Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Souvenir Lyrics

Go to Souvenir Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Souvenir

Souveni w boulvèse tèt mwen lespri mwen
Souveni w fè kè m lou trè lou ak chagren
Se vre jodya ou pa nan vi mwen
Sikatris lanmou rete pou demen

Se vre lavi nou toulède pran on lòt direksyon
Men n ka toujou pataje menm pasyon
Malgre tout sak ki fin rive mwen toujou renmen w
Nou separe men santiman m rete
Map kontinye priye
Les anges ak tout les saints pou montrem chimen
Map kontinye rele - kontinye rele
Pour les ange ak les sen montrem chimen.

Se vre lavi nou toulède pran on lòt direksyon
Men n ka toujou pataje menm pasyon
Malgre tout sak ki fin rive mwen toujou renmen w
Nou separe men santiman m rete
Map kontinye kriye
Tout tan tout dlo na je m pa fin seche.
Map kontinye kriye – kontinye kriye
Tout tan tout dlo na je m pa fin seche.

Ou se yon istwa, yon istwa ke gòm lavi a pap janm efase
Menm si ou pa bokote mwen
Si ou rankontre li, wap di li santiman m pou li pap janm chanje
Menm si lavi separe nou

Ou se yon istwa, yon istwa ke gòm lavi a pap janm efase
Menm si ou pa bokote mwen
Si ou rankontre li, wap di li santiman m pou li pap janm chanje
Menm si lavi separe nou

[Choir]
Aye ya ya aye ya ya ya
Mwen sonje mwen sonje
Souveni w domine panse mwen tout tan
Aye ya ya aye ya ya ya
Mwen sonje mwen sonje
Tout san m te kon fè lontan lontan

Touchem dous

Kòman w ta vle pou m bliye yon moun tankou w baby
Gen de mizik chak tan l jwe ki fè dlo koule nan je m
Separasyon n se mizè soufrans sèlman l pote
Pat janm panse renmen te ka fè n fè tenten

Map toujou sonje w – gade mizè
Mwen pap janm ka Bliyew ohh ohh
Map toujou sonje w - Menm si m ap viv konnen w’ manke m
Mwen pap janm ka Bliye w ohh ohh

Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist