Song Fanm Kreyol Lyrics
- Views: 1123
Go to Fanm Kreyol Music to listen to music while reading the lyrics
Lyrics of Music Fanm Kreyol
Jou ap pase, laj ap monteOu toujou la, ou toujou kenbe
On dirè ou pa janm bouke (manman)
Malgre tout mizè ou pase ou kenbe
Douvanjou ou gentan sou de pye’w
De timoun ap kriye nan pye’w
You’n sou do’w, fo’w al chache lavi
Wi i, wale riske lavi
A chak fwa lè’m gade’w mwen santi mwen ta pataje doulè’w
Ou gen kouraj ou pa pale tout moun ka wè sa mizè fè’w
Ou gen kouraj (anpil..)
Ou pase tray (anpil..)
Ou ka lite (anpil..)
Ou gen fyète e e …
Douvanjou ou gentan sou de pye’w
De timoun ap kriye nan pye’w
You’n sou do’w, fo’w al chache lavi
Wi i, wale riske lavi
Sou do kamyon…
Nan kwabosal…
Nan faktori
Fanm kreyòl
Mwen wete chapo douvan..
Fanm kreyòl
Bondye di yon mo pou tout
Fanm kreyòl
Mwen voye yon bo pou tout
Fanm kreyòl
Jou ap pase, laj ap monte
Ou toujou la, ou toujou kenbe
On dirè ou pa janm bouke (manman)
Malgre tout mizè ou pase
Ou kenbe (4 fois)
Fanm kreyòl
Douvanjou ou gentan sou de pye’w
Fanm kreyòl
De timoun ap kriye nan pye’w
Fanm kreyòl
You’n sou do’w, fò’w al chache lavi
Wi i, wale riske lavi
Today's Media Activities
Like us on Facebook