Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Fok Tet Ou La Lyrics

Go to Fok Tet Ou La Music to listen to music while reading the lyrics

Lyrics of Music Fok Tet Ou La

Intro]
Yo yo yo yo
Ou pa renmen’l vre
Its Roody Roodboy
Fantom eklate

[Hook]
Nèg k’ap bwè avè’w k’demake lè yo pral manje
Atè pou’n mete yo
Nèg k’ap vinn ba’w baz sèlman lè’w gen pou depanse
Atè pou’n mete yo
Moun k’antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete
Atè pou’n mete yo
Se mwen, se yo…

[Chorus]
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi gaspiye’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite moun itilize’w
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi detounen’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite zanmi’w yo devye’w

[Roody]
Yo yo
M’pap pale an parabòl, M’pral vinn dwat sou verite a
Nèg k’ap ba’w j’approuve la, Se li menm pou evite a
Yo rele’w boss, Yo rele’w baz, Yo rele’w patron
Kou lajan’w fini granmèsi chyen an s’on kout baton
Fo’w maton, mete tèt ou sou zepòl ou
Y’ap pale’w de pwogram jamè yo pap pale’w de lekòl ou
Lè’m nan pwoblèm mizè’m poukò mwen
Lè’m gen afè’m kite’m jwi li poukò mwen

[Hook]
Nèg k’ap bwè avè’w k’demake lè yo pral manje
Atè pou’n mete yo
Nèg k’ap vinn ba’w baz sèlman lè’w gen pou depanse
Atè pou’n mete yo
Moun k’antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete
Atè pou’n mete yo
Se mwen se yo…

[Chorus]
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi gaspiye’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite moun itilize’w
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi detounen’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite zanmi’w yo devye’w

Ou pa renmenl vre

[Fantom]
Y’ap pran’w pou tou piyay, pou toujou bay, y’ap lave men ou
Use ou tankou kobay, si’w pa met may, enbyen frèm men ou
Pou yo fòk sant mizè ya ta toujou ret anba nen ou
Lè’w te genyen ou tonbe, menm frè’w ka di li pa konnen ou
Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, fè byen se fwèt
Lè’w gen y’ap avèw, y’ap rele mèt, y’ap ba’w tout pawòl pou blanchi’w nèt
Egzanp, mwen menm ki la m’te gen disip ke Jezi Kris
Moman kalmi yo m'pat wè yo youn, yo t’ap viv nan mond jidayis
Travay Bondye fè’m ret nan menm, je’m vinn louvri m’wè s’ak t’atè yo
M’klete pòch mwen, gen sa’k te pwòch mwen, m’dekouvri k’te eksplwatè yo
Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè
M’tou pale’w fòk tèt ou la, pou devan’w pa tounen dèyè’w
Eklate

[Roody]
Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm
Se sak fè mwen pran mizè mwen poukò’m
M'veye, M'priye, M'fè kòmsi m’pa sou bò’n
Letènel m’ap priye li pap janm kite’m poukò’m

[Chorus]
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi gaspiye’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite moun itilize’w
Fòk tèt ou la frè’m
Pa kite zanmi detounen’w
Fòk tèt ou la sè’m
Pa kite zanmi’w yo devye’w

Fòk tèt ou la frè’m...
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist