Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Pap Negosye Lyrics

Go to Pap Negosye Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Pap Negosye

Mwen se yon nonm
Ki toujou poze sanm
Poutan mwen byen gen nanm
Mwen kon yon black woman
Ki di’m mwen pa djanm
Djanm
Ala’m konnen’m son don
Pou jan mwen renmen fanm
Menm pran ti prekosyon’m
Pou’m pa pwan kabann

Twò presse, pa fouti fè jou louvri
Mwen kon enpòtans lavi
M’pa vle tonbe nan kouri
Sa fè’m reflechi

Mwen pap negosye si’l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Men’m si egare m’pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou’m wè’l se danje
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans

Mwen pa anvi negosye non non non
Mwen pa santi’m oblije non
Pa ensiste

Pa touye tèt ou nan pwav
Pou lè piman pap chè
Gen de plezi se antrav
Pran tèt ou mon chè
Fò’w pa sèlman gade sou botel
Sak pou ou anyen paka bwotel
Mwen ka konpran ke manmzèl atire’w
Men fò’w pran san’w pou malè pa rive’w
Yon minit refleksyon kapab ba’w lavi
Plezi san proteksyon lage’w nan kouri

Mwen pap negosye si’l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Menm si egare m’pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou’m wè’l se danje
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans

Mwen pa anvi negosiye non non non
Mwen pa santi’m oblije non
Pa ensiste

Mwen pa anvi negosiye non non non
Mwen pa santi’m oblije non
Pa ensiste

[Bridge]
Mwen jèn gason, avni’m nan men’m
Se mwen’k pou mennen’l
M’pa gen dwa negosye’l
Abstinans ou byen fidelite
Epi kapòt pou tout sa’k vle
Men pa negosye….

Mwen se yon nonm
Ki toujou poze sanm
Poutan mwen byen gen nanm
Mwen kon yon black woman
Ki di’m mwen pa djanm
Djanm
Ala’m konnen’m son don
Pou jan mwen renmen fanm
Menm pran ti prekosyon’m
Pou’m pa pwan kabann

Twò presse, pa fouti fè jou louvri
Mwen kon enpòtans lavi
M’pa vle tonbe nan kouri
Sa fè’m reflechi

Mwen pap negosye si’l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Men’m si egare m’pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou’m wè’l se danje
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans
Menm si’m fè’w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans

Mwen pa anvi negosye non non non
Mwen pa santi’m oblije non
Pa ensiste

Mwen pa anvi negosye non non non
Mwen pa santi’m oblije non
Pa ensiste
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist