Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Detripay Lyrics

Go to Detripay Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Detripay

[Refrain]
Kloutoup-kloutap, miwo miba
Klopi-klopan, nou tèt anba
N'ap tatònen, je n nan fènwa
N'ap monte mòn sou janm-de-bwa

[Verse 1]
Lanvè nan dwèt, douvan dèyè
Rèv depaman, twòkèt malè
Kazak ranyon, karako sal
Kòlèt debraye, jwèt bosal
Yon kout kleren nou an zig-zag
Lavi yon pèp tounen yon blag
Vètij grenpe tèt Maryela
Poto san fil jwen madigra

Li anòmal, men li nòmal
Yon lamayòt nan kanaval
Yon kadejak, sou yon pope twal
Yon pi d'etwal nan plas zètwal

[Refrain]
Kloutoup-kloutap, miwo miba
Klopi-klopan, nou tèt anba
N'ap tatònen, je n nan fènwa
N'ap monte mòn sou janm-de-bwa

[Verse 2]
Ti fi douz an k'ap fè twotwa
Anfans yo make ak kout ba
Yon ti flè k' pandye nan kochma
K'ap bouske lavi nan fatra
Timoun k'ap drive nan lari
Yon kò k' poko menm finn grandi
K'ap vann plezi, pran maladi
Kase lè zo anba galri

Fò'n ta ekri sa nan listwa
Doulè k' nan ren mache anba
Inosans vann nan bak lavil
Barèt, riban ou poupe fil

[Vamp]
Gade dezòd nan lakou a (Mezanmi l'pa nòmal)
Pwoblèm nan lakou a (Mezanmi l'pa nòmal)
Gade dezòd nan lakou a (Mezanmi l'pa nòmal)
Pwoblèm nan lakou m nan (Mezanmi l'pa nòmal)

Li pa nòmal (8x)
Men pwoblèm yo la
Pwoblèm yo mare pye nou...
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist