Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Pouki Flex Manke m Lyrics

Go to Pouki Flex Manke m Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Pouki Flex Manke m

[Intro]
2016 fè 16 an depi m ap demoli beat
Si ou gen 13 an, ou potko fèt lè m ta p fè hit
M te kòmanse nan Flex, e m te tanmen konsa:
Si l twò cho soufle l
Si l twò frèt chofe l
Si l twò sèk wouze l
Jodi a King D pa la, se BIC k ap separe l

[Verse 1]
Pouki fezè nat fè nat li dòmi atè?
Pouki sou latè lavi nou sou kontwòl tankou on kontè?
Pouki apre 50 an nou prèske mi pou anba tè?
Pouki gen moman nan lavi sèl solisyon se yon kanntè?
Pouki se mwen ki mwen, pouki Adam pa Eve?
Pouki depi m fèt jou k jounnen jodi m toujou nan rèv?
Pouki kòfrefò fè nègrès bliye tabliye?
Pouki poulè kòkòt fè tinèg bliye soupoudre?
Pouki yo pa janm bay enpòtans a sa yo wè,
Men yo pran san yo pou yo jete dlo pou sa yo pa wè yo?
Pouki noumenm lòm nan je Bondye n si enpòtan,
Men sepansan tout zanmimo yo, yo te kreye avan?
Poukisa yo mete pwen nan tout fraz ki fini?
Poukisa un plus un donne deux, ça tend vers l’infini?
Poukisa il y a les poules, parallèlement les malfinis?
Poukisa se lemond anyte k ap fin depafini
Pouki ou wè jou anvan m?
Di m non sa k ap pase? Pale avè m non
Pouki ti nana pèdi lòlòj devan de twa po pyas?
Sa k gen nan lòj?
Pouki mizè toujou kenbe n nan gòj?
Pouki depi l piti Ti Jak ap mache pabak?
Pouki timoun gen memwa makak, lavi m g on koulè boustabak?
Sa k ap pase?
Pouki depi mwen fèt m ap pase m ap ranse?
M te sou yon lanse, ede m souple, ki van sa a k ap soufle?
Pouki mizè fè m depale?
Poukisa wòch yo pa pale?

[Hook]
Poukisa Flex toujou manke m
Richard Senecal, King D, nou manke mwen
John Mogène, Patrick nou manke mwen
Mwen fè anpil bagay, men Flex toujou manke mwen

[Verse 2]
Pouki gen radyo k pa peye animatè yo ki fè se sou atis Ayisyen yo vin geri bosko yo?
Pouki leta toujou danse mizik atis yo men li pa janm fè anyen pou atis yo ka viv de èv yo?
De men anlè, brase ren sou mizik atis yo
Nan fèt prive, kanaval se mizik atis yo
Nan fèt chanpèt, nan festival mizik atis yo
Malgre sa yo mande touche pou yo woule atis yo
Pouki boutlèg la pa revòlte pèsonn tou?
Pouki on chantè prezidan pa di anyen pou nou tou?
Dezòmè piga pèsonn di l se fanatik mwen si apre 6 albòm li pa g on orijinal tou
Sa ka fè m sanble maledve, men kijan pou yon pen gwosi si w pa mete leven hein?
Pouki ou achte radyo pou jwe mizik, men ou pa achte mizik pou met jwe nan radio a?
Pouki manchèt Tizon Dife a toujou file?
Pouki apre 16 an vokabilè toujou ap defile?
Pouki Vokabi-Lari bay rapè yo kè sote?
M pa vin pran plas pèsonn, se yon diplis mwen vin pote

[Hook]
Poukisa Flex toujou manke m
Richard Senecal, King D, nou manke mwen
John Mogène, Patrick nou manke mwen
Mwen fè anpil bagay, men Flex toujou manke mwen

[Outro]
Si l twò cho soufle l
Si l twò frèt chofe l
Si l twò sèk wouze l
BIC Tizon Dife
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist