Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Aba Blabla Lyrics

Go to Aba Blabla Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Aba Blabla


Zafè m pa zafè w – oh oh
Pa bezwen frape, ou pap antre – oh oh
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla

Nou pale menm lè n pa gen anyen pou n rakonte
Nou pale san konnen konsekans sa ka pote
Nou pale pou nou deranje meditasyon
Nou pale sa n pa fè atansyon
Lè mwen fè yon mal ou jwenn yon rezon pou pale
E lè mwen fè yon byen, tan w pa pale ou depale
Mizik sa a se fason pa m pou m mande n envestige (oh oh)
Avan nou jije, oh oh, pito n pa pale

Pale pale, moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Yo pale depale yo pale depale yo pale

Tizon Difè a konstate ke bò isit nou renmen pale pale
Lang nou tounen matinèt nan do lòt la pou n kale kale
Sou pretèks ke gen pawòl men pa gen bouch
Nou mete piman, nou mete sèl jouk nou fè kònè tounen touch touch
Gen moun jis pou yo fè tèt yo plezi, yo blablabla
Gen lòt jis pou mezire w nan fo mezi, yo blablabla
Machann gaz niche dwèt alevwa pou machann siwo
Ou vle trete m tankou kapèt, men m son po flè sou biwo

J Perry ak BIC Tizon Difè

Aba blabla blablabla
Aba blabla
Playlist Music Red Blue Iconplaylist