Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Potoprens Lyrics

Go to Potoprens Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Potoprens

Si ou pa prese
An’n fè yon ti koze
M chita m’ap gade w
Sanble se tout bon bwa mare
Pòtoprens kouman sa ye?
Ban m nouvèl gran ri
Boulva Jan Jak Desalin
Kòman wè bòdmè
Pale m de lasalin
Pòtoprens adje Bondye
Eske jou koulye
Ti nèg ap pise sou pye madan kolo?
Eske jou koulye
Si’l fè yon ti farinay nou nan dlo?
Eske jou koulye
Timoun ap snife siman nan bokal?
Si se konsa nou poko nòmal

Pòtoprens kapital
Pòtoprens tèt fè mal
Pòtoprens chabon dife
Pòtoprens Kosovo
Pòtoprens mafyozo
Pòtoprens pil fatra
Pòtoprens an reta
Pòtoprens agonize
Pòtoprens deplimen
Pòtoprens anvlimen

Yo di m gen pwoblèm
Twòp timoun ak alimèt
M oblije mande
Eske vil sa pa gen grandèt?
Pòtoprens fòk nou pale
Yo di m gen yon fanfa
Vyolans sèl maestro
Fizi ap chante
Refren dolby stereo
Pòtoprens adye Bondye

Eske jou koulye
Ti fifi ap kouche pou plat manje?
Eske jou koulye
Jenès la se yon fizi chaje?
Eske jou koulye
Frè avèk sè ap kwaze lepe?
Si se konsa nou bezwen chanje

Pòtoprens kapital
Pòtoprens tèt fè mal
Pòtoprens chabon dife
Pòtoprens Kosovo
Pòtoprens mafyozo
Pòtoprens pil fatra
Pòtoprens an reta
Pòtoprens agonize
Pòtoprens deplimen
Pòtoprens anvlimen

Ou chita men nan machwè
W’ap tchuipe lavi
Depi sou prezidan bann machwè
Tout rèv ou yo rabi
Kiyès ki ta va di
Pòtoprens ta va sa li ye jodi
M tande rè l ou
M pran sant ou
Kouraj m’ap priye pou ou

Pòtoprens kapital
Pòtoprens tèt fè mal
Pòtoprens chabon dife
Pòtoprens Kosovo
Pòtoprens mafyozo
Pòtoprens pil fatra
Pòtoprens an reta
Pòtoprens agonize
Pòtoprens deplimen
Pòtoprens anvlimen
[2x]
Playlist Music Red Blue Iconplaylist