Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Deblozay Lyrics

Go to Deblozay Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Deblozay

M’ekri mizik sa a pou tout moun ki renmen
Tripotay vwazinay, bò lakay, pote bay (allright !)

Moun kanpe sou de ran, gen sa kap grenyen dan
Bagay sa map di’n la a, pase nan riyèl pikan
Vwazinay ap eseye kalme “man Lauran”
Men manmzèl kanpe sou dekan
Eskandal piblik la ri te gentan bloke
Madan Lauran move manmzèl estomake
Men se konsa’l tap pale…
Tout vwazinay ap tande!
Gade monchè Lauran pa pèmèt ou banm kou
Si’w leve men’w sou mwen map pale chèf pou ou
Lè’w konnen’w se nèg ki jalou ou pa damou
Fanm ki se pwa lou ki kapab twop pou ou…

Deblozay…. deblozay…. A y aya ya yay (bis)

Te gen yon zanmi Lauran t’kanpe sou yon balkon
Li anvi desann men’l pè kout baton
Li konnen trè byen ki bwa madanm sa a chofe
A distans lap bay Lauran pawòl pou’l ale
Pou malè pa rive…
G’on vagabon di sak pwan’w†?
Lauran sak pwan’w
Ou sanble leve ak yon madichon nan kò’w
Ou deja konnen madanm nan pa tap pwan sa nan men’w
Pouki wap fè jalouzi, pouki wap bat kò’w
Lauran, sa’k pwan’w
Monchè sa’k pwan’w
Saaa s’on radiyès, sou madanm sa’w leve men’w
Se ou’k fè erè’w, ki lakoz ou nan deblozay

Deblozay…. deblozay…. A y aya ya yay

Si wap okipe vwazinay , yap fè’w fè tenten
Si wap antre nan tout detay, wap toujou nan zen
Si ou tolere tripotay ou pap ka viv byen
Sa ki mete Lauran nan tout sa … se tripotay
Sa ki fè Lauran nan zen saa … se twòp detay
Sa ki mete Lauran nan mera se vwazinay
Tripotay, bò lakay… a yaya ya yay
Gade yon sitiyasyon ki met Lauran nan deran

Deblozay…. deblozay…. A y aya ya yay

Moun kanpe sou de ran, gen sa kap grenyen dan
Bagay sa map di’n la a, pase nan riyèl pikan
Vwazinay ap eseye kalme “man Lauran”
Men manmzèl kanpe sou dekan
Eskandal piblik la ri te gentan bloke
Madan Lauran move manmzèl estomake
Men se konsa’l tap pale…
Tout vwazinay ap tande!
Gade monchè Lauran pa pèmèt ou banm kou
Si’w leve men’w sou mwen map pale chèf pou ou
Lè’w konnen’w se nèg ki jalou ou pa damou
Fanm ki se pwa lou ki kapab twop pou ou…

Deblozay…. deblozay…. A y aya ya yay
O ye
Gade deblozay
O ye
Se fe fot vwazinay
O ye
Kap pot tripotay
Playlist Music Red Blue Iconplaylist