Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Klodet Lyrics

Go to Klodet Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Klodet

Yon nan pi gwo rèv ke mwen genyen
Se pou’m fè vi’m avè’w
Yon nan vizyon pa‘m pou demen
Se pou’m vyeyi nan men’w
Ou pa yon fanm fasil
Kant-a-sa ou toujou di’l
E mwen renmen’w anpil
Viv lwen’w difisil
Mpanse avèw nan nwit kou lajounen
Paske se ou’m renmen
Mwen priye Bondye nan non tout Sen
Pou’l mete’n sou menm chimen
Ou bouke fè’m mache
Pou’m ka dekouraje
Pou’m ka dezespere
Pou’m abandone
E poutan e poutan
Se ou’m renmen

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

Se tankou yon tè sèk kap tann lapli
Map tann pou deside banm men’’w
M’preske fou, m’san lè pou’m pran lari
Chak jou’m leve map di’w m’renmen’w
Tou patou moun yo ap relem krezi
Se mwen sèl ki konn janm bezwen’w
M’aksepte pou lanmou’m map soufri
Franchman’m santi’m pa lwen mouri
M’pa kapab ankò, tanpri f’on jèfò
Si’w pa vle responsab yon krim
Lanmou sa twò fò, mwen vle wè lanmò
Se ou sèl mwen vle nan lavi’m
Tout tan… pou tout tan
Paske se ou’m renmen

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

[Bridge]
Se ou’m renmen Klodèt
Se ou’m mwen vle Dèdèt
Pa gen sakrifis ke mwen pap fè pou ou
Mwen ka ipoteke lavi’m pou lanmou ou
Bay plas mwen nan paradi si se pou ou,
Si se pou ou paske se ou mwen vle

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

Klodèt, klodèt, se ou ’m renmen
Klodèt, klodèt, se ou mwen vle

Ou se fanm ke mwen renmen
Ou se moun mwen pi bezwen
Ou pa vle lonje’m la men
Ou fè’ konm si’w pa wè kè’m kap pèdi fren
Ou wè’m ou chanje chimen
Ou lage mwen nan chagren
Ou fè kòmsi’w pa konnen
Ke map espere’w lannwit kou lajounen
Playlist Music Red Blue Iconplaylist