Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Yanvalou Lyrics

Go to Yanvalou Music to listen to music while reading the lyrics Also, lyrics has LRC Format ( ex: [02:10.30]Line 1 ), which means they are synchronized line by line with Yanvalou Music. And you can download the LRC file in the music page.

Lyrics of Music Yanvalou

[ar:Renette Desir (Netty)]
[ti:Yanvalou]
[length:4:37.00]
[by:Megalobiz]
[re:www.megalobiz.com/lrc/maker]
[ve:1.0]
Tout rekòl la fin keyi
Mayi fin seche sou glasi
Manchèt ak kouto digo
Prale resi pran yon repo
Sa pa vle di afè li bon
Aprè rekòl se mòd sezon

Anba tonèl kay Mini
Tout abitan yo reyini
Gen yon tchaka sou dife
Yon diri blan k'ape toufe
Yon te jenjanm k'ap sikile
Nan de twa gòdèt emaye

Chak moun gen yon istwa
Gen yon koze pou li rakonte
Men lè li vin fè nwa
S'on tanbou ou tande ki leve

O Yanvalou Yanvalou
Pou yon ti moman w' fe nou bliye
Tout traka tout mize nou pase
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou gras a ou
Nou kapab pran ti plezi nou tou
Menm si n pa gen lajan pou n' jete
Sèl bagay nou bezwen pou n' danse

S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
S'on fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Sa konn rive pafwa
Yon ti mizik ki soti nan bwa
Yon lè avek yon lon
Ou tande l'ap vin jwe nan salon

O Yanvalou Yanvalou
Si janmè yon jou sa ta rive
Pa bliye ki kote w' te leve
Do nan solèy ak pye nan labou
O Yanvalou mwen pa di
Ke w' pa gen dwa pou fè lòt zanmi
Men pinga ou kite soulye vèni
Fè w' meprize tonèl kay Mini

Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Ak fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa...

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata eee
Yon pè tanbou ak yon mandouba

Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou yon mandouba
Yon fil banbou... Kata aaa... mandouba eee

Banbou... Kata...
Yon pè tanbou ak yon mandouba
Yon fil banbou ak yon kata
Yon pè tanbou ak yon mandouba
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist