Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Kase Ti Bwa Lyrics

Go to Kase Ti Bwa Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Kase Ti Bwa

Ay ayayay, wayayay wayayay

Timoun tou piti k'ape fè lago
Jwe kach-kach liben kay jeran Bruno
Ansanm larivyè n'konn al chèche dlo
Benyen toutouni, san chòt san mayo
A lepòk nou pa menm konsyan
Anyen pat enpòtan
Nou just t'ap fè ti “jeu d'enfant”
De tan twa mouvan, nou vin gran
Ou demwazèl, mwen jenjan
Bagay yo vin diferan
M'rele w, ou pa sou bò m
Vle kite m pou kò mwen
M'oblje ap kase ti bwa nan zòrèy ou
Kase, kase, ti bwa m'ap kase

Way wayayay wayayayay yayay

Se konsa lè lanmou simen
Menm si li pran tan pou'l jèmen
Ba l' aveksyon l'ap boujonnen
Avec le temps, li pral donnen
Gade kijan sa koumanse nan kenbe men
Paske n t'ansanm tout lajounen
Nan fè ti jwèt manman, papa nou vin renmen
Kounya w endispansab pou mwen
Se vre w pat janm okipe m, ou pat pran m au serieux
Kounye a ou anvi demake mwen
Pap sèmante, men an verite m'pap janm kite w ale
Se pou sa m'ap kase ti bwa nan zòrèy ou
Kase, kase ti bwa m'ap kase

Way wayayay wayayayay yayay

[BIC]
Tizon dife di way wayayay
Remò ap touye m pase m'pa tabak ki nan pip ou
Way wayayay, m'pa menm jenerik final nan klip ou
Woy, mwen te gentan reve de ou komè
Mwen te gentan wè mandanm ak mouche
M'te gentan fe pwojè pou ou tonnè
M'te gentan wè nan do m wap kouche
Wayayay, gad jan afè m mal pase
Wa a a a a a yay, BéLO di ede m chante souple

Kase, kase ti bwa m'ap kase
BéLO ak BIC tizon dife
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist