Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Song Drapo'm Nan Lyrics

Go to Drapo'm Nan Music to listen to music while reading the lyrics Also, lyrics has LRC Format ( ex: [02:10.30]Line 1 ), which means they are synchronized line by line with Drapo'm Nan Music. And you can download the LRC file in the music page.

Lyrics of Music Drapo'm Nan

[ar:Belo]
[ti:Drapo'm Nan]
[length:4:14.00]
[by:Megalobiz]
[re:www.megalobiz.com/lrc/maker]
[ve:1.0]
Drapo’m nan se koulè sann ki te koule pou libète
Koulè po’m yo pa’t vle wè ko’m kwa mwen te yon moun dane
Drapo’m nan se pa’t fasil si’w wè jodia l’egziste
se gran paran’m kite kanpe fas a lepok pi gro lame

drapo’m nan reprezante chanjman listwa limanite
son’w bagay drol ou ka wè’l senp pou tan’l extreman konplike
drapo’m nan se li raple lamerica le mond antye
ayisyen yo pat aksepte pou moun esklav o konn kote

drapo’m nan soti depi nan listwa kijan m’egzite
istwa zansèt nou yo k’te sakrifye yo pou’n ka libere
se pa yon fab se pon’w roman non plus se pa yon kont de fe
se premye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje

[CHORUS]
drapo’m se tankou cheve mwen
m’MèT bal koulè mwen vle vrè koulè pap chanje (vrè koulè pap chanje)
ble e rouj la se pou fyète mwen
ou mèt fè sa vle l’ap rete kole anba po mwen

drapo a pap ka konprann ke jodia nou divize
devise nou l union fait la force men malgre sa n’gen prejije
plizyè tribu uni fos yo pou libere tout yon ras
poutan nou men kom desandan nou separe tet nou an klas

drapo sa te dwe chanje si se eta sa nap rete
li pa gen sans pou nou anko telman nou wè kenn pa sanble
drapo’m nan li lè li tan pou’l repran’n plas li te genyen
menm jan’l teye nan tan lontan pou ta rone ak met ginen

drapo’m nan tankou solèy yo panse k’patap jan’m briye
li raple ke menm jodia se vertyè li te komanse
drapo’m nan pa inkyete’w menm si’w ta wè de fwa’w blaze
yon jou kamen’m fok yo kanpe pou bo’w valè ke’w merite

[CHORUS]
drapo’m se tankou cheve mwen
m’MèT bal koulè mwen vle vrè koulè pap chanje (vrè koulè pap chanje)
ble e rouj la se pou fyète mwen
ou mèt fè sa vle l’ap rete kole anba po mwen

Lap kole anba po mwen
yo jou gen pou rive ya’p sispann pase ou anba pye
wa va jwenn respè ou merite
yap wè ou gen pouvwa simbol liberte

[CHORUS]
drapo’m se tankou cheve mwen
m’MèT bal koulè mwen vle vrè koulè pap chanje (vrè koulè pap chanje)
ble e rouj la se pou fyète mwen
ou mèt fè sa vle l’ap rete kole anba po mwen

li kole anba po mwen (x10)

Drapo’m se fyète’m
e fyè ke’m se ayisyen

ayityanite anba po’m
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist