Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Lapli Vini Lyrics

Go to Lapli Vini Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Lapli Vini

[Intro]
E e e eya papa

[Hook]
Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon

[Verse 1]
Bout mamit, pye recho
Sachè nwa, sachè dlo
Bòl emaye, kèp fresko
Lari a bouke
Kawotchou, po mango nan lari
Drivayè, chomeko nan lari
Bon samariten, bizango
Lari a bouke
Kenedi, chen janbe
Babekyou, tèt poupe – tonnè
Retay tòl, bwat treto anba jipon Madan Kolo

[Hook]
Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon

[Verse 2]
Rès machin, po katouch
Dlo bidèt, dlo bouch
Sab lanmè, tèt gravye
Lari a bouke
Rès kadav, grès balèn
Titanyen, Bwadchèn
Vye bourèt, vye pòslèn
Lari a bouke
Barikad, polis kanpe
Asfalt k ap tranpe
Wout nasyonal defonse
Lari a bouke

[Hook]
Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon

[Verse 3]
Lari Pòtoprens bouke (Li bouke)
Lari Jeremi bouke (Li bouke)
Lari Kap Ayisyen bouke (Li boupe)
Tout riyèl yo, tout granri yo, tout enpas yo bouke

[Hook]
Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon
Playlist Music Red Blue Iconplaylist