n pa fè efò metel piwo
Epi nou sezi wè atis nou yo
Pa nan on lòt nivo

Mennm kanaval nan yon kafou
Fon'n repansel sinon n ka fou
Lòt kote fè l pou yo van
Men n’ pa aprann ( nou pa vle aprann)
Se pa sa kanaval te ye
Ni sa pas konsa li ta dwe ye ( remanyen kanaval la)
Mwen poukom mpa ka chanjel
Men map eseye

Sa kanaval koute?
Li koute gwo lajan, mobilizasyon , l koute deplasman
Kisa'l rapòte?
Li pote defoulman, l pote kè kontan, pou yon ti moman
Kisa sa ta koute ( pou repansel?)
Yon leta tankou lot peyi
Ki dwe investi pou pwofi
Yon gwoup atis, yon lot visyon
Ki pare pou leve nouvo defi
Men nouvo defi a, Repanse kanaval

Ohoo ooo ooo ooo
Nou bezwen on komite pèmanan
Mwen ta renmen mennen pitit mwen nan kanaval
Men se pa kounyaa, pa nan gè saa mwen we laa, la gè de desibèl

Channmas edem salye Wa yo
Black Alex ( Wa kanaval)
Black Easy, Erick Charles ( Wa Kanaval)
Samba Kessy ( wa kanaval)
Azor ( mwen sonje nou mesye)
Ochan, Respè pou nou

Leve men yo (He !)
Bese men yo
Salye wa yo
Respè pou yo
Rete chapo
Leve mayo
Flote drapo
Ochan pou yo

Kanaval nan yon kafou ( Handzup Group)
Fon'n repansel sinon nka fou ( Nati Naval)
Lòt kote fèl pou yo van
Men n’ pa aprann ( nou pa vle aprann)
Se pa sa kanaval te ye
Ni sa pas konsa li ta dwe ye ( remanyen kanaval la)
Mwen poukom mpa ka chanjel
Men map eseye

Sa kanaval koute?
Li koute gwo lajan, mobilizasyon , l koute deplasman
Kisa'l rapòte?
Li pote defoulman, lpote kè kontan, pou yon ti moman
Poun chanjel, kisa sa ta koute ?
Yon leta tankou lot peyi
Ki dwe investi pou pwofi
Yon gwoup atis, yon lot visyon ( Plezi Kanaval)
Ki pare pou leve nouvo defi ( repanse kanaval)

SKAPA ( SEKTE KILTIREL AYISYEN POU AYITI)
Pa gen anyen nou paka fè laaa non mesye
BélOmusic
Bon ki plas nou bay timoun nan kanaval la janl ye la ?
Okay, Jeremie, kavayon, Gransid, Grandans
Nou se wozo, nou pliye men nou pap kase
BelO B’k disa
Ayiti se on peyi kiltirèl
Esansyèlman kiltirèl
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist