Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Nou Vle Lyrics

Go to Nou Vle Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Nou Vle

[Chorus]
Nou vle nou vle pou peyi nou chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou vin bèl vin dous pou pitit li yo

Nou vle nou vle pou peyi nou chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou vin bèl vin dous pou pitit li yo

[Verse 1]
Nou pa nan pale Franse ni pale met la
Nou vle travay pou nou pran libète nou
Nou pa vle politisyen k’ap sèvi avè nou
Pou yo sa rich, pou lagwa, pou kòz pa yo
Peyi n malad, li kouche, fòk nou ba l lavi
Avèk pasyans, konesans n’a trete li
Nou pa vle bann demagog k’ap vinn pou bafwe nou
Nou vle teknisyen ki konn pou yo met men

[Bridge]
Ansanm, ansanm n’ap antere tout vye manyè nou
Ansanm, ansanm n’ap netwaye konsyans ki sal yo

[Verse 2]
Tout sa k’ap tann, sa k dekouraje
Sa k pè lite, tout moun angaje
Pou n delivre, fò n chita panse
Pou n mezire, longè nou mare
Fò nou jwenn yon jan pou n kase kòd

[Chorus]
Nou vle nou vle pou peyi nou chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou vin bèl vin dous pou pitit li yo

[Verse 3]
Nou deside pou peyi nou chanje figi
Avèk lafwa ak kouraj ak fòs pa nou
Lè a rive pou n met men, fò n vide djakout nou
Pou n ka montre sa n pote, kisa n konn fè
Nou pa bezwen diktati k’ap detwi lavi
Ni pèsonn moun ki konprann li se Bondye
Respè youn gen pou lòt va fè tout men kontre
Pa gen ni zam ni mechan k’a reziste

[Bridge]
Ansanm, ansanm n’ap antere tout vye manyè nou
Ansanm, ansanm n’ap netwaye konsyans ki sal yo

[Verse 4]
Jean kandida, Joseph kandida, Emile kandida
Tout vle prezidan
Pa gen pèsonn ki ka delivre n
S’on tèt ansanm ki premye remèd
Si nou kole tèt n’a jwenn chimen

[Chorus]
Nou vle nou vle pou peyi nou chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou vin bèl vin dous pou pitit li yo

Nou vle nou vle pou peyi nou chanje chanje ak diyite
Pouki pouki pou nou kopye sa lòt kote fin rejete
Nou vle nou vle pou peyi nou vin bèl vin dous pou pitit li yo

nou vle wi nou vle pou peyi n chanje
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist