Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Manman ak Manmi Lyrics

Go to Manman ak Manmi Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Manman ak Manmi

[Chorus]
Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la
Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a
Tikè a valab pou 2, 2 pye m nan on grenn soulye
Mwen anvi ale avèk madanm mwen
M anvi mennen manman m tou
E e e

[Verse 1]
Nou rele madanm nou manmi, men manmi nou pa manman nou
Youn pote nou nan vant, lòt la pote pitit nou
Pa gen youn ki pi enpòtan ke lòt
Menm si gen malandren ki bay nenpòt nan yo kalòt
Manman se limenm ki bay lavi
Manmi se limenm ki ede nou jwi lavi
Donk pa janm swete pou ta nan plas on nèg k ap chwazi ant manman ou manmi pou rantre nan paradi
Gen nèg ki renmen manman men k pa renmen manmi
Gen nèg menm ki renmen manmi men ki pa renmen manman
Manman manmi, manmi manman – tou 2 se kè m
E m resève yon bagay pou yo chak nan bwat sekrè m

[Chorus]
Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la
Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a
Tikè a valab pou 2, 2 pye m nan on grenn soulye
Mwen anvi ale avèk madanm mwen
M anvi mennen manman m tou
E e e

[Verse 2]
On nèg ki pa leve ak manman, ou pèdi
On nèg ki gen on move manmi, ou modi
On nèg k ap leve men sou fanm, ou gen kè di
On nèg k ap dòmi san manmi se manje fredi
Manman w se manmi papa w oubyen bòpè w
Manmi w se manman fanm ou, se on bò kè w
Manman manman w se grann
Si l ta mouri, pa bliye lè w pa gen manman, ou ka tete manmi
Ni manman, ni manmi yo toulède enpòtan
Demele w kou mèt janjak pou fè kè toulède kontan
Pa jete youn pou lòt, pa jete lòt pou youn
Si 2 bra pa sifi, aji kou dèzòm pòtan
Manman w se manmi papa w oubyen bòpè w
Manmi w se manman fanm ou, se on bò kè w
Manman manman w se grann
Si l ta mouri, pa bliye lè w pa gen manman, ou ka tete manmi

E e e

[Chorus]
Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la
Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a
Tikè a valab pou 2, 2 pye m nan on grenn soulye
Mwen anvi ale avèk madanm mwen
M anvi mennen manman m tou
E e e
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist